vendredi 30 janvier 2009

Yon Lavalasyen Pa Gen Dwa Al Nan Eleksyon Kon Endepandan, Oubyen Sou Yon Lòt Pati Politik

Nan Plizyè Atik nan manman lwa ak entèn òganizasyon Fanmi Lavalas pa gen moun ki gen dwa al nan eleksyon kon endepandan oubyen sou non lòt pati politik. konsidere ke nou deja avèti tout moun ki vle pran woulib, paske nou pral tann ou pi devan. Tout vyolatè nap lonje dwèt sou wou nan reyinyon an fanmi.

Atik 8 ki soti nan lwa fondamantal yo

Manm Òganizasyon Fanmi Lavalas yo kapab nan lòt gwoup, lòt Òganizasyon oubyen lòt asosyasyon, men yo paka nan lòt pati politik.

Reglemen entèn yo:

Pèsonn pa gen dwa fè tèt li pase kòm kandida Fanmi an san yon otorizasyon ofisyèl.
Apre yon eleksyon primè, kandida ki pa jwenn viza ofisyèl Fanmi an pa gen dwa deside al nan eleksyon kòm endepandan.