
Kowòdinasyon Fanmi Lavalas Boston ap chache rasanble vanyan gason ak fanm Lavalas nan Boston pou kore Fanmi Lavalas nan batay l ap mennen dèyè chanjman ak lavi miyò. Rasanbleman sa ap tanmen ak yon DINE CHITA KOZE pou ede kowòdinasyon Fanmi Lavalas Boston:
Dimanch 25 Avril 2010 nan Colgate Road, Roslindale, MA a 3:00 aprè midi.
Kowòdinasyon Fanmi Lavalas Boston ap pwofite raple katastwòf natirèl 12 janvye 2010 lan ki pa sèlman mete dèy nan kè n ak latroublay sou konpòtman responsab Leta ak Gouvènman Ayisyen; men tou li louvri je n pi gran sou reyalite sosyal, ekonomik, kiltirèl e politik ki mangonmen ak ijans doulè, enkyetid, tribilasyon pèp Ayisyen. Kidonk, li nesesè pou nou renouvle angajman nou pran pou rekonslye e akonpaye pèp Ayisyen an nan batay li.
Kowòdinasyon Fanmi Lavalas Boston vle raple Ti-Fanmi yo obligasyon yo genyen pou egzije retou lidè nasyonal Lavalas la: Prezidan Aristide, an Ayiti.
Pa bliye Randevou a se pou 3 zè, Dimanch 25 Avril 2010.
Viktwa se pou sila k ap goumen san detou!
Yon sèl nou fèb ansanm nou fò ansanm-ansanm nou se lavalas!!!
Patriyotikman,
J.Claude St.Germain, Kowòdonatè
Fanmi Lavalas ,Boston
"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire