mardi 15 mars 2011

Kouray Pèp Japonè

Kouray pèp Japon
Pèp ki pa kapon
Men ki pran nan won
Pran nan move won
Move won pon gongon
Tè tranble vonvon
Tsunami twou bouyon
Fè lanmò fè tiyon
Tchwe lavi pa milyon
Men kouray pèp Japon

Yon minit rekèyman
Pou yon pèp ki vanyan
Pèp ki pa gran panpan
Yon pèp konbatan
Flonn lanmò fè pantan
Patann te tranbleman
Kraze kou flanmnan
Fann zantray manman
Kouray pèp vanyan

Yon maten vandredi
Yon maten san manti
Zèb lanmò pran fleri
Toupizi flè lavi
Lage Japonè nan kouri
Lage Japonèz nan lari
Plizyè santèn mouri
Plizyè milye peri
Men lavi pat fini
Lavi gen pou l souri
Sou figi Okochou Suzuki

Japonè frè n
Japonè sè n
Si peyi w an devèn
Si peyi w pran nan sèn
Lanmò pa gen sirèn
Kalamite se sèl rèn
Ayiti santi mizè n
Soufrans ak kalvè n
Pèp Ayiti di w l avè n
Wi li avè n
Japonè sè n
Ayisyen solidè n
Lavalas di n l avè n
Lavalas di ou nan kè n

Pèp Japon, Kouray
Yon Lavalas kouray
Kouray pou n batay
Pou n sot nan pasay
Pou n kraze ayayay
Ratibwaze deblozay
Pou n mate zagribay
Pou lanmò ka fè flay

Japonè patizan n
Japonè menm gout san n
Zantray Ayiti fin fann
Lè n wè tankou sann
Dlo bwote Chou ak Wann
De tchovi ki t ap vann
Pate, patat ak bannann
Sosis, òtdòg ak vyann
Yo mouri san zatann
Fè peyi w vin savann
Pèp Japon se gout san n

Kouray pèp mèvèy
Yon boukè flè solèy
Pou ti kè w ki an dèy
Pou seche dlo ak fèy
Pou bliye doulè sèkèy
Pèp ki san parèy
Ki gen bon akèy

Pyè Japon poze
Tout Ayiti sonje
Li pa manje manje bliye
Lè douz janvye te rive
Lanmen solidarite
Moso kè w ou te lonje
Pou w sove n nan danje
Nan malè w ye
Ayiti pou ou voye
Yon gwo bèl bouke
Yon bouke SOLIDARITE



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO
P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
http://www.fanmilavalas.net/
info@fanmilavalas.net
312-735-6297