samedi 31 janvier 2009

BAY PEYIA YON CHANS

Nan yon sosyete genyen tout sòt moun, e tout moun se moun nou pa gen dout sou sa. Yonn nan rezon prensipal ki fè nap batay nan politik, se pou envèsti nan moun , se pou amelyore kalite sitwayen yon sosyete bezwen chak jou pi plis. Pati politik yo empòtan anpil nan yon peyi , nou pap bliye enpòtans chak lòt enstitusyon ki konpoze èskèlèt leta-a. Chak enstitusyon gen ròl kapital yo ka jwe pou leta mache byen. Nap souliye tou andedan chak enstitusyon sa yo gen yon òganigram sa vle di tout bagay enpòtan e tout moun jwe yon patisyon pou fè sistèm nan vanse. Nap mete aksan sou yonn nan moun ki dwe jwe yon gran ròl , e nap presize si ou ta vle ròl ki pi enpòtan menm se antèt la, sa vle di moun kap dirije-a.Yon dirijan dwe gen tèt li anplas, san sa ou pa gen kalite rekòmande pou ta jwe ròl enpòtan sa –a. Nan menm chèn lide sa-a nou vle presize ke yonn pa fèt pou pran plas lòt, si sa fèt ap genyen kakofoni oubyen anpil dezòd. Yo pa jan fòse yon moun okipe yon pòs ke li pa kalifye pou li sof si pa genyen lòt moun menm ki ta kalifye pou menm pòs sa. Enterè pèsonèl dirijan fè yo avèg trè souvan. Lè yon kamyon genyen yon avèg kòm chofè lap chavire machinnan. Refleksyon sa-a valab pou tout lòt bagay tankou Leta ak enstitusyon. Souvan tou yon dirijan ap fonksyone, swivan jan lap aji ou wè se tankou yon chofè tèt mato lap aji . Nan ka sa yo se echèk sou echèk nap konte, Yon moun ki fè pati de ekip sa-a ,si li pa denon sa epi bat pou redrese sitiyasyon sa-a li se yon konplis. Se pou sa jodi-a nap akize pou laverite e pou listwa moun yo ki nan lavalas ki pran pòz dirijan pou rezon ekonomik sèlman-an. Nap di yo atansyon paske yap fè tò non sèlman a tèt yo, anmèmtan yap kontri bye pou kraze òganizasyon politik la ke majorite moun kwè ladannan. Nap mande doktè Maryse Narcisse , doktè Roudy Herivaux, Doktè Charlot elatriye pou yo reflechi byen si yon dirijan ta chwazi yon kouturyè pou ki ta travay nan lopital nan plas yo, Eske yo tap panse ke se nòmal pwiske se koutiryè li ye, ka koud sa vle di li ka koud tout bagay, mèm pati nan kò moun li ka koud tou ? Epi tou pandan nap regle Zafè pèsonèl nou map mande nou bay Prezidan Aristide yon chans poul ka tounen nan peyil, epi bay Peyia yon chans tou. Alors :Chaque chose a sa place et il y a une place pour chaque chose, mèsi.

ybell@fanmilavalas.net