mardi 8 décembre 2009

KEP SA A DWE ALE, PREZIDAN ARISTID DWE JWENN LESEPASE YA RAPID RAPID


Pòtoprens 7/12/2009
Konferans pou laprès

Nou menm nan RONMFL kap goumen pou tabli bon jan demokrasi san fòs kote nan peyi ya, rele laprès pou l denonse gwo konplo prezidan Preval ak fòs fènwa reyaksyonè yo ap manniganse kont mas pèp la.

Lè n tande Konsèy Elektoral Pwovizwa koupyon Gaillot Dorsainvil lan di l pral fè eleksyon / seleksyon san patisipasyon majorite nasyonal, ki andedan Fanmi Lavalas.

Lè n tande deklarasyon prezidan Dominiken an Leonel Fernandez te fè devan palman fransè ya, madi premye desanm, kote l te mande pou solda Loni yo rete nan peyi ya pou 10 zan ankò, jiskaske yo mete peyi ya sou titèl. Se menm vye pawòl dwat e gòch sa yo prezidan Préval toujou ap repete pou fè peyi ya rete anba bòt Blan.

Lè n konsidere gwo kriz k ap ravaje inivèsite Leta a depi plis pase dis mwa, olye prezidan Preval chache satisfè revandikasyon etidyan yo, se arete yo, mete yo nan prizon epi transfòme fakilte medsin an yon veritab komisarya, voye solda fòs okipasyon ak ajan Cimo yo al bonbade etidyan yo ak gaz lakrimojèn.

Lèn konsidere Prezidan Prèval ak tout ekip li ya ap aplike yon politik neyoliberal ak privatizasyon antrepriz piblik yo k ap mete anplwaye yo deyo nan bwat Leta yo san dedomajman. Anplwaye Viktim sa yo pa janm sispann reklame dedomajman ak reparasyon Leta dwe yo.

Lè n tande pati Prezidan Preval, Inite-Titanik ki fèk fòme ap peye kosyon pou chak kandida li yo:

10 kandida pou pòs senatè a 100 mil goud fè yon milyon goud
95 kandida pou pòs Depite a 50 mil goud fè 4 milyon 750 mil goud, ki kote Inite-Titanik jwenn lajan sa yo? Èske se pa lajan taks pèp la Prezidan Preval ap gaspiye nan fè konplo sou pèp la ? Depite Joachain Orelien nan Grandans peyi ya, ki menm rive touye yon jèn gason ki te rete lakay li, mete kaka chat deyò pou l di se Palè Nasyonal ki bay tout kandida Inite yo lajan pou y al enskri.

Nou menm nan RONMFL, nou di konplo sa yo pap pase, n ap kanpe ankwa kont li, se poutèt sa nou mande popilasyon an leve kanpe nan yon mobilizasyon manch long pou fòse KEP koupyon Dorsainvil lan rache manyòk li, bay tè ya blanch, paske odepa nan pwosesis pou bay chak pati yon nimewo, jwèt la gate, lòbèy pete, yo kenbe Inite-Titanik men nan sak nan vòlé. Mas pèp la di, li pa pral nan eleksyon ak vòlè sa yo ki sou pouvwa a. Fòk KEP sa a ale, epi mete yon lòt KEP tou nèf jan atik 289 konstitisyon 1987 la mande sa, pou KEP sa a ka endepandan pou l fè eleksyon san pati pri, san esklizyon, onèt, lib e demokratik.

Se nan sans sa a,RONMFL apiye inisyativ yon gwoup sitwayen pran pou mete yon petisyon deyò pou mande kraze KEP koupyon Dorsainvil lan e nou mande popilasyon an pou yo vinn siyen petisyon sa a jou k ap jedi 10 desanm lan soti 10 zè nan maten pou rive 2 zè aprèmidi, sou plas konstitisyon an channmas ak sou plas Dèmati an fas Palè Nasyonal.

Nou pwofite okazyon sa a pou n mande Prezidan Préval, voye lese pase ya bay Doktè Jean Bertrand Aristide, prese prese poul ka retounen nan peyil.

Yon sèl nou fèb
Ansanm nou fò
Ansanm ansanm nou se Lavalas


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209