jeudi 23 juillet 2009

28 JIYÈ 1915-28 JIYÈ 2009 : PÈP AYISYEN AN LEVE KANPE !


Nou menm dirijan òganizasyon sa yo nan mouvman popilè ayisyen an: ROC, RONMFL, Aba Satan, ONAPROEDEF, ALEH, FOKAN, CJDSCM ak divès lòt sektè nan peyi ya mete tèt yo ansanm e pran desizyon pou òganize yon gwo kokennchenn manifestasyon pasifik madi 28 jiyè 2009, pou n raple pèp ayisyen an yon dat madichon nan listwa peyi Dayiti ki se 28 Jiyè 1915. Lè blan meriken te debake nan peyi ya, kote yo te pase 19 lane ap okipe peyi yya, piye peyi ya, vòlè tout resous peyi ya ki fè jounen jodi ya peyi ya nan eta li ye la a.

Si nou fè yon ti bak sou listwa peyi Dayiti, lè blan meriken yo te debake ann Ayiti 28 Jiyè 1915, yo kraze lame endijèn nasyonalis nou an, mete kanpe yon jandamri, yo te masakre plizyè santèn ti peyizan nan Sid peyi ya (masak mach atè), yo te pran tout pò ak ayewopò nou yo, tout bank nou yo, kraze anviwonnman peyi ya nan koupe pyebwa elatriye. Avan okipasyon etranjè yo pa t genyen dwa pwopriyete, aprè okipasyon an 1934 yo te pran anpil tè nan peyi ya pou yo te ka pi alèz nan piye richès yo kouwè : Reynolds nan Miragwan, plantasyon Dofen nan Nòdès, kote yo te pase plizyè lane ap piye resous nou yo.

Pandan okipasyon kraze zo sa a, blan meriken yo te touye tout Ayisyen ki te leve kanpe kont yo, tankou Charlemagne Péralte, Benoît Batraville elatriye. Aprè anpil gwo batay, blan meriken yo te rive kite peyi ya nan lane 1934. men yo te kite anpil pyèj nan enstitisyon yo kouwè fòs militè yo ki te sou tèritwa a te pèmèt etan lakay yo kontinye gen kontwòl peyi a e fasilite yo retounen nan peyi ya an 1994 aprè koudeta militè 29-30 septanm 1991 lan, pou te pwoteje pwòp enterè boujwa yo nan kad aplikasyon politik neyoliberal la ki pote grangou, chomaj, mizè elatriye.

Lè yo wè prezidan Aristide te derefize aplike plan lanmò sa a, menm blan meriken sa yo marinen yon gwo konplo, yo fout li yon lòt koudeta 29 fevriye 2004 e yo debake nan peyi ya fwa sa a sou zòd òganizasyon Nasyonzini (Loni) nan mwa mas 2004.

Plis pase 9 mil sòlda Loni nan peyi ya depi 5 lane swadizan pou yo te vin mete lapè aprè yo te fin kreye lagè ak GNBis yo nan peyi ya. Depi sòlda Loni sa yo debake nan peyi ya se masak sou masak y ap fè nan tout peyi ya : 30 jiyè 2006, sòlda Loni yo matirize yon sitwayen ki rele Innocent Saint-Juste nan Gonayiv, nan mwa mas 2007, yo touye 3 timoun nan yon sèl fanmi nan Site Solèy, nan koumansman ane 2009 la yo touye yon elèv nan Jeremi, 18 jen ki sot pase la a yo touye yon militan Lavalas devan katedral, nan lokazyon antèman Pè Gérard Jean Juste. Sòlda Loni yo kraze anpil kay abitan Site Solèy, yo vyole jèn fi yo, yo bat etidyan yo, bonbade yo ak gaz lakrimojèn nan Fakilte yo, anpeche yo manifeste, pou yo ka pwoteje enterè gwo peyi kapitalis yo ak tchoul yo nan peyi Dayiti.

Aprè sòlda Loni yo fin fè tout masak yo sou pèp ayisyen an, pèp la toujou ap batay pou minista ale. Men nou konstate aprè echèk yo, yo vini ak yon pwokonsil, Bill Clinton ak yon lòt remèd chwal pou Ayiti. Pèp la di li pap bwè l.

Se poutèt sa nou menm òganizasyon sa yo ap pran beton an madi 28 jiyè ya pou n mande :

1- Depa fòs okipasyon Loni an Minista nan peyi ya.
2- Retou fizik e san kondisyon, doktè Jean Bertrand Aristide.
3- Piblikasyon salè minimòm lan ki fikse a 200 goud.
4- Liberasyon tout prizonye politik yo, rejim Préval/GNBis lan kenbe nan prizon.
5- Jistis ak reparasyon pou Roudy, militan Lavalas sòlda Loni yo te touye devan katedral la.
6- Refòm nan inivèsite Leta a, pou pitit pèp la ka al pran bon jan konesans syantifik.
7- Fè bak sou plan lanmò a, politik neyoliberal la ki pote privatizasyon, grangou, chomaj mizè elatriye.
Nou envite tout lòt sektè ki vle peyi ya reprann dwa granmoun li, ki pa sousou gwo peyi enperyalis yo, k ap batay tout bon vre pou genyen yon chanjman nan sosyete ayisyèn nan, pou kondisyon lavi mas pèp la chanje, vin pote kole nan manifestasyon sa a k ap koumanse devan moniman Dessalines lan, nan kafou aviyasyon, Pon-wouj madi 28 jiyè 2009 la apati de 9 vè tapan nan maten pou al bout devan lokal Loni an sou wout boudon an.

Yves Pierre-Louis
3407-07 61
Pétion Rospide
3407-81 72

http://www.fanmilavalas.net/