lundi 15 juin 2009

AYITI SE SÈL PEYI KE SALÈ MINIMÒM LI FÈ BAK ANBA FÒS EKONOMIK TILOLIT

SI PREZIDAN PREVAL REFIZE PIBLIYE LWA SA A, SE POU NOU BLOKE PEYI YA SOU LI, E SE POU FÒS TILOLIT KOUDETA SA A BAY PEYI YA.KISA W FÈ WAP PEYE? CHAK FWA PITIT OU LEVE VWA L, SE ANBA KOUT ZAM AK BAL CHANPWÈL GRAN MANJÈ KE YAP MOURI. CHAK FWA NOU MANDE TRANSPARANS AK PATISIPASYON, SE LAKWA YO VOYE DEVAN PÒT NOU. TANDISKE ZÒT DI LAP DIRIJE POU MAJORITE YA.
LÈ NOU REVANDIKE, NOU REKÒLTE LANMÒ AK DISPARISYON, IZMERI, PÈ TI JAN, GI MALARI, LOVINSKY, PÈ JAN JIS.
DEPI VRÈ PITIT OU AP BATAY POU FÈ RÈV ZANSÈT NOU YO VINI YON REYALITE, YO ITILIZE PITIT PÈP LA KI GEN CHENN NAN SÈVO L POU YO KA CHANBADE MOUVMAN AN. NOU DWE PASE CHÈCHE PREZIDAN PREVAL YON LÒT FWA ANKÒ POU N KA WÈ KI JAN LAP NAJE POU L SOTI DEVAN NOU. SE KOUDETA, KRAZE ZO, PRIZON, PWAZONNEN MOUN NAN PRIZON, AK MILITAN LAVALAS KE GI FILIP METE NAN PRIZON, KE GOUVENMAN PREVAL-PYÈ LWI YA KENBE NAN PRIZON POU YO FIN VANN PEYI YA PI BYEN.LÈW PANSE KE W KA KONTE SOU DAYIVA, NOU DI W DAYIVA PA FANMI, SE KOUT KOUTO NAN DO SÈLMAN LI KONN BAY. LI BLIYE KE SE NOU KI FÒS LI, FÒK NOU DEPLOGE BÒ KOTE L, POU N MOBILIZE SOU TEREN AN POU L KA REVEYE NAN SOMÈY TRAYIZON AN. LÈW LEVE KANPE KONT GRANGOU KLOWÒKS, DWÒG, KORIPSYON, BYEN PEYI YA KAP VANN AGOGO, GOUVÈNMAN PREVAL LA AP FÈ REPRESYON POU YO KA FÈMEN BOUCH NOU. NOU DI NON, NOU DWE PASE AL CHACHE PREZIDAN PREVAL YON LÒT FWA PASKE NOU PRAN TWÒP KOU. YO SÈVI NOU LANMÒ YON VRÈ KONBATAN NAN PLA MEN,PANDAN NAP MANDE JISTIS AK LAVI MIYÒ, DE BAGAY KE KONSTITISYON AN DI KE GOUVÈNMAN DWE BAN NOUSE POU NOU TOUT BAT LESTOMAK NOU, POU N DI ABRAHAM DI SA PAP FÈT ANKÒ.KOMITE FANMI LAVALAS AYISYEN KAP VIV LÒTBÒ DLO DI SE TWÒP ATÒ. LI LÈ POU NOU LOUVRI JE NOU, POU NOU LEVE KANPE POU MOBILIZASYON AN VANSE. VRÈ KONBATAN PA KA DEYÒ PANDAN KE MACHANN PEYI AP TAYE BANDA SOU MIZÈ PÈP LA. SITIYASYON AN KLÈ, KE GOUVÈNMAN PREVAL-PYÈ LWI YA PAP FÈ ANYEN POU AMELYORE MIZÈ PÈP LA. CHAK JOU KI PASE, YO ANTRE AYITI NAN YON TWOU KI PI FON. MOBILIZASYON MANCH LONG SOU BETON AN POU RETOU WA KA FÈT PI VIT, PASKE AYITI BEZWEN YON VRÈ KONBATAN, YON PATRIYÒT KONSEKAN POU LIT PÈP LA KA KONTINYE PI JANM.

YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM ANSANM NOU SE LAVALAS.

WWW.FANMILAVALAS.NET