mardi 19 janvier 2010

NÒT POU LAPRÈS, FONDASYON ARISTIDE

Se avèk anpil tristès nap viv Katastwòf sa a ki ravaje peyi Dayiti.
Evènman trajik sa a frape tout moun. Anpil nan nou pèdi lavi yo.
Katastwòf natirèl san parèy sa a fè anpil domaj sou wout li, gwo domaj.
Anpil Depatman nan peyi ya pran gwo frap. Men Depatman Lwès, se vant mare, dlo nan zye.

Fondasyon Aristide koube l byen ba pou salye memwa moun ki mouri yo.
Fondasyon an mande viktim yo pran kouraj, sitiyasyon an pa fasil men kenbe la.
Tout kolaboratè pwòch Enstitisyon an pran angajman depi jou katastwòf la pou pote konkou yo bay mas pèp la ki nan gwo difikilte.
Peyi ya bezwen tout ayisyen san distenksyon. Se pou n depase tou diferans youn ka genyen ak lòt pou n pote kole nan yon gwo chenn solidarite ak pataj pou tout viktim yo.

Men tou, Fondasyon ARISTIDE pwofite di tout zanmi an Ayiti tankou aletranje ki enterese pran inisyativ mande Èd nan non Fondasyon an pou kontakte dirijan yo paske sa dwe fèt nan lòd ak disiplin pou eskanp figi enstitisyon an ka toujou rete entak.

Men 4 Telefòn referans nou voye pou moun ki enterese bay Èd MATERYÈL AK MEDIKAMAN ka rele nan lespri pou n endike yo nan Eta (State) y ap viv la men ki moun yo dwe rele : (954) 242- 0085 / (305) 305 7571 / (305) 851 5475 / An Ayiti (509) 3491 4465

Lè sa a moun yo pale ya ap di yo ki kote pou yo voye Èd Materyèl la ak Èd an Medikaman pou Fondasyon Aristide.

Fondasyon Aristide ansanm ak yon gwoup Medsen etranje akonpaye pa Jèn Medsen Ayisyen kite etidye nan Kiba ap enstale yon lopital mobil anndan Kanpus inivèsite Fondasyon aristide pou bay swen ak blese grav yo epi tout lòt moun ki an difikilte nan sikonstans lan.

Nan Rezidans Pwofesè ak etidyan Inivesite Fondasyon an genyen plis pase 4 Mil viktim ki pran refij. N ap mande tout moun oubyen lòt Enstitisyon ki kapab ede pou pote kole avèk nou pou n ka bay yon bon ankadreman ak 4,000 gwoup viktim sa yo.

Travay pou pote soutyen ak viktim yo anpil, sa mande anpil bra. Ayisyen toupatou ann pote kole.

Pou Fondasyon Aristide : Toussaint Hilaire / Direktè. 18 Janvye 2010


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209