samedi 16 janvier 2010

LETA DWE FÈ KOWÒDINASYON ANT TOUT MOUN KAP POTE SIPÒ A PEYI D AYITI, LETA DWE AN ETA DALÈT, PANDAN TOUT POPILASYON KI PA VIKTIM YO DWE POTE KOLE.

FONDASYON ARISTID POU DEMOKRASY DEPI JEDI OUVÈ BYEN GRAN AK DOKTÈ LADANN POU BAY SWEN AK POPILASYON AN

PEYI YA BEZWEN YON PLAN DIJANS, YON ENSTITISYON POU KOWÒDONE TOUT AKSYON KAP FÈT

Lè nap gade KATASTWÒF SA A.

Lèn konsidere jan pèp ayisyen yan andezawa.

Lèn konsidere jan tèt tout moun cho,

Lèn konsidere fòk tout ayisyen tout klas, tout koulè, jèn, granmoun, fanm tankou gason fèt pou kole zepol pou rebati ayiti.

Lèn konsidere gen moun ki dispoze ede, men yo pa konnen ki moun pou yo kontakte.

Lèn nap konstate sa kap pase nan televizyon, nan lari pòtoprens,

Lè nap tande nouvel nan radyo sou jan bagay yo ap pase.

Apre tout konsiderasyon sa yo nou menm nan CFLHO ap bay konsèy sa yo ki ka konsidere tankou yon ti patisipasyon nan sitiyason malouk sa a.

Fòk responsab yo etabli yon katye general an ijans pou kowòdone tout dispozisyon kap pran ak èd kap rive nan peyi ya.

Fòk responsab chak pouvwa ( ekzekitif, jidisyè, lejislatif) yo ki pa viktim yo, siye dlo nan je yo, chache yon abri pwovizwa pou yo kontinye fonksyone.

Fòk manm kolektivite teritoryal ak lòt responsab nan rès peyi ya mobilize fòs ak resous yo genyen pou pote kole nan kapital la ak tout lòt kote ki afekte.

Fòk tout patikilye nan yon domèn ou yon lòt kanpe epi òganize yo pa ekip pou yo patisipe nan:

ranmase kadav – (mòg prive yo, menm kan se nan lòt depatman peyi ya)
Dekonbre moun ki kwense anba dekonb yo ( konpayi konstriksyon yo dwe mete tout zouti yo disponib pou sèvi pèp la)

Pran swen moun ki nan bezwen ( tout lopital nan tout peyi ya ka vin pran enpe blese pou dekonjesyone capital la, fòk elikoptè yo transpòte nan tout lòt sant ospitalye yo moun ki blese yo, pou yo jwenn swen rapid)

Fòk responsab yo fè envantè kèk abri pwovizwa pou akeyi blese dabò e answit moun ki pa gen kay pou yo rete answit.

Epi lanse yon apèl pou moun ki vle bay kay yo ou kèk depo ou byen gran lokal ki pa kraze epi ki solid pou abrite moun.

Fòk ONG yo ki ka bay manje, òganize kantin popilè pou distribye manje kwit cho.

Chak gwoup sa yo nan diferan depatman ta dwe ap fè yon aksyon.

Fòk ta gen yon distribisyon klè ki fèt nan tout zòn ki afekte yo.

Responsab yo ta dwe fè yon demand a peyi zanmi yo pou bay ayisyen ki nan dyaspora a papye, pou yo gen chans ki ka pèmèt yo al wè fanmi yo epi antere kadav yo si yo genyen.

Mande peyi vwazen yo pou ka resevwa kèk viktim ki merite swen medikal.
Tout òganizasyon ta dwe fè envantè resous ak materyel yo epi pou yo di prese prese ki bout yap kenbe.

Tout moun ki vle pote kole dwe chache yon domèn e fòme yon ekip pou yo travay avèk li

Tout gwoup oubyen òganizasyon dwe gen yon pwogram ak yon plan pou yo travay. Moun ki nan bezwen pou w ède dabò “ bale kay ou anvan wal pwòpte kay vwazen”

Òganizasyon ou gwoup kap mande èd yo dwe fè lis tout sa yap bezwen anvan yo mande èd la, fòk lis la a klè Epi fòk yo dirije demand yo a yon enstitisyon byen presi ( yo pa dwe jis lansel nan radyo ou televizyon san yo pa konnen bay ki moun yap dirije demand la,

Leta tou dwe fè konnen ki yès ki responsab e kouman pou moun kontakte yo.

Etabli lis la dapre priyorite ak ijans. Pa egzanp – materyèl pou dekole moun nou repere yo pandan yon gwoup ap chèche lòt yo pa wè – medikaman ak manje – lojman provizwa – materyèl pou netwayaj, swenyaj,

Fòk responsab yo etabli yon lis kontak lopital ki disponib e komonike l nan tout radyo yo,

Dirijan yo dwe gen yon gwoup moun kap travay sou yon plan pou rebati vil yo.

Mobilize sant, dispansè ak lopital ki pi pre kapital la. Fòk tout gouvènman an montre presans yo nan popilasyon an pou bagay yo pa dejenere.

Fòk moun dyaspora yo kap rantre konn ak ki yès yo dwe pale, Fòk tout volontè yo kowòdone kote yo prale, ki sa yo pral fè, e nan ki domèn yo pral travay avan menm yo deplase.

Fòk estasyon radyo kap fonksyone yo òganize emisyon yo pou kenbe moral popilasyon an. Yo dwe kontinye fè travay mobilizasyon pou ede tout moun konekte ak fanmi yo. Epi bay enfòmasyon ki nesesè sèlman pa gen tan pou voye monte youn sou lòt.

Leta dwe entèdi mache nwa pou peryòd difisil sa a pandan lap sibvansyone gaz la epi ede pèp la fonksyone .

Fòk tout ayisyen ki kapab yo dwe jwe wòl sitwayen yo nan sitiyasyon sa a.

Fòk moun ki gen konesans nan zafè premye swen, bay direksyon kòman pou moun nan piblik la sekoure pwòch yo.

Fòk chak sitwayen transfòme tèt yo an yon responsab nan fè sa ki jis e nesesè , anka de flagran deli chak sitwayen se yon polis.

yon sipèvizè pou ki verifye si tout bagay ap mache kòmsadwa,( aparèy leta ak sitwayen bòn volonte) Epi yon gwoup kap panse ak teknisyen pou deja kòmanse prepare plan pou rekonstwi peyi ya.

Pou n fini se le moman ou jamè pou Leta, Legliz,Vodouyizan, Lekòl, Etidyan ONG,
Òganizasyon, Pati Politik, Politisyen, Sosyete Sivil, Sitwayen plis peyi zanmi yo, montre tout bon vre sa yo vo nan peyi dAyiti an tèm klè san blòf.

Tout lòt moun ka ajoute lòt ide ki manke yo (men anpil chay pa lou.)





"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209