lundi 26 octobre 2009

ONORAB SENATÈ, NOU MANDE POU PREZIDAN PREVAL BAY DWA DATERISAJ POU DOKTÈ ARISTID


Onorab Senatė, atik 41.1 nan kontistisyon an klè sou koze ekzile politik ak ayisyen kap antre ou kite peyi Dayiti. Men sa nou menm Lavalasyen nou mande e li pa twò ta pou palman an chita sou injistis politik ak eksklizyon lavalasyen yo te sibi e ap sibi jounen jodi ya. Nan yon lèt tou louvri ke nou te voye bay Sena Ayisyen an nan dat ki te 26 Avril 2009 la, http://fanmilavalasblog.blogspot.com/2009/04/lettre-ouverte-au-senat-de-la.html Nou mande pou Sena a mete presyon sou Prezidan Preval poul fè yon entèvansyon dirèk ak bay otorizasyon daterisaj, dabò pou retou ansyen prezidan Aristid epi tout lòt ekzile politik yo, answit libere prizonye politik san non yo ke lajistis ak gouvènman Prezidan preval la simaye nan tout kwen peyi ya, yon fason pou moun pa konnen si yo la.
Yon lòt demand ankò, menm Jan sa te fèt deja pou gnb yo, palmantè yo dwe pran rezolisyon pou mande gouvènman an pou li pran tout dispozisyon pou dedomaje viktim koudeta 29 fevriye yo, paske menm kolèg Senatè yo, anpil nan yo ap viv nan kras andeyò peyi ya.
Revandikasyon pèp la rezime an 4 pwen :
1) Retou tout ekzile, espesyalman Dr. Jean Bertrand Aristide
2) Liberasyon prizonye politik lavalasyen yo, ak tout moun ki nan detansyon ilegal pwolonje yo
3) dedomajman ak jistis pou viktim lavalasyen yo. http://fanmilavalasblog.blogspot.com/2009/10/liste-partielle-des-victimes-du-coup.html
4) Bay pèp la manje ak travay, reintegrasyon travayè ki revoke nan travay yo, sèlman paske yo se lavalasyen
Si Senatè yo vle fè yon bagay serye tout bon vre, yo dwe chita sou revandikasyon sa yo nou site la a. Kòm Prezidan Aristid toujou di Rekonesans se memwa kè ak nanm. Mèsi depi kounye ya.


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net

Aucun commentaire: