jeudi 8 octobre 2009

PAWÒL PALE, PAWÒL KONPRANN, LIDÈCHIP KOLEKTIF NAN FANMI LAVALAS, SE PAWÒL REPREZANTAN NASYONAL LA


Onè, respè pou lidè karismatik pèp ayisyen an. Onè, respè pou pèp la. Onè respè pou manm Fanmi Lavalas toupatou.

Doktè Aristid pale se pou nou tande. Pa fè la soudòrey epi pou nou kontinye ap di, Prezidan Aristid pa pale. Lè yon manm Fanmi Lavalas ap pale koze ki kontrè a chat Fanmi Lavalas la, oubyen ak sa lidè Fanmi an di, nou di se travay lenmi an wap fè.

Lè yon manm nan fanmi an ap denigre yon lòt manm fanmi yan nan radyo, nan lari, oubyen sou entènèt, se chat òganizasyon an wap pase anba pye. Lenmi yan la, lap veye ki kote lap jwenn twou vid nan mitan nou pou li fè nou parèt lèd.

Se konsa medya ki kont nou yo toujou akeyi tout moun kap lave lenj sal Lavalas yo sou plas piblik. Yo kouri bawou mikwo pou w ka kontinye fouye twou, pou wou ka antere òganizasyon an ak majorite pèp la ki konte sou nou.

Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòtbò Dlo (CFLHO) bay pinga a tout moun ki kwè yo se malis epi tout lòt moun se bouki.

Se sèten, moun kap simen divizyon nan òganizasyon an deja ranje kabann yo nan yon lòt pati politik, oubyen yo gen yon lòt plan ke pèp la poko konnen.

A chak fwa Fanmi Lavalas fè bak nan lit lap mennen pou soulaje mizè pèp ayisyen an, se tout pèp la ki peye konsekans la.

Prezidan, Doktè, Jan Bètran Aristid di li vle yon «LIDÈCHIP KOLEKTIF» Si wou pa tande sa a, wap toujou di ke li pa pale, li pale ou fè sanblan ke w pa tande, epi wap mande pou l kontinye pale toujou.

Fanmi Lavalas se pa m, se pa w se pa nou tout, pa n se pa n, se pou nou pran swen òganizasyon an.

Prezidan Aristid di mobilizasyon manch long, pou retou wa ka fèt pi vit. Ak dènye lwa poutchis ke Prezidan Preval sot ekri la a sou pati politik yo, si nou pa konprann ke se sèl retou ki engredyan esansyèl pou Fanmi Lavalas ka ale nan eleksyon, ebyen, nou pap fè bon analiz politik, nap pran nan tout barikad ke Prezidan Preval pare pou nou deja.

Prezidan Aristid di nou paka ale nan seleksyon paske seleksyon se kontinyasyon koudeta. Prezidan Aristid pa kont bonjan eleksyon lib e demokratik.

Lidè Karismatik pèp ayisyen di li tande kri pèp la ki nan grangou, ki nan chomaj, travayè yo ki pa ka jwenn ogmantasyon nan salè minimòn la. Li pa bliye manifestasyon kont la fen nan mwa avril 2008 kote pèp la tap rele anmwe anba grangou kloròks, moun ki paka ale lekòl, ki pa gen lasante, li tande soufrans anplwaye leta yo kap mouri nan chomaj, mete nan kanpe lwen. Etidyan kap pran kout baton, yo mete deyò nan fakilte leta, ouvriye ki pa byen touche, lekòl ki kraze ki pa repare. Manm Fanmi Lavalas ki nan prizon, sa yo ki toujou an egzil, moun yo revoke paske se lavalasyen yo ye.

Angwo, tout soufrans pèp la reponn li nan kè. Se pou sa lap mande tout moun pou nou gen konsètasyon nan mitan nou tout, pou nou pale yon sèl langaj, pou nou tout mobilize yon sèl kou nan lòd ak ladisiplin pou cha blende pa pase sou nou. Lidi tou, pa pè paske nou pi plis, si nou byen òganize viktwa final la se pou nou menm pèp li ye.

Jouva, jouvyen pèp oganize pa konn pèdi batay. Li di pa dekouraje, mobilize, fè yon ti efò anplis pou l retounen lakay, paske lakay se lakay.



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net