mercredi 4 novembre 2009

Yon Sèl Reprezantan Nasyonal, Doktè Jean Bertrand Aristide: Yon Sèl Lavalas: Fanmi Lavalas


Komisyon Pèmanan Mobilizasyon Fanmi Lavalas
Deklarasyon Politik pou 3 novanm 2009 la.
Dat anivèsè Nesans Fanmi Lavalas

Nan lane 1996, yon gwoup moun, te konn rasanble souvan anba yon pye mango nan lakou lakay Prezidan Jean Bertrand Aristide nan Taba sou lidèchip li, pou reflechi ansanm sou ki mannyè pou yo monte yon estrikti politik ki dwe ale travay pou emansipasyon mas yo, entegrasyon sila yo ki pi pòv nan sosyete ya.
Desizyon sa a te voye gwoup moun sa yo ale gade 205 lane annaryè. Kidonk, pou bare lawout esklavaj ke grangrann nou, gran pè nou, tap sibi. Yon gwoup esklav nan mitan yo te revòlte malgre diferans ak divèjans ki tap travèse yo. Yo aksepte chita ansanm anba yon gwo pye bwa nan yon forè nan Nò peyi ya ki pote non Bwa kay Iman. Yo te reflechi ansanm sou libète ak manyè pou mennen Batay nan lespri pou debarase zile ya de sistèm esklavajis la, epi fòje yon peyi ki rele yo chèmèt, chèmètrès, kote tout moun se moun.
Nan jou ki te 3 novanm 1996 la, gwoup moun ki t p reflechi anba pye mango a, pran desizyon ale lanse nan kongo plaj nan vil Jakmèl: estrikti politik sila a te gen pou charye tout revandikasyon mas pèp la epi batize li sou non: FANMI LAVALAS. Poukisa se Fanmi Lavalas yo te rele l? Yo te fè sa nan lespri pou fè n sonje:
- Lè yon moun pale de Fanmi Lavalas sa vle di: li pale de Lafanmi, li pale de SOLIDARITE
- Lè yon moun pale de fanmi: li pale de Tèt ansanm
- Lè yon moun pale de fanmi: li pale de Men nan men
Epi sa fè n sonje ke nou se frè ak sè pou n travay nan benefis youn ak lòt pou avni fanmi yan ka pi bèl. Se lespri familyal sa a k ap ede manm fanmi yan simonte tout difikilte, rezoud tout pwoblèm.

3 Novanm 1996-3 Novanm 2009 sa fè 13 lane depi pèp ayisyen yan ap viv yon solidarite san parèy, 13 lane depi Fanmi Lavalas egziste, 13 lane depi mouvman politik sila a ranmase kòz mas pèp la, revandikasyon pèp la, kòz peyizan yo ak sila yo ki pi pòv yo, 13 lane depi kòd lonbrik pèp ayisyen an mare ak yon sèl lidè: Doktè Jean Bertrand Aristide.
Fanmi lavalas rive nan pouvwa a atravè eleksyon ki se zouti demokrasi. Tout gwoup òganize ki vle pran pouvwa a dwe respekte règ jwèt demokratik yo. Alòs, menm si zouti sa a pa twò efikas pou konbat panzouyis yo, fòk nou kontinye foubil pou n ka fè kadejakè yo ak trèt yo fè bak. Nan tout peyi sou latè, dwa politik mas pèp yo se dwa sakre. Lè l vyole fòk nou rele anmwey, epi batay pou fè respekte l.
Malgre fòs fènwa yo bay mas popilè yo koudeta 2 fwa, men sa pa t anpeche prezidan Jean Bertrand Aristide mete kanpe lekòl nasyonal, lise ak inivèsite nan tout rakwen peyi ya, sant sante, bèl lopital bati, kouran elektrik 24/24 tabli nan plizyè vil peyi ya, renovasyon legliz ak katedral pou chanje figi kèk vil, konstriksyon bèl mache piblik modèn te antreprann, kay modèn te kòmanse bati pou mas pèp la, plas piblik elatriye.
Jounen jodi a, majorite pati politik ki te mare sosis yo ak blan yo pou anpeche pwosesis demokratik la fè chimen l, ebyen yo prèske pa egziste, yo pa sanble anyen paske yo pa t genyen ni ideyoloji ni konviksyon nan demokrasi. Alòs, nan solidarite, Tèt ansanm, men nan men ak nan lanmou youn pou lòt, Fanmi Lavalas kontinye egziste epi n ap toujou egziste malgre menas, tanpèt, platfòm lajan gran rasanbleman ekip tout pou yo a ap prepare pou enfiltre baz Lavalas yo nan lespri pou fè mannèv kenbe pouvwa a nèt al kole epi anpeche doktè Jean Bertrand Aristide retounen nan peyi l.
Fanmi Lavalas, se yon fòs politik enkontounab. Nou deside ke nou pap aksepte sèvi mach-pye pou bay zòt pouvwa a ankò. Veye anwo, veye anba paske estrateji zòt se itilize moun anndan vant nou, detounen nou pou yo ka kenbe pouvwa a nèt nan eleksyon ki pral vini yo.
Pandan 13 lane, nou konnen anpil siksè, men nou konnen kèk echèk tou. Echèk nou yo sèvi nou leson, yo ban nou plis detèminasyon pou n kontinye goumen pou lidè nasyonal nou an retounen lakay li, pou vin mete plis lòd nan mouvman an pou l vin kontinye batay pou chanje move kondisyon lavi pèp ayisyen an, nan kontribisyon l pral bay, nan domèn ledikasyon, kilti, lasante, lajistis elatriye.
Plis detèminasyon tou pou Fanmi Lavalas ka retounen sou pouvwa a. Poutèt sa, nou deside epi nou deklare: nou pap prete okenn moun elektora nou an ankò, aprè pou menm moun sa yo ban nou katon wouj pou n pa patisipe nan eleksyon. bay kou bliye, pote mak sonje. jou fèy la tonbe nan dlo se pa jou a li koule. jodi 3 Novanm sa a tout pitit fanmi an montre nan yon solidarite san parèy, sa ki te pase Lenbe a pap rive Pò-mago. Si nou pa nan eleksyon pap gen eleksyon (Bis).

Dat 3 Novanm 2009 la, se dat nou relanse solidarite ki kenbe n soude youn ak lòt, devlope nouvo strateji ak taktik pou n kontinye goumen pou n defann dwa politik mas yo. Konsa, n ap antre nan planifikasyon chanjman pou mas yo, fè aplike chat Fanmi Lavalas la, epi travay pou monte nivo konsyans politik baz yo pou n ka rive atenn objektif priyoritè nou ki se retou fizik Doktè Jean Bertrand Aristide nan peyi l ak retou Fanmi Lavalas sou pouvwa a.

Tout manm ti fanmi, kowòdinasyon ki nan seksyon kominal yo, nan komin yo ak nan depatman yo, modòd la lanse:
Yon sèl reprezantan nasyonal, Doktè Jean Bertrand Aristide:
Yon sèl Lavalas: Fanmi Lavalas
Inite, Inite, Inite pou retou.
Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas!
3 Novanm 2009


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net