samedi 21 février 2009

Nòt pou Laprès Nan trete dosye Kandida pou Eleksyon 19 Avril 2009 pou Senatè Yo

Nòt pou Laprès

Nan trete dosye kandida pou eleksyon 19 avril 2009 pou senatè yo, Konsèy Elektoral Pwovizwa a rejte 2 fwa tout kandida Òganizasyon Fanmi Lavalas yo. Yon premye fwa, nan dat 6 fevriye, swadizan pou pyès ki ta manke; yon dezyèm e dènye fwa nan dat 16 fevriye, sou pretèks yon zafè Reprezantan Nasyonal ki ta dwe bay manda. Nan fè analiz chemen Konsèy Elektoral la pran poul deside mete Òganizasyon Fanmi Lavalas deyò nan eleksyon yo, men sa Fanmi Lavalas konstate:

1. Nan dat 6 janvye 2009, Konsèy Elektoral Pwovizwa a mete Òganizasyon Fanmi Lavalas nan lis Pati Politik ki enskri pou patisipe nan eleksyon 19 avril pou senatè, san Konsèy la pa janm bay repons sou dosye Fanmi Lavalas depoze nan Konsèy la, konsenan desizyon ki mete yon Ekip Reskonsab Tètansanm pou Kondwi Annatandan Zafè Òganizasyon Fanmi Lavalas.

2 San Konsèy Elektoral la pa janm bay repons sou dosye Ekip Reskonsab la,
Konsèy la asepte 16 moun enskri kòm kandida sou banyè Òganizasyon Fanmi
Lavalas, alòske eleksyon yo se pou sèlman 12 pòs senatè.

3 Olye Konsèy Elektoral la bay repons sou dosye Ekip Reskonsab la, nan dat desanm e nan yon lèt plongaye, Konsèy la kache deyè yon kesyon 2 gwoup, poul fè konprann li bezwen san delè, yon sèl lis kandida Òganizasyon Fanmi Lavalas, e sil pa jwenn lis sa a, lap deside sou dosye chak 16 kandida ki enskri sou banyè Fanmi Lavalas yo, grenn pa grenn. Se nan jwèt eskiv sa a, Konsèy Elektoral la rejte yon premye fwa tout kandida Fanmi Lavalas yo.

4 Devan anpil vwa ki leve nan anpil sektè nasyonal tankou entènasyonal sou ki valè
eleksyon sa a yo ta genyen, si yo ta fèt san Fanmi Lavalas, Konsèy Elektoral la rabat li sou yon zafè moun ki dwe gen manda Reprezantan Nasyonal Òganizasyon Fanmi Lavalas pou ta enskri kandida Fanmi Lavalas yo. Ak dezyèm eskiv sa a Konsèy la fè tankou Pons Pilat, Konsèy la tou metel an pozisyon poul jistifye tou sal fè déjà, e tou sal pare poul fè kont Fanmi Lavalas.

5 Malgre tout vire tounen Konsèy Elektoral la, Òganizasyon Fanmi Lavalas jwenn antant anndanl, sou 12 e sèlman 12 kandida Fanmi Lavalas, epi prezante lis non yo bay Konsèy la ansanm ak non moun ki gen manda pou reprezante Òganizasyon an bòkote Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Tou sa fèt nan dat ak lè limit Konsèy la te fikse: lendi 16 fevriye, a 4 trè nan apremidi.

6 Menm jou sa a, nan aswè, Konsèy Elektoral la rejte tout 12 Kandida Fanmi Lavalas yo. Se konsa, nan sa ki konsènen eleksyon ki ta dwe fèt pou senatè, nan dat 19 avril ane sa a, Konsèy Elektoral Pwovizwa a chwazi, e deside voye nan kanpe lwen, Òganizasyon Fanmi Lavalas.

Fanmi Lavalas pran nòt. Òganizasyon Fanmi Lavalas se zouti politik majorite Pèp la. Se vòt majorite Lavalas la ki, depi 16 desanm 1990 bay eleksyon kalite demokratik e lejitim nan peyi a. Fanmi Lavalas ap rapousib travay li nan mitan Pèp la, e kòm Òganizasyon Politik majorite Pèp la, ki se pòv yo. Nan goumen pou dwal, dwa poul patisipe, dwa poul chwazi reprezantanl, dwa poul viv tankou moun, Majorite pòv la pa janm bay legen.Lè tout manm patisipe nan desizyon sou zafè yon fanmi, sa ranfòse lespri ak abitid tètansanm nan fanmi an.Patisipasyon ak tètansanm se garanti klate ak transparans nan desizyon ak aksyon anndan yon fanmi. Klate ak transparans nan desizyon ak aksyon anndan yon fanmi, se bonjan sous jistis nan fanmi sa a.

