lundi 23 novembre 2009

NÒT POU LAPRÈS

RETOU A PI PRE TOUJOU AK TOUT SIPÒ ENTÈNASYONAL NOU GENYEN, SI NOU MOBILIZE

Yon lòt fwa ankò nou salye tout zanmi, kamarad nou yo, e nap pwofite anonse piblik la an general an patikilye manm, patizan ak senpatizan Fanmi Lavalas yo, ke gen yon rezolisyon ki soti nan gwo rankont ant 60 òganizasyon ak pati politik nan 40 peyi kite fèt nan vil Karacas nan jou kite 19 a 21 Novanm 2009.

Rezolisyon Karacas la ki se yon kontra ke Gouvènman Chavèz la pran ak tout delege ak peyi kite nan rankont la. Nan atik 6.3 ak 6.4, Kowalisyon an kondane koudeta 29 fevriye 2004 e yo di peyi yo ap akonpaye pèp Ayisyen an nan lit pou lidè inkontestab pèp la Doktè Jean Bertrand Aristide tounen nan peyi l pi vit ke posib.

Résolution de Caracas


Kòm Prezidan Aristid fè konnen nan yon nòt ki fenk soti ke lap tann ankò ke gouvènman Prezidan Preval la bay Lesepase ya pou l retounen nan peyi l.

Demande d'autorisation d'atterrissage du Président Aristide

Autre lien


Antadan Gouvenman Prezidan Chavez la ap travay sou posibilite yo, ke si Prezidan Aristid vle antre nan Venezuela, yo deja ap tann li.

Anplis de enfòmasyon sa a, Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòtbò Dlo, mande tout moun pou yo pa sispann mobilize toutotan chèf la pa mete pye l sou tè dayiti, e menm lè li retounen fòk nou kontinye mobilize paske fòs putchis la rete byen djanm.

Se pou nou tout, kontinye mande ak mobilize Prezidan Preval pou lesepase li pa vle bay pou yon avyon soti Afrik Disid pou li ateri an Ayiti ak Prezidan Aristid.

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm, nou se Lavalas.





"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209