jeudi 15 octobre 2009

RALID: RASANBLEMAN LAVALAS POU INITE NAN DYASPORA AK AYITI. BAY KOU BLIYE, POTE MAK SONJE

Miyami, Florid
15 Oktòb 1994 -15 Oktòb 2009 fè 15 zan jou pou jou depi pèp Ayisyen yan te ekri yon paj tou nèf nan istwa peyi Dayiti. Apre 1111 jou an ekzil Prezidan Jean Bertrand Aristide te retounen nan peyi Dayiti ak tout pouvwa ke pèp Ayisyen yan te bali nan dat 16 Desanm 1990 la. Sete premye fwa sa te fèt nan listwa sou latè kote apre yon koudeta militè sanglan, yon prezidan retounen nan peyi l ak tout tit li, e ak tout pouvwa l. Retou sa, viktwa sa se te gras ak rezistans pasifik mas pèp la apre twa zan mobilizasyon san pran souf nan peyi Dayiti tankou nan Dyaspora.

Malgre lanmò, pèsekisyon politik, prizon san jijman, kidnapin, ekzil, ekzekisyon somè, eksklizyon politik ak ekonomik, Lavalas kontinye reziste pasifikman apre konplo kidnapin 29 Fevriye 2004 la. Pèp la konpran n pou ki rezon politisyen machann peyi ak yon ti minorite voryen anndan tankou deyò peyi ya mare konplo ak gwo peyi enperyalis yo ap kontinye goumen pou destabilize gwo mouvman popilè sa a.

Lavalas gen yon gro zouti nan men l, zouti sa a rele rezistans; se ak zouti sa a nou te fè ze ya tounen antre andedan vant poul la, le 15 Oktòb 1994, se ak zouti sa a nou te bay Prezidan Preval pouvwa a an 1996, se ak menm zouti sa a nou te rebay Prezidan Jean Bertrand Aristide pouvwa an 2001. Se ak menm zouti sa ankò an 2006 nou te remete Rene Preval sou pouvwa. Malgre ke li trayi lit pèp la, li paka retire zouti sa a nan men nou. Zouti sa pèsonn, ni gwo lanjan pa ka retire l nan men nou paske se zouti pasifik nou, nou kenbe l ak volonte n pou chanjman.

Lavalas se mouvman popilè ki fè plis rezistans nan peyi ya depi apre lagè endepandans la. Chak fwa li pran move kou li vini pi fò. Malgre trayizon, enfiltrasyon ak kout ponya nan do, Fanmi Lavalas rete pi gwo mouvman popilè nan tout Amerik la. Dr Jean Bertrand Aristide, ansyen prezidan peyi ya, se senbòl karismatik lit popilè ya paske li makònen zantray li ak revadikasyon mas pèp la. Non l, ak travay li rete grave nan lespri nou, e chak fwa yon moun eseye sal imaj li, se moun nan menm ki sal, paske pèp la konprann tou swit ke moun sa se nan kan lenmi yan li ye.

Tout moun kap denigre Fanmi yan ak tout lidè karismatik li ya, nan fè fo akizasyon, se tèt yo menm yap kraze pandan Lavalas ap vin pi fò.

Yon militan dwe fè anpil atansyon nan konjonkti sa pou yo pa jwe jwèt lenmi pèp la. Nou pa dwe pike tèt nou pandan nap fè rezistans la.
Tout tan nou kenbe zouti rezistan pi djanm nap kenbe lespri zansèt nou yo vivan, nap febli kan ledmi yan, nap vin pi fò e nap vanse pi vit nan chemen chanjman ke pèp la dòmi reve chak jou wa pou yon demokrasi total kapital, san paspouki.

Sa kap fè zouti rezistans la vin pi solid: Se inite nan respè youn pou lòt, se lespri konpwomi nan mitan nou, se disiplin, se patisipasyon nou nan tout aktivite popilè Fanmi yan, se sakrifis nan sipòte kanmarad ki pi fèb yo, se repouse tout tantasyon ki pa nan avantaj Fanmi yan, peyi ya, mas pèp la ansanm ak kanmarad militan yo, konsa nap vin pi fò, e nap ka di ak tout fòs nou: Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas.

Ralid ankouraje tout militan Lavalas, tout konpatriyòt ki vle chanjman alawonnbadè pou al pote kole Samdi 17 Oktòb 2009 ak komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòt Bò Dlo yo, kap komemore asasinay papa Dessalines pandan yo pral chita pale je nan je, youn ak lòt pou n remakònen fòs nou pou n kontinye reziste pi rèd pou Dr. Jean Bertrand Aristide, retounen lakay li nan peyi Dayiti san pèdi tan. An n mache kontre, an n sere kole, pote boure pou n kraze konplo fòs fè nwa yo.

SE NAN LINITE DESALIN AK ZANSÈT NOU YO TE BAN NOU LENDEPANDANS, SE NAN TÈT ANSANM SÈLMAN, NOU MENM LAVALAS NOU KA BAY PÈP LA DELIVRANS

Sa ki ini nou pi plis pase sa ki divize nou. Si n reziste nan disiplin kanmarad, nap vin pi fò e nap ka ekri anpil lòt bèl paj nan listwa peyi ya.



Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas

Edmond Pierre, Vis kòdonatè
Vauze R Declasse, Pòt Pawòl AI


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net