vendredi 26 juin 2009

LEVE KANPE DEVAN LONI POU MINISTA BAY TALON L 26 JEN 3È POU 7È, NOU MANDE RETOU PREZIDAN ARISTIDE AN AYITI SAN KONDISYON


Komite pou Bouske Travay Pè Gerard Jean-Juste

GAYE PRESE PRESE NAN DAG HAMMARSKJOLD PLAZA NAN 47TH ST ANT PREMYE AK DEZYÈM AVNI NAN MANATANN

Leve kanpe Kominote Ayisyen nan Nouyòk la pou Mete MINISTA Deyò Lakay nou
Brooklyn, NY (24 Jen, 2009) - Komite pou Bouske Travay Pè Gerard Jean Juste ap
envite Kominote Ayisyen an, tout patizan lajistis nan zòn New York la, ak laprès nan yon leve kanpe k ap fèt Vandredi 26 Jen 2009 soti 3è pou 7è diswa nan Dag Hammarskjold Plaza nan Nasyonzini (47th St. ant Premye ak Dezyèm Avni
nan Manatann)
pou denonse krim MINISTA nan peyi ya epi pou n tanmen yon mouvman pou n mete yo deyò lakay nou.
Depi lannen 2004 lò Etazini, Lafrans, ak Kanada te manniganse yon koudeta kidnaping lakay nou, Nasyonzini ap okipe peyi nou. Plizyè milye Ayisyen pèdi lavi yo, manje prizon san rezon, epi blije pran mawon anba rejim defakto blan Minista yo enstale nan peyi ya. Youn nan viktim epòk la se militan Lavalas konbatan lalibète Pè Gerard Jean Juste ki pran prizon nan 2 diferan sikonstans.
27 Me 2009, Pè Jean-Juste pèdi lavil akoz konsekans maspinay ak move tretman
li andire nan prizon peyi DAyiti. 18 Jen, 2009 ki sot pase Ya Minista maspinen
epi tire katouch sou inosan san zam kite vin nan Katedral Pòtoprens pou rann
Pè Jean-Juste yon dènye omaj. Sa te lakòz lanmò yon jèn konpatriyòt sipòtè Lavalas ki pran yon bal nan figil.

Komite pou Bouske Travay Pè Gerard Jean Juste tanmen yon mobilizasyon pou asire ke Junior se dènye viktim Nasyonzini an Ayiti.

Manifestan yo pral mande jistis pou Pè Jean-Juste; jistis pou jèn gason ki
viktim nan; pou Minista bay talon l; epi retou imedya, san kondisyon Prezidan
Aristide.

Komite pou Bouske Travay Pè Gerard Jean Juste se yon rasanbleman militan nan
kominote New York la ki pran angajman pou kenbe istwa Pè Jean-Juste ak travay
li vivan. N ap goumen pou asire travay li tap fè pou lajistis blayi nan 4
kwen peyi ya epi tout kote sou latè pa kanpe nan wout.

Kontak:
Azed, Fanmi Lavalas NY, 646-236-6861
Dahoud Andre, 347-730-3620, janpetro@aol.com

###


www.fanmilavalas.net