mercredi 30 mars 2011

BÒN ANE LAFANMI (18 MAS 2011)

Yon bèl flè souri
Blayi sou figi zandolit
Ki griyen dan l
Mezi lajè machwè l
K ap gade an chat pent
Kòd bandjo pipirit twoubadou
K ap bouske akò lakontantman
Pou konpoze yon ochan tou nèf
Pou yon lane tou nèf
Ki t ap kouve ze mobilizasyon
Ki kale 18 mas
Yon bèl kòk kalite RETOU
Lafanmi t ap kouve
An n ride yo chante
Bòn ane Lafanmi

Sou pòpyè douvanjou
Souf lanmè fin neye
Nan lanvè lanjelis
Nanm solèy kankannen
Nan mitan laye lalin
K ap fè jouda nan fenèt lesyèl
Yon lane tou nèf fèk kale
Nan fontenn 18 mas 2011
Ann ride lalin klere
Tout lannwit ane sa a
Pou di bòn fèt Lafanmi

18 mas 2011
Yon lane kouray
Pou mare tèt koumansman
Pou tout kolibri koulè lapè
Al rache zepon ipokrizi
Ki fè pepinyè pil sou pil 
Nan kwen kolèt mouche kayiman
Ki koupe zèl devlopman
Rache dan devan chanjman
Ak pikwa destabilizasyon
Men jèm mobilizasyon donnen
Pou akouche yon lane 18 mas
Bon lane kòd fanmi
Bon lane patizan lavi


Awousa tout plimay
Simen zatrap koudEta
Nan kafou si m te konnen
Sot nan koridò pa tann te

Akouche 7 lane lekzil
Ponn 7 lane lanfè
Nan nich chèf baskou a
Men rasin revandikasyon
Kòd fanmi zwazo te plante
Kreve kòt bato mechanste
Ki donnen nan salon Wachintonn
Jis li fè retou a fè grenn
Ki vin mi 18 mas
Sou chimen pèp Lavalas
Bòn ane pitit lamas
Bòn ane Kòd Fanmi

 Bon ranmye vwayajè
Pote flè remèsiman
Nan laye larekonesans
Jis nan lizyè ziltik
Jis sou fontenn Lafrik
Kònen lanbi pwezi
Kite l koule akò kontantman
Pou di frè n sè n Lafrik
Yon Lavalas remèsiman
Kite l koule nèt ale
Tankou gout san militan
Nen pwent fizi asayan GNB
Pou di Lafrik vin fete ake n
Yon lane tou nèf
Ki fèk koumanse
18 mas ki sot pase
Bon lane Lafanmi

Laboratwa an chat pent
Nan fant dan agranman
Makonnen a vinèg mechanste
Konpoze pou ti peyi
Pwazon vyolan destabilizasyon
Ki kale rat do kale mera koudEta
Simaye nan chak kalfou
Men sewòm mobilizasyon
Kase may chenn lekzil
Pou dechennen rasin retou
Ki anchenn zèl lidè lakou a
Bòn ane patizan Lavi
Bòn ane kòd Lafanmi

Asid mobilizasyon djanm
Fonn baryè lanfè kanpe lwen
Pou pitit pwòp tè ginen
Chak grenn chaplè konviksyon
Nan litani mobilizasyon
Tankou flèch wozo pliye pa kase
Se yon mach pou monte
Jis dèyè tèt mòn nan Gonmye
Jis nan fontenn rezilta lit la
Pou kraze miray mechanste
Ki bare zegwi limyè retou a
Pou n pa di Bòn ane Lafanmi

Nan zepon kòk lakou
Vitamin angrè lanmou
Kwape zèb lamechanste
Ki fè laviwonn lantouray
Anndan sèvo reken ak kayiman
Malfini ki vole an maskay
Pou simen pwazon rayisman
Pou bloke machin fratènite
Ki fware rèv egalite
Ki mare de pye manzè lalibète
Fè katastwòf koudEta
Ak tè tranble destabilizasyon
Ki bay tsounami lekzil
Men pwa grate mibilizasyon
Konn bloke motè kou RETA
Pou fè limyè yon lane tou nèf
Klere sou chimen chanjman an
Bòn ane Militan konsekan
Bòn ane tout kòd Fanmi an

18 mas lane sa a
Yon lane nèf kou nèf pwent
Fèk kare koumanse
Lane pou n ta deside
Denonse ribanbèl san
K ap degringole koule
Sou lotèl peyi Libi
Pou makòn reken kayiman
Galgari sou de dan devan
Pou n ka di frè n sè n Libi
Bòn ane bon kouray nan batay

Twa wòch dife makònen
Wòch dife konsyantizasyon
Wòch dife mobilizasyon
Wòch dife detèminasyon
Ak flanm dife manifestasyon
Bouyi chodyè retou
Jèm lavi nan Twou Koukou
Zandolit rete sezi
Devan makòn rasis
Kimare nan pakèt ipokrizi
Potanta peyi zanmi ipokrit
Flonn lanmò twò piti
Pou tenyen jèm lavi
Zèb lanmò pa sifi
Pou kokobe ti flè lavi
18 mas 2011 ane sa a
Yon lane tou nèf fèk tanmem
Pou tout patizan jèm lavi
Pou patizan jèm lanmou
Bòn ane patizan Lavi
Bòn ane patizan pwogrè
Bòn ane patizan chanjman
Bòn ane kòd Lafanmi

J. Fatal Piard



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO
P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
www.fanmilavalas.net
info@fanmilavalas.net
312-735-6297