mercredi 28 octobre 2009

BILAN PASYÈL FANMI LAVALAS AK KÈK LÒT ETAP NAN 4AN EDMI SOU POUVWA A, APRE DE MANDA 5AN, KOUPE AN MIYÈT MÒSO


DOKTÈ RUBENS JEAN-BAPTISTE, MANB (CFLHO)
KOMITE FANMI LAVALAS AYISYEN KAP VIV LÒT BÒ DLO (CFLHO)
17 OKTÒB 2009


INTWODIKSYON

Ayiti se yon peyi rich
Chaje Resous: Petwòl, min, boksit, Kafe, elatriye….
Ayiti ak Jamayik: gen 4% Rezèv Mondyal Boksit nan zòn Karayib la
Se yon peyi ak yon Listwa bòzò, patrimwan kiltirèl ki trè rich
Se kote chèn lesklavaj tonbe
Se peyi kote lame Napoleon pèdi pou premye fwa
Se yon peyi ak anpil gwo e bèl lidè:
Endependans, Toussaint Louverture
Nasyon, Jean Jacques Dessalines
Panamerikanisme, Petion
Reparasyon-Restitisyon Nan Mond nwa a, Doktè Jean-Bertrand Aristide
17 Oktòb 2009, jounen de memwa
Reskonsabilite nou kòm sitwayen
Okazyon pou Bilan
Pale ak diskite sou avni Fanmi Lavalas
Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòt Bò Dlo: (CFLHO)


BYENVINI

Nou pa gen objektif ranplase okenn otorite nan Fanmi Lavalas
Nou pa non plis mye plase pou n ta fè sa a
Fas a demisyon kèk reskonsab nan Fanmi Lavalas
Se reskonsabilite nou, pou n te fè travay sa a

OBJEKTIF

Yon bilan pasyèl soti (Fevriye 1991 jiska Sektanm 1991)
(Oktob 1994 A Fevriye 1996-de Fevriye 2001 a fevriye 2004)
Yon devwa memwa
1. Responsabilite / Pati Fanmi Lavalas
2. Responsabilite/ Peyi
Raple Lavalasyen yo, yon Bagay:
Lavalas / Lidè Istorik La
Deba serye, Sensè:
Inite
Retou Lidè Istorik La/ Pouvwa/vise vèsa

SITIYASYON AYITI ANVAN ANE 1991


Nan lane 1991:
Yon Ayisien te viv: 55.7 lane
Moun ki tap viv anba la mizè: 79%
Moun ki tap viv an pwovens: 71%
Angwo Chak Ayisien pa fè plis ke 380 US dola pa ane
Timoun ki mouri avan yon lane: 94/1000
Manman Ki mouri nan akouchman: 350/1000
Moun kap viv ak viris Sida: 6-8%
Doktè 1.6 / 10.000 moun:
Depens Leta pou sante: 1.2%
Maladi malnitrisyon: 36% popilasyon an

NAN LEDIKASYON


Moun ki ale lekòl: 37.2%
Moun ki pa konn li ak ekri: 70%
Gason /fiy ki ale lekòl: 3/1
NB: 6.5 a 7 Milyon Ayisyen

NAN EKONOMI


Defisi nan bidjè Leta pandan (50tan)
Nou enpòte plis ke nou ekspòte
Pwodiksyon nasyonal la kraze
Pa gen sekirite alimantè
5% moun rich yo gen 85% richès peyi ya

NAN ZAFÈ POLITIK

Sitiyasyon politik la enstab
Lame Dayiti fe koudeta chak semèn
Sektè boujwa yo refize kolabore ak nouvo

POUVWA A

Kominote Intènasyonal met baton nan wou mouvman an
Divisyon ap manje sektè demokratik la
Sektè Makout ak Boujwa deside atake viktwa pèp la.
Zanmi se nan Kondisyon difisil sa nou te rive o pouvwa
Defi yo te anpil, chay yo te lou
Jodi ya se okazyon pou nou fè lavalasyen yo konnen kisa nou te akonpli.
sitou nan yon peyi ke tout moun gen memwa kout

REYALIZASYON FANMI LAVALAS

Tankou Liv Blan di:
Gouvènman Lavalas la te chita Pwogram li sou 3 Wòch:
Jistis
Tranparans
Patisipasyon

NAN EKONOMI ( 7 Fevriye 1991 a 30 Sektanm 1991)

Korije defisi bidjetè:
Ogmante Taks
Konbat koripsyon nan Leta
Kontwole depans Leta
Desann pri pwodui premye nesesite yo
Gouvènman Lavalas la rejete Politik Neyoliberal la
Se te premye fwa ke yon gouvènman te mete kòb nan trezò piblik peyi dayiti

NAN LEDIKASYON:

