samedi 30 mai 2009

MAPOU A FÉK KARE BOUJONNEN


KON YON KOUT LORAJ
NOUVÈL LA TONBE
ZEKLÈ PA GEN TAN FÈ KLA W
PAWÒL LA GAYE
PÈ JAN JIS TRAVÈSE
LI JANBE, LI ALE
LI PRAN DEVAN.
ANPIL MOUN PANTAN
KOU SA A PRAN N SAN ATANN
MEN, NOU PRAN NAN LYANN
AK MALFEKTÈ NOU VANN
NAN YON PEYI KA P DEPAFINI
ANBA BÒT MALFINI.
NAN TI PLAS KAZO RÈL SA A DEJA RIVE
GEN MOUN KI DEJA AP MANDE
KI LÈS KI PRA L EDE YO KARE
AK YON GRANGOU KLOWÒKS
KI PA GEN GOU SÒS
NAN MIYAMI, MOUN SE KÒD NAN REN
NOU LAGE TANKOU SEN DENDEN
NAN KÈ TOUT AYISYEN, YON LESPWA KI CHAPE
MOUN KI PA BLIYE SONJE
KÒMANSMAN 80,
SA K TAP PASE NAN MIYAMI
SE TANKOU CHYEN
YO TE PRAN AYISYEN
DEPI JENN TI GASON
YON PÈ KI PA T JANM PÈ
PA T POTE PANTALON L
POU BÈL TWAL BÒS TAYÈ
JENN PRÈT FÈK SAKRE
PA T RETE KANPE GADE
NAN TI AYITI
SE LA A LI TE VI N TABLI

KI MOUN KI KA BLIYE
KONTRIBISYON LI POTE
NAN EDE AYISYEN
VI N BON JAN REZIDAN.
NAN LANE 86 YO
LI KITE VEYE YO
PASKE L TE KWÈ LÈ TE RIVE
LAKAY NOU PRA L GOUMEN
FOK NOU MET MEN NAN MEN
MALGRE LI KOULE SWÈ,
LI PA MENM GEN TAN WÈ
YON AYITI TOU NÈF
YON MÈKREDI 27 ME 2009
GWO MAPOU SA A TONBE
MEN FOUT VYÈY PETE JE
KABRIT PA P RACHONNEN L
LI FÈK KARE KANPE
EL GEN POU L BOUJONNEN.

JANLORAN

www.fanmilavalas.net