lundi 1 février 2010

LIBERA

Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy!
N ap chante rekiyèm; rekiyèm pou frè n yo ki tonbe
N ap chante libera; libera pou frè n yo ki tonbe (bis)

Madan Letan ou te antre nan kay la
Ou jwenn mesyedam yo ajenou
chaplè yo nan men yo
De je fèmen yap priye priye yo
Ou jwenn mesyedam yo ajenou
chaplè yo nan men yo
De je fèmen yap woule mizè yo

Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy!
Ou kite twòp dlo nan je, ou kite san n ap koule
Ou kite vant nou mare madan Letan, nou inosan.
Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy!
N ap chante rekiyèm; rekiyèm pou frè n yo ki tonbe
N ap chante libera; libera pou frè n yo ki tonbe (bis)

Sen Pyè wa louvri baryè pou yo
Yo pat jwenn flè Yo pat jwenn sèkèy
Doulè lavi ya fini pou yo Noumenm nap pote dèy o.
Yo pat jwenn flè Yo pat jwenn sèkèy
Doulè lavi ya fini pou yo Noumenm nap pote dèy o.


Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy!
Ou kite twòp dlo nan je, ou kite san nap koule
Ou kite vant nou mare madan Letan, nou inosan.
Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy! Woy!
Nap chante rekiyèm; rekiyèm pou frè n yo ki tonbe
N ap chante libera; libera pou frè n yo ki tonbe (bis)


Farah Juste



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209