mercredi 24 mars 2010

NÒT POU LAPRÈS

K A D A V
KOLEKTIF AKSYON POU DEFANN ANPLWAYE VIKTIM
#3, 2èm Enpas Lavo,Pòtoprens Kourye Elek:kadav01@yahoo.fr,Tel:36081707/3557-3138/37996781

Pòtoprens jou ki 23 mas 2010 la

Komite Ekzekitif Kolektif Aksyon pou Defann Anplwaye Viktim (KADAV), nan tèt kole ak Kolektif Anplwaye Linyon (KAL), yon lòt fwa ankò koube yo byen ba pou yo di Ayibobo Lonè ak Respè pou memwa tout frè n ak sè n nan Mas Popilè yo ki tonbe nan lokazyon Tè Tranble jou madi madichon 12 janvye 2010 la patikilyèman sila a yo ki te viktim Revokasyon gwo ponyèt Tè Tranble Koudeta Kidnapin 29 fevriye 2004 yo.

Kadav ak Kal, ap pwofite pou yo di tout lòt kanmarad alawonnbadè ki te viktim lòt Tè Tranble tankou Koudeta Kidnapin 29 fevriye 2004 yo Kouray epi pa lage batay pou yo ka jwenn Jistis ak Reparasyon pou yo ka viv nan diyite tankou moun. Konsa, Kadav ak Kal ap fè sonje 23 mas 2010 la fè 6 lane men longè depi 75 anplwaye Jounal Linyon yo te viktim Tè Tranble Koudeta Kidnapin 29 fevriye 2004 la ap sibi imilyasyon anba grif zentèlektyèl zagoloray Kolektif Non pon gongon ak lòt potanta towo gwonde nan Leta a.

23 mas 2004, 23 mas 2010, 6 lane men longè depi youn yo bay pou larenn Magali Komo (yon lòt Madan Maks Aldòf) ki te « sekretè » d Eta Kominikasyon peyi Lafrans te voye yon sèten Lyonèl Twouyo (yon lòt Lik Dezi), vin poze sele sou pòt Jounal Linyon lè yon lòt delakèz yo bay pou Lilyàn Pyèpòl yo di ki se yon jounalis te fin denonse anplwaye yo. Lyonèl Twouyo sa a ki rele tèt li zentèlektyèl te pran yon kamyon chaje kou Legba ak Asayan Gi Filip yo pou l te vin choute 75 anplwaye yo pou l te poze sele sou pòt Jounal la sou baz yon « Fèmti Pwovizwa » ki dire jis jounen jodi ya.

23 mas 2004, 23 mas 2010, 6 lane men longè depi zentèlektyèl GNB Zagoloray ap sèvi ak Leta pou yo fè zak briganday Revokasyon Pwovizwa gwo ponyèt pou imilye pwòp pitit tè ya ki pa GNB e ki pap janm GNB menm jan ak yo pou fè anbasad blan meriken ak blan franse rasis plezi.

23 mas 2004, 23 mas 2010, 6 lane men longè depi « minis » monte « minis » desann, « minis » vini « minis » ale, « minis » ale « minis » tounen, « minis » leve « minis » tonbe, Fèmti Pwovizwa larenn Magali Komo (Madan Maks Aldòf) la ak koumandan Lyonèl Twouyo (Lik Dezi) ya ki se de chanpyon nan fè Kadejak sou dwa moun ki pa GNB Zagoloray menm jan ak yo, fèk kare avi.

Detan lavi 75 anplwaye yo ak kòd fanmi yo makònen nan grif mizè, grangou, touni ak lòt kalte kalamite malouk ap soufri sou konsyans Zentèlektyèl san konsyans sa a yo vin pi angrave moun ki lòtè abi sa a yo ap fete plezire. Sa ki pi mal, se menm Zentèlektyèl kamikaz Kolektif Non sa a yo, de malveyan omajiskil, san nanm, san kè, san zantray, san ren, san fyèl, ki chanpyon na fè Kadejak sou dwa lòt moun ki pa GNB menm jan ak yo, ki jounen jodi ya ap pale de « Refondasyon Ayiti ».

Wi sa fè nou mal anpil anpil lè se menm Zentèlektyèl san manman sa a yo ki pran Leta an otaj pou yo kontinye fè abi, mechanste ak lenjistis sou manman ak papa pitit ki pa danse rabòday lavi ya sou menm kout tanbou de bouda GNB menm jan ak yo. Se sa tou ki esplike nan chanpyona Lakòripsyon, blan meriken bay Gouvènman Preval/Bèlriv la pote Lamayòl premye pri.