Ledikasyon pou tout moun nan lane 2000”
1. Diminye rivyè ki separe sitwayen yo nan matyè ledikasyon
2. Ogmante Kantite lekòl
3. Diminye Kantite moun ki pa konn li ak ekri
4. 1994-2004: 35 lekòl /lane = 350 lekòl
5. Finanse /Lajan Leta
6. Sal Enfòmatik
7. Sal pou swen
8. Dlo Potab
9.Twalèt, elatriye

4 PWOGRAM POU APIYE OBJEKTIF SA YO

Pwogram Kantin eskolè
Pwogram Konpayi Bis Diyite
Pwogram Inifòm eskolè gratis
Pwogram sibvansyon liv a 70%
Lise Boukman, Cap-Haitien
Lise Jan-Batis sineyas, Lenbe
Lise Kay-Jakmèl, Kay-Jakmèl
Lise Klody Mizo, Kay
Lise Jacques 1er, Machan-Desalin
Lise de Laskawobas a Laskawobas
Lise KwadèBoukè, KwadèBoukè
Lise Karade, Taba
Lise Jan-Jak Desalin Kafou-Fèy
Lise Chadonyè
Lise Koto....Elatrye
Plizyè dizèn lekòl ranje nan pwovens
Pwogram alfa ( kowoperasyon Ayiti-Kiba)
Sekreteri Deta Alfabetizasyon

Diferans lan la zanmi:
1804-1994: 1 lekòl/chak 6 zan
1994-2004:35 lekol /pa ane

“SANTE POU TOUT MOUN NAN LANE 2000”

Objektif:
Doktè:1/1000
Bon kalite sante
Bon fòmasyon pou Dokte, Infimyè, ak Teknisyen.
Pi bon distribisyon la sante
Konstriksyon lopital
Lopital inivèsite La Pè, Delma 33
Sant Dyagnostik Nasyonal, Delma 33
Reparasyon ak ekipman:
49 lopital
217 sant sante
371 dispansè
Konstrikyon Lekòl Fanm Saj, Pòtoprens
Konstriksyon Lekòl Mediko-legal, Pòtoprens
Kowoperasyon (Ayiti ak Kiba) nan zafè la medsin:
Doktè( 70-85/ane)
Infimyè
Teknisyen
Lopital jeneral
Lopital La Renesans
Lopital Jistinyen
Lopital Jakmèl
Lopital Kafou
Lopital La Pwovidans Gonayiv

Nan Lagrikilti:
Refòm Agrè:

Distribisyon angrè agrikòl

Akayè
Lewogan
Atibonit
Nòdwès
Kanpay rebwazman Nasyonal
Kowoperasyon Ayiti-Kiba:
Fòmasyon Medsin veterinè

AGWONÒM

Teknisyen nan domèn la pèch
Teknisyen nan domèn elevay
Nan Infrastrikti
Wout (Nasyonal 1, 2, 3)
Wout Jakmèl
Wout ant komin yo
Pon ( plis pase 2 douzèn)
Espas Lwazi
54 plas piblik
1 Rezo telefòn par komin
Ogmantasyon kilowat kouran
Kap-Ayisyen
Kay
Petigwav
Grangwav
Jakmèl
Mòl Sen Nikola
Dam-Mari
Ansapit
Wanament

4000 INITE LOJMAN:

La saline
Orange
Site Solèy
Grangwav
Chantal
Plezans

Nap note
Nan sekirite: Fòmasyon Polis Nasyonal
Nan la jistis : Refòm nan lajistis
Lekòl Nasyonal Majistrati
Transpò piblik:
Konpayi bis Sèvis Plis
Tou 2004
Se yon bilan pasyèl, serye,
Tout sa yo verifye e verifyab
Fas a manti yap fè sou Lavalas/verite sa yo dwe fè tout kaba
Fas a destriksyon/ Lavalas konstwi
Li esansyèl pou Fanmi Lavalas kontinye travay sa pou verite blayi.
Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòt Bò Dlo pa gen monopòl la verite
Bilan sa a enpòtan nan yon moman ki difisil nan listwa Pati Fanmi Lavalas
Moman an rive pou n temwaye solidarite nou ak Pati Fanmi Lavalas. Ak Lidè Istorik nou wan /Dr Jean-Bertrand Aristide
komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòt Bò Dlo panse ke sèl deba serye, onèt ki ka ban nou:
Inite, Mobilizasyon, negosyasyon, Prizonye Politik yo lage, Lavalasyen yo retounen nan travay yo, Retou Lidè Istorik la pou nou rive sou pouvwa a.

Se espwa nou,
Se Rèv nou
Se Responsabilite nou
Se travay nou antanke sitwayen
Se travay nou antanke gwoup
Mèsi

REMÈSIMAN

Senatè Youseline Bell
Jacob François
Yves Bonnet
Manb Komite CFLOH

LIV AK SIT WÈB

De Jean-Jacques Dessalines Le Grand a Jean-
Bertrand Aristide le Visionnaire”
Lovinsky Pierre-Antoine
https://apps.who.int/eha/trares/hbp/haiti/indic.htm
Liv Blan Fanmi Lavalas.
www.fanmilavalas.net






"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net