samedi 17 octobre 2009

17 OKTÒB 1806-17 OKTÒB 2009, TOURISTA YO AP MENNEN NAN PEYI YA


DESALIN AN KÒLÈ AK ZAFÈ MINISTA SA A KAP TOUCHE PASKEL VIN KALE KÒL AK BENYEN NAN LANMÈ NOU YO NAN YOGANN

KI MÒ, KI TOUYE LANPERÈ

17 oktòb 1806 lenmi libėte ak demokrasi yo fė premye koudeta nan peyi ya . Depi lè sa a peyi ya mache de koudeta an koudeta jouk nou tonbe nan tchouboum. Se te yon koudeta kont moun ki te pi pòv yo, se pa te sėlman asasina yon gason vanyan, men se te yon panzou kont yon pwojè sosyete, yon kout kouto nan do kont yon klas sosyal. Avėk koudeta 17 oktòb la lekòl enpinite ya louvri pou li pa janm fèmen, paske asasen Desalin yo te vin chėf, avek kou deta 17 oktòb la lame ki te bay lendepandans lan kraze. Desalin mouri paske li te di premye janvye 1804 pap gen yon vòlè,yon kowonpi nan peyi dayiti ankò.

Desalin fèt nan kòmye Vye Kay abitasyon Granrivyèdinò le 20 septanm 1758. Li fèt nan esklavaj, li grandi nan esklavaj. Premye mèt li te rele Diklo, se yon dezyèm mèt ki te rele Desalin ke li pran non li. Desalin te yon kolon ki tap viv nan latibonit. A 33 zan Desalin libere, li soti anba jouk esklavaj. Moun ki te konnen Desalin di li pa te gen po nwa, li gen yon koule wouj brik. Li te gen anpil foug ak kouraj epi li te renmen zam.
Li te aprann metye chapantye pou li te viv.
Se Viktorya Montou, tant Toya kifė edikasyon Desalin. Yo te rankontre nan mòn kawo, nan zòn Sen Mak . Toya se te konseye politik Desalin, se te yon fanm lagè. Desalin te marye ak Claire Heureuse Felisite Bonheur nan vil Sen Mak le 2 avril 1800, men yo pa te gen pitit. Men Desalin te chaje ak pitit.
Desalin pase tout grad nan lame avan li rive jeneral an chėf lame.
Premye Janvye 1804 yo nome Desalin gouvėnė peyi dayiti. Pi ta li nome lanperė. Li gouvene peyi ya ak anpil fòs nan goumen pou tout moun gen menm dwa, kont retou blan franse yo sou teritwa peyi ya . Li reziste anba anbago, anba difamasyon peyi etranje yo, li batay kont tout koulè lènmi andedan tankou deyò. Malgre tou, li te ede lòt pèp. Finalman yon revòlt eklate nan Pòsali kont Desalin le 7 oktòb 1806, le 10 oktòb nan kafou 4 chemen nan vil okay rebėl Pòsali, okay ,aken fè yon gwo woumble pou rele aba Desalin, djab la kase chenn. Pi ta tout depatman sid leve kont li. Le 15 oktòb Desalin kite Machan avan poul desann bwa pou ale nan sid pou al kontrekare rebėl yo, li dòmi Monwi nan la sware, le 17 granm maten li te preske rive Pòtoprens. Nan wout la li remake pòtoprens wouj kon flanm dife. Li di aaaa Konpè Petyon ap mete dife nan kò yo, men sim fout rive nan sid se nan san, cheval mwen ap mache.
Konsa li rive sou pon an li pran nan yon anbiskad e yo touye li, yo rache li ti moso pa ti moso. Se Marisent Dede Bazil, ki te gen yon ti non Defile ki abiye tan kou se yon moun fou ki ramase rès kò wa.
Apre sa yo pase 40 ane moun pat ka site non Desalin, se nan lane 1846 prezidan Pierrot fè chante mès pou Desalin nan katedral okay la.
Desalin mouri, peyi ya vin divize an 3 repiblik epi ta anvan 20 lane, La Frans repran kontwòl peyi ya an 1825 li fė Ayiti peye 150 milyon fran.

Si nou gade byen se twa fanm kifė la vi Desalin, se Tant Toya, se Claire Heureuse ak Defile. Asasina Desalin se inogirasyon koudeta, ekzil, prizon ,arestasyon ak enpinite nan peyi dayiti. Apre 203 lane peyi ya toujou nan tchouboum. Se soti nan koudeta tonbe nan okipasyon, soti nan okipasyon tonbe nan koudeta.

Se pou pitit ki andedan peyi ya ak sa ki deyò monte yon feso pou sove Ayiti. Se linyon ki fė lafòs, yon sėl dwėt pa manje kalalou. Ayiti se manman libėte. Apre 203 lane lanmò Desalin peyi ya pa endepandan jodi ya ni politikman, ni ekonomikman, inegalite sosyal yo fann peyi ya an myėt moso. Yon medsen pou 10 mil moun, plis ke 5 san mil ti moun pa ale lekòl, anviwonman peyi ya fini, 70 pou san moun pa gen dwa a dlo potab, grangou tabli tou pa tou, koripsyon nan leta tounen la lwa, anpil fanm mouri nan akouchman. Enjistis, enpinite, inegalite, vyolans tėlman tabli nan peyi ya se 17 oktòb, chak bout kwen se Pon wouj.

Mėsi papa Desalin.



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net