Kadav ak Kal kwè se plis ke nòmal, lè jis jounen jodi ya se menm larenn Magali Komo (Madan Maks Aldòf) sa a ki kanpe kin ap koupe rache san gade dèyè nan Ministè Kilti detan l gen tout pouvwa pou l kontinye bloke dosye Fèmti Pwovizwa Jounal Linyon an pou l pa janm rezoud pou l ka pote bòn nòt nan fè menm mouche blan meriken ak blan fransè rasis sa a yo plezi.

Nan lokazyon 6 lane Fèmti Pwovizwa larenn Magali Komo (Madan Maks Aldòf) ak koumandan Lyonèl Twouyo (Lik Dezi) a KADAV ak KAL ap di tout lòt anplwaye ki te viktim Tè Tranble Revokasyon Koudeta Kidnapin 29 fevriye 2004 ak plan madichon Newoliberal la Kouray. KADAV ak KAL kwè Tè Tranble 12 janvye 2010 la ak Tè Tranble GNB Zagoloray yo te fè 29 fevriye 2004 la se senkant kòb ak degouden monnen.

Toulede se peyi ya yo kraze miyèt moso detan yo lage yon bann kanmrad nan mas popilè yo nan katchouboumbe, tèt chaje, kalamite ak tribilasyon tout kalte. Okontrè Tè Tranble 12 janvye 2010 la ranje anpil GNB sa a yo ki te toujou sèvi ak zam abi, lenjistis ak lòt kalte mechanste pou konbat mas popilè yo detan yo pa janm neglije sèvi ak mizè yo pou yo fè gwo mago.

KADAV ak KAL di frè n ak sè n ak tout moun ki te viktim Tè Tranble Revokasyon Koudeta Kidnapin 29 fevriye 2004 la pou yo pa kite pèsonn kraponnen yo pou yo demobilize. Paske tout moun konnen aklè peyi ya pap janm al okenn kote ak menm GNB sa a yo ki chanpyon nan fè Kadejak sou dwa moun detan yo sèvi ak zam Revokasyon gwo ponyèt pou konbat pitit mas pòv yo. KADAV ak KAL ap di frè n ak sè n ki te viktim Tè Tranble Revokasyon Koudeta Kidnapin 29 fevriye 2004 yo Kouray detan n ap Kenbe Fèm pou n pa lage gwo Zam Mobilizasyon sa a nou gen nan men n nan. Kontinye Òganize n anba tant yo anba prela a yo anba dra a yo anba ranyon yo pou n kontinye reklame Jistis ak Reparasyon.

Kouray pou n Batay pou Leta a pa rete tout tan anba grif GNB Zagoloray yo pou fè Abi ak Revokasyon gwo ponyèt sou tout moun ki pa GNB menm jan ak yo. KADAV ak KAL ap di tout « minis » ki te konn e ki jis jounen jodi ya kontinye ap trete 75 anplwaye Jounal Linyon yo ak lòt anplwaye Revoke yo tankou chen yo, yon gwo dividal Mèsi anpil. Paske pèsonn pat janm kwè yo te ka bay pi bon rezilta pase sa. Yon peyi tèt anba, yon peyi depatcha, yon peyi an boulatcha kote abi, lenjistis, mechanste ak lòt kalte vyolasyon dwa moun fè 5 pou 5. Se konsa blan an vle l. Se konsa l ye. Men, l pap ka rete konsa pou tout tan.

Pou fini, KADAV ak KAL ap di tout anplwaye Revoke yo ki kontinye ap pase mizè anba tant yo, anba prela oubyen anba seren anba kout kalòt grenn lapli detan pitit yo ap soufri nan grif grangou ak lòt kalte maladi :
Kouray, Laviktwa se pou Pèp ki kwè nan Batay,
Kouray, Laviktwa se pou Pèp ki pa pè Batay,
Kouray, Laviktwa se pou Pèp ki konn Batay,
Kouray, Laviktwa se pou Pèp ki pa pè GNB Zagoloray,
Viv Lit Anplwaye revoke yo,
Viv Lit pèp Ayisyen an,
Aba Zentèlektyèl GNB Zagoloray Kadejakè.

Pou Komite yo
James DORVIL
KòdonatèAnnapre

"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209