dimanche 15 février 2009

REZOLISYON 7 FEVRIYE 2009

REZOLISYON RANKONT 7 FEVRIYE 2009

Gwo chita tande te fèt nan jou kite 7 fevriye 2009 nan lakou Miyami Florid espesyalman nan local Copa Club nan lokalite Hallandale Beach. Manm komite ayisyen kap viv lòt bò dlo ak kèk lòt patizan fanmi yan te chita brase lide sou dat sa a. Yo te pase anrevi tout aksyon ki te fèt , ki sa kap fèt jounen jodiya parapò a dat la, e planifye kisa ka gen pou fèt nan tan kap vini yo.

Tèm nan se te: « Brase lide sou 7 fevriye, Nap Vanse Apre Kou Nan Mobilize Tout Fòs Fanmi Lavalas Pou Ayiti al pi Douvan »
Nou te chita reflechi tou sou demach pouki mete an plas pou viktim koudeta 29 fevriye yo jwen dedomajman nan men leta Ayisyen. Pwen cho nan aktyalite ki te mete Lavalas deyò nan kous elektoral la te retni atansyon nou tou pou yon moman.
Apre gwo braselide sa a nou te soti ak yon rezolisyon:
Lè n konsidere :
1 -dat 7 fevriye a se yon dat istorik ki marye e pote revandikasyon mas pèp ayisyen an sou dol
2 - pèp ki òganize pa konn pèdi batay. Nou menm manm komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòtbò Dlo bay tèt nou misyon pou kèlkeswa kote nou ye sou latè pou nou toujou rete soude ak mas pèp la. Nou deside pou kontinye pote piwo flanbo revandikasyon yo ki se dwa tou kretyen vivan: jwen manje, dòmi, jwenn lopital ak lekòl pou pitit yo. Jwi dwa sivik ak politik yo tou, fè pati de òganizasyon ke yo renmen, epi chwazi lidè ke yo vle a.
3 -Depi lontan nap viktim anba tout kalite kou nan men moun ki santi se yo sèlman ki ekziste sou fas tè a. Pitit pèp la mouri anba bal asasen, yo kraze, brize byen moun ki fè pati de mouvman lavalas yo.
4 -yon pèp ki gen inite ak tèt ansanm pa janm pèdi batay. Tout atak kont inite a, se yon atak kont pwojè demokratik popilè a. Atake òganizasyon ki pi fò souteren an se atake pèp la.
5 -Yap sèvi ak divizyon, chire pit kèk manm nan fanmi an pou vann mizè pèp la sou mache entènasyonal. Fouchèt divizyon pa bwè soup eleksyon.


6- Dwa vòt se yon prensip fondamantal tout sosyete demokratik, anpeche dwa sa a se vyole tout règ ak prensip entènasyonal ki ban nou dwa antan ke sitwayen yon nasyon lib e endepandan.
7- KEP Prezidan Preval la chwazi poul mete òganizasyon ki pi fò a deyò nan eleksyon yo.

8 -Lidè òganizasyon an toujou an ekzil, mobilizasyon an dwe kontinye boujonnen toupatou andedan peyi ya poul rive jwen otorizasyon poul retounen vin viv nan peyil. Epi toujou gen

manm fanmi Lavalas ki nan prizon san jije. Yon gouvènman ki di lap fè demokrasi paka gen prisonye politik. Devwa n, se lite pou yo jwenn liberasyon yo prese prese, san kondisyon, san distenksyon. Nap kontinye batay pou retou demokrasi nan peyi a pasifikman.
Nan jou 7 fevriye a, apre tout brase lide ak konsiderasyon sa yo, komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòtbò Dlo pran angajman poul:
1 -Kontinye lite poul pouse revandikasyon pèp la jouk sa kaba,jiskaske tout otorite ke nasyonal oubyen entènasyonal respekte volontel e kitel vanse pou pi douvan.
2 - akonpaye tout viktim koudeta 29 fevriye 2004 yo pou yo jwen bonjan dedomajman, reparasyon ak jistis. Lèn raple nan dat 17 desanm 2003 kote pèp ayisyen an te viktim anba men asayan yo, men se menm bouwo yo anpil moun andedan peyi a ak kominote entènasyonal la te fè gouvènman an dedomaje. Nan sans sa a jounen jodiya nou mande pou pèp ayisyen an ta jwenn dedomajman ak reparasyon. Nou louvri yon kaye doléyans pou resevwa non tout viktim yo.
3- travay pou konbat tout kalite divizyon nan òganizasyon an pou anpeche moun pran woulib sou mouvman an. Pran reskonsabilite pou fè respekte e aplike chat Fanmi Lavalas la.
4- batay kont desizyon patipri KEP la pran kont Fanmi Lavalas nan kous elektoral la.

« Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm, nou se Lavalas ».
• M. Jean-Rony Monestime,
• M. Francelet Philéus,
• M. L'ex Député Gilvert Angervil,
• M.Tholerme Vital,
• M. Ireste Joseph,
• M. Hughes Montoban,
• M. Jacob François,
• Mme. Youseline Augustin Bell,
• Majolie Zéphirin,
• M. Abel Moïse,
• Mme Claudine Janvier,
• M. Bellefleur