Pòtoprens 18 fevriye 2009.


Pou Kowòdinasyon Òganizasyon Fanmi Lavalas:



Yves CRISTALIN
Administratè
Stephen FRANCISQUE
Sekretè


Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se LAVALAS

ASOH SOUFLE LANBI MOBILIZASYON POU MANDE RETOU TITID ANVAN ELEKSYON AVRIL 2009 YO

ASOH SOUFLE LANBI MOBILIZASYON POU MANDE RETOU TITID POU DENONSE TRAYIZON AK KOUDETA ELEKTORAL

Ann pwofite montre yon lòt fwa ankò nan yon manifestasyon pasifik, ke Fanmi Lavalas rete yon zouti pou demokrasi jèmen nan peyi Dayiti.
Nan dat 28 Fevriye kap vini la-a, kap fè Prézidan ARISTID 5 an depi blan vini pran li pou li pa fini manda li pèp ayisyen te bali a.

ASOH di « ALASO POU RETOU TITID .

Li klè kou dlo kòk, ke plan ènmi an se fini ak Fanmi Lavalas. Montre yo yon lòt fwa, detanzantan ke se pèp ki bay pouvwa . Fòk nou kenbe biltin vòt nou nan men nou pou nou montre ke nou vle eleksyon, pou nou di non, konplo sa a pap pase.
Eleksyon pa janm fèt nan Eksklizyon , Se seleksyon yo vle fè pou mete tyoul yo nan palman an. Fòn montre ke nou konprann jwèt la.
Kenbe flanbo diyite nou byen wo ,yo pral distribye lajan agogo pou fè divizyon gaye. Se pa san rezon yo kite n san travay , se pa san rezon yo kenbe nou nan trip, se yon konplo pou redwi nou a zéwo, yo pa baw manje, wap dépafini, lé ou dépafini ou paka mobilizé ou paka revandike. Erezman nou intèlijan .Byen konte mal kalkile. Mobilize pou nal di paka gen eleksyon ak yon ti gwoup ayisyen .
Fòk tout ayisyen kapab al nan eleksyon pou vote nan moun li kwè. Tout lavalasyen ki kwè ke li nesesè pou bay yon leson ak KEP ya, ak Patwon ki ba yo lòd sal sa a pou fèmen pèp la deyò, pou yo kontinye akselere tren koudeta a.
ASOH mande Kominote Entènasyonal la pou yo pran nòt. Si KEP ya ap pale de dwa gran moun li genyen pou déside. Se pa vre, paske pi fò lajan an se Kominote Entènasyonal la ki bay li.
Donk ASOH ap tann reyaksyon Kominote Entènasyonal la poul ka konnen si yo konplis nan ekate Fanmi Lavalas nan kous la.
KEP ya di lap aplike la lwa, Kisa ki anpeche li chita ak Prezidan peyi a pou mande Retou Prezidan Aristide an Ayiti, pou vini ranfòse Fanmi lavalas ,tout moun va fè yon sèl, pwoblèm manda pap janm poze ankò. La vinn kontinye konstwi bèl inivèsite nan peyi ya - Jwen ansanm ak lòt sitwayen ki vle travay pou mete Ayiti sou wout devlopman .
Ann pwouve ankò yon lòt fwa fòs mobilisayon nou, nap montre yo ke TITID rete prezan nan wonn sant lan, li poko pase , li se chimen limyè espérans mass pèp la .
Tout kandida Lavalas yo Samedi 28 Févriye dwe fè yon deklarasyon ansanm pou kore demand pèp arisen an « Ki se retou fizik Prezidan ARISTIDE .
Ki donk: Pasifikman, Mande pou ki rezon yo pa vle Lavalas al nan eleksyon.
Lamp demokrasi ya ki te limen nan peyi Dayiti ak Prezidan Aristid
29 Fevrye 2004, yo touye limyè ya lè yo anlve Prezidan an Ki te eli pou 5 an.
Kanada nou kontan ou pran nòt, Etazini nou kontan ou pran nòt,
AEC Asosyasyon Eta Nan Karayib la,le Mond entye pran nòt.

ASOH di nou
Viktwa se pou pèp ki rete mobilize pou sitiyasyonl chanjé , nou pa gen dwa bay legen. Nan twou san fon sa a, koudeta kidnapin nan mete nou la a, nou paka rete ap gade. Fok nou pran chimen linité pou wete nou ladanl .

Nou pap bwè lèt koudeta eksklizyon elektoral nan manmèl bèf trayizon .


Paris, le 15 Févrye 2009


AKSYON SOLIDARITE AK AYITI