mercredi 6 janvier 2010

TOUT MOUN DWE KONTE, TOUT MOUN RESPEKTE MOUN

Lendi 4 Janvye 2010


Nan gwo rankont ki te òganize nan 2 Janvye pou louvri sou 4 Janvye 2010 avèk Reprezantan Lidè Nasyonal la Doktè Maryse Narcisse. Plizyè òganization Lavalas andedan Florid la te mobilize kòm Kowòdinasyon Lavalas Florid-Bahamas, RALID, Radyo Inite ak Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòtbòdlo(CFLHO). Doktè Maryse Narcisse te pale sou enpòtans pou Lavalasyen renouvle jefò tèt ansanm nan pou n ranfòse tout strikti Fanmi Lavalas yo endedan kouwè andeyò peyi ya. Nan menm ide sa a, li fè konnen tou ke kè l ak tèt li louvri pou l tande tout Lavalasyen sensèman pou n ka debouche sou mobilizasyon ki nesesè ya, pou ke se dènye premye Janvye ke Prezidan Aristid pase andeyò peyi Dayiti

Se Pou Sa:

Lè n konsidere mouvman seleksyon ke Prezidan Preval Òganize an 2009.

Lè n konsidere ke lap prepare l pou rebise n ankò menm seleksyon sa a an fevriye 2010.

Lè n konsidere mouvman eksklizyon mas pèp la pral debouche sou yon okipasyon manch long sou do peyi dayiti.

Nou deklare:

1) Tout Lavalasyen san distenksyon dwe pran reskonsabilite yo pou Lavalas triyonfe
2) Nou mande pou Reprezantan Lidè Nasyonal la fè tout sa l kapab pou l rasanble tout Lavalasyen ki gaye yo.
3) Pou tout Lavalasyen fonksyone nan respè chat Fanmi Lavalas la
4) Tout Lavalasyen dwe respekte tout desizyon Prezidan Aristid pran
5) Fòk gen yon gran rasanbleman an Ayiti anvan seleksyon Prezidan Preval la fèt an Fevriye 2010 kote tout manm Fanmi Lavalas Lòtbòdlo melanje ak tout manm Fanmi Lavalas an Ayiti pou n lanse mobilizasyon manch long nan pou jiskaske Prezidan Aristid retounen an Ayiti
6) Lavalas gen pou devwa pou fè echèk ak mouvman eksklizyon majorite ya nan pwosesis elektoral yo
7) Nou pran desizyon poun ranfòse tout kowòdinasyon aletranje yo, poun ka ede ranfòse mobilizasyon an, an Ayiti.
8) Yon Lavalasyen pa ka ranfòse Lavalas nan fè strateji nan lòt pati politik
9) Atik 8 nan chat Fanmi Lavalas pa rekonèt moun ki di ke se Lavalas yo ye pandan ke yap banbile nan lòt pati politik
10) Prezidan Preval dwe renouvle paspò e bay lesepase ya pou Prezidan Aristid tounen an Ayiti


YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM ANSANM, NOU SE LAVALAS





"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209