dimanche 31 mai 2009

BÒN FÈT MANMAN CHERI!


Manman se ou menm ki sous la vi
Se yon pwomès lanmou garanti.
Ou se limyè ki fè tout nanm rejwi
Ou se pouvwa ki fè tout san tresayi.
San prezans ou tout bagay toutouni
Se avèk lanmou pa w ke la tè kouvri
Se yon lanmou ki pi fò pase maji.
Se ou sèl ki ka konprann tout sa ki di
Se nan bra w tout doulè ka leve kouri
Se nan zye w ki gen paradi.
Pou mwen wap monte tout mi
Pou mwen ou fè tout kri
Pou wou map djayi nan dife jis mayi mi.
Pa gen pawòl kap janm ka ase pou di
Tout sa ki nan fon kè m, tout sa mwen santi.
Se sèlman lè ou ri
Mwen ka jwenn plezi.
Mwen pap janm sispann di w mèsi
Paske san wou pa gen avni
Malgre tout pwoblèm ak la vi di
Malgre tout pawòl anpil ki pa janm fini
Se lanmou pa w sèlman ki pap janm fin jwi
Manman ou se tout sa mwen ye, ou se enfini
Flanm bonè w fè tout bagay akonpli.
Kit ou rich ou pòv ou se lavi.
Kit ou blanch, wouj ou nwa ou beni.
Menm si w vivan ou mouri
Pou wou yon sèl jou pa sifi
Doulè w yo paka gen pri
Chak jou ta sipoze fèt ou san patipri.
Pou sa w reprezante nou pa gen anyen pou ofri w
Lanmou nou twò piti Men pran li tanpri.

NGIE

OMAJ POU PÈ JAN JIS


JYERI!
Ou ale, ou pran devan, konplotè yo elimine w.
Ou pase nan ran zansèt yo.
San vwa yo pèdi yon vwa ki te toujou gen larezon.
Timoun nan ti plas Kazo yo, pèdi yon kè ki te konn renmen.
San papye nan Miyami, pèdi yon zanmi fidèl ki pat janm bouke.
Ayiti pèdi yon konbatan ak konviksykon.
Moun kap goumen pou respè dwa moun,
Pèdi yon kolaboratè fawouch.
Jeyeri, moun tankou w pa ka mouri!
Moun tankou w pa ka sispan goumen!
Pandan nap kontinye batay la isit,
Ou menm, kontinye travay ou lòt bò.
Fè dlo kap koule nan je pèp ayisyen,
Lave san inosan kap simayen tou patou an Ayiti.
Di Makandal, Ayiti bezwen konkou l
Pou n kwape maladi entènasyonal.
Di Kapwa Lanmò, voye prete n kouray li
Pou n al repran Vètyè.
Di Marijan, anpil fanm lakay ap dòmi nan kabann lenmi.
Di Tousen, ban nou ladrès li
Pou n mete koulèv 3 tèt la deyò nan peyi ya.
Di Desalin, machann peyi yo, twoke endepandans
Pou zèl poul ak diri pèpè.
Jyeri, lenmi w yo voye w ale twò bonè
Men yo pa ka touye nanm ou.
Klere chimen n pou n ka vanse nan liberasyon peyi ya.
Jyeri, kontinye voye je sou Ayiti ak tout pitit konsekan yo.
Jyeri! Ale. Ale. Na wè lòt bò.
Mod Jan-Michel (Sanit B.)

www.fanmilavalas.net