vendredi 6 novembre 2009

AJANDA POLITIK POU TOUT LAVALASYEN:DIRIJAN - MANB OUBYEN MOUN KI VLE KANDIDA NAN ÒGANIZASYON FANMI LAVALAS

TOUT LIDÈ LAVALAS DWE ANGAJE YO NAN FÈ RESPEKTE PWOGRAM POLITIK LAVALAS LA KI NAN LIV BLAN AN KI RELE "VIZYON POU SOSYETE YA" AK IDEYOLOJI FANMI YAN, SPESYALMAN SA ATIK 5 NAN CHAT FANMI LAVALAS LA DI.

Tout dirijan ak moun ki vle vin yon kandida sou banyè òganizasyon Fanmi Lavalas dwe gen yon konpòtman ki klè ke tout moun ka konprann. Kouwè jan atik 52 a 53 nan chat Fanmi Lavalas la deklare l e jan li ye nan liv blan.

Atik 52
Yon kandida se yon sitwayen ki:
a) Ap defann lajistis, lapè ak dwa moun;
b) Vle travay pou pòv yo chita bò tab devlòpman an;
c) Kwè nan eksperyans 16 desanm 1990 la;
d) Konbat diskriminasyon sosyal;
e) Ap travay tout bon pou fè yo konnen Fanmi Lavalas la epi pou fè Òganizasyon yan vanse;
f) Montre li bò kote Reprezantan nasyonal la ki li menm fèl konfyans;
g) Respekte desizyon yo pran nan Òganizasyon an.

Atik 53
Fòk kandida a montre:
a) Li se yon bon lidè nan Òganizasyon an ak nan zòn kote li ap reprezante ya;
b) Li se yon moun dwat;
c) Li kapab fè travay la;
d) Li kapab patisipe nan brase lide epi travay ansanm ak lòt moun.

Yon moun paka Lavalas si ou pa yon bon patriyòt, yon bon Lavalas se yon bon sitwayen. Yon moun paka di ke se Lavalas ou ye lè wap pale nan non yon lòt òganizasyon, Lavalas se Lavalas. Estrateji lòt non òganizasyon simen konfizyon nan kan pèp la. Fòk nou tout sonje ke Fanmi Lavalas se Fanmi Lavalas. Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòtbò Dlo ap pwofite fè soti agenda ke li ta renmen tout dirijan ak tout moun ki di se lavalasyen yo ye e ki gen pou ta vin kandida yo dwe swiv. Nap toujou kapab ajoute sou pwen sa yo.
1-Travay pou mete yon inite total, oubyen jwenn yon konpwomi politik reyèl nan òganizasyon an. Obsève modòd trèv la pou jiskaske nou mete oganizasyon an djanm sou tout nivo.
2-Rete solidè ak ideyoloji Lavalas la toupatou, Nou pa bezwen chanje non ni al fè vye alyans pou 2 rezon : Zanmi w ap toujou avè w; lenmi yan pap janm fèw konfyans ankò. Modòdla se R.R= Rete Rèd nan Fanmi yan e pratike sa atik sa a di.

Atik 5
Òganizasyon sa a travay pou li:
a) pèmèt tout Ayisyen fè pwogrè nan kesyon politik, ekonomi, sosyete ak lakilti nan yon Leta ki chita sou lalwa;
b) fè tout Ayisyen rive gen menm chans;
c) fè yo devlope nan diyite ak respè dwa yo;
d) tabli yon politik ki ap bon pou tout sosyete ya;
e) ede manb li yo pase nan eleksyon pou kèlkeswa pòs la;
f) Kore pwogram manb Òganizasyon an te bati ya, fè yo konnen li tout kote epi fè yo swiv li.

3-Pou leta repare devan fondasyon an ak kay ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide la.
4-Mobilize pou retou a ka fèt pi vit, epi se pou gouvènman Prezidan Preval la ban nou dat retou wa, e li dwe fèt anvan Prezidan Preval ale.
5-Fè mobilizasyon an mache nan konvoke reyinyon san pran souf.
6-Reòganize ti fanmi yo, ak kreye plis ti fanmi nan tout kote
7-Mobilize pou yo lage prizonye politik nou yo,
8-Mobilize pou pèp la jwenn bon jan lekòl, manje, laswenyaj, bon jan enfrastrikti, wout ,limyè, dlo potab, epi travay.
9-Revandike dedomajman pou viktim koudeta 29 fevriye 2004 yo.
10-Mobilize pou Lavalas gen mo pal nan tout desizyon kap pran sou do peyi ya.
11-Mobilize pou manb òganizasyon yan eli nan eleksyon san magouy ki dwe fèt nan peyi ya.
12- Repekte konsèp ki etabli nan òganizasyon an pou ke fanm yo ka gen plas pa yo nan devlopman peyi ya, kòm li deja etabli trè klè nan atik 50 nan chat Fanmi Lavalas la:

Atik 50
Sou chak twa(3)kandida Òganizasyon Fanmi Lavalas nou dwe jwenn yon fi.


PAWÒL SA YO SE BON ANGRÈ KI POU BAY JARÈT AK LIT PÈP LA, NAN BATAY POU CHANJE LAVI SA KI PI PÒV YO.

YON LAVALASYEN SE YON PATRIYÒT. YON BON LAVALASYEN SE YON BON PATRIYÒT. LAVALAS SE LINYON FÈ LAFÒS.




"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net