vendredi 25 décembre 2009

NWÈL 197 MILYON, MOURI TÈT NWÈ SAN L PA MENM BAT ANBA DEZESPWA

Nwèl 197 Milyon


Pawòkèt gran kòzè
Klewonnen kòn lanbi
Tout bèt seren
Dòmi bò chimen
Pwoche vin koute
Yon doub ki tonbe
Menm krapo bizango
Nan ma labou Miso
Kreve kòd mannouba l
Nan ribanbèl lese frape
Nan Nwèl 197 milyon

Tout bèt seren
Tout bèt sèten
Tout bèt tenten
Bèt sendenden
Kouri san fren
Vin tande
Vin koute
Istwa kokenn trèt
Kokenn komokyèl
Komokyèl dekilakyèl
Nan fon lakou
Zentelèktyèl
Makrèl
Komokyèl
Dekilakyèl

Nan lakou Miso
Zòn non dwa
Zòt gen dwa
Gendwa fete nwèl
Nan reveyon
Chanpyona sanwont
Gogay san santiman
San pèsonalite

Zandolit pèlen
T ap plenyen
Bougonnen
San fren
Yon maten

Arebò douvanjou
25 desanm 2009
Sou fontenn Miso
Nan Nwèl mago
Menm bèt lokal
Menm bèt fokal
Menm bèt bokal
Menm bèt maton
Nan pèlen
Nan san wont
San santiman
San karaktè
San pèsonalite
Ret sezi
Kou mayezi

Zannimo
Ak palto
Gwo zago
San kè
San fyèl
San nanm
San nannan
Fache voye pye
Pou sa k pase
Sou lestomak
Fontenn Miso

Pawòl pale aklè
Pesonn pa konprann
Zen pete
Zen deboulonnen
Zen sefwe
Zen debalize
Gaz kole
San fren

Kakachat la deyò
Pise chat la vide
Dyare chat la gaye
Non tout oufò
Laplenndinò
Koze makou deyò
Koze pi santi
Pase ma labou
Operasyon kochon
Siklòn GNB
Jou Nwèl sa a
Koupe rache
Pote ale
Nan kòfrefò
Zannimo lokal
Zannimo bokal
Zannimo fokal
Sankatrevendisèt
Milyon lajan
Vèt kou powo
Tèt mòn Kenskòf

Jou Nwèl sa a
Sankatrevendisèt
Milyon ijans
Vole gagè disparèt
Pase nan fetay sekrè
Kòripsyon alagouj
Kou trip lafimem
Anba pye chwal
Pye chwal bankal
Nan patiray Kwabosal

Krikèt mangouyan
Makòn bèt vouzan
Kouri vit, debake
Vin gagari zen
Bonjan zen ki pete
Yon doub tou fre
Tonbe bip

Nan lakou koken
Teknisyen mazenflen
Nan lantouray Miso
Katye cho
Ki kankannen
Sankatrevendisèt
Milyon ki nan cho
Nan fon chodyè cho
Makòn zentèlèktyèl
Zentelèktyèl bandi
Maton nan trese
Riban lakòripsyon
Nan bèl poto
Detounman fon
Kwaze leuit pouriti
Dwèt men longè
Trese dyakout
Pou met mago
Twoke kòn
Pa makòn

Nan gwo chanpyona
Konkou lakòripsyon
Gwo match detounman
Plizyè milyon san
Plizyè san milyon
Plizyè mil milyon
Detounman san fon

Siklòn twoubouyon
Touwon sanfon
Zentèlektyèl zonzon
Zentèlektyèl maton
Maton nan bay mato
Maton nan vomisman
Maton nan detounman
Plizyè santèn milyon
Depatcha fay minit
Sankatrevendisèt
Milyon lajan

Machann pistach
Nan plenn Disis
Nan fon koridò
Nan Fon Palmis
Koze madichon
Anba pla pye
Tout ti chwal
Gwo zago ti zago
Menm chwal
Zagoloray
Chwal san plim
Menm chwal kaplim

Chwal lonètete
Fin deplimen
Anba kout zepon
Zepon lakòripsyon
Pa sote
Pa ponpe
Se pa anyen
Sankatrevendisèt
Milyon seza
Trepase
Depase
Fin pase
Fay minit
Nan fon dyakout
Dyakout makou
Touwon sanfon
Touwon san wont
Touwon san santiman
Zentèlektyèl vonvon
Zentèlektyèl makrèl
Komokyèl dekilakyèl

Marengwen sendenden
Kayiman sè reken
Makòn bèt san ren
Nan gouvènmangouyan
Nan gouvènmangous
Kase randevou
Nan chanpyona gagòt
Nan estad Miso
Katye ki nan cho
Pou al chofe mago
Boule nago
Ibo petwo kongo

Vye rat doremikale
Gagote nan chan kann
Sankatrevendisèt milyon
Vye teknochat maton
Maton nan bay mato
Vye chat abchdefgnb
Siklòn entèlektyèl
Dekoupe kòpyèz
Nan bòl mantèg
Nwèl sankatrevendisèt
Milyon lajan tou vèt

Pou yon albòm
Foto dekorasyon
Lepèp peye
Tèt ti nèg ti zòrèy
Razwa lakòripsyon
Koupe ra gagann
Sankatrevendisèt
Milyon ki disparèt
San l pa fè way
Lajistis tèt frèt
Ti Pòl pa voum
Ti Pòl pa pwèt

Tipòl pran retrèt
Okenn jij trèt
Pa wè pa tande
Pa radote
Pa denonse
Pa pwononse
Pa pwoteste
Ti Mamoun
Gwo Makou n
Maklouklou n
Madougou n
Koupe kou n
Rache tchou n
Ak razwa
Sankatrevendisèt
Milyon lanjan
Kaka Jako

Ti Mamoun gagote
Ti Mamoun boloze
Ti Mamoun vin pi fre
Li tèlman bafre
Li tèlman kraze

Defansè lamoral
Nan tribinal lopinyon
Pa plenyen di anyen
Pou yon matadò fon
Ki fè fon
Nan woulèt wòb
Makòn makou n
Makòn zenglendou n
Makòn lougawou n
Makòn madougou n
Makòn souflantchou n
Flonn kidnapè n
Kidnapè a kostim
Kidnapè plimeyank
Ak talon kikit
Menm lajistis pè

Matchòpwèl ti Mamoun
K ap vyole lougawou n
Nan plenn jounen
Sou tèt mòn Miso
Katye cho
Tete nan tete n
Tete nan manmèl
Sankatrevendisèt
Milyon yo souse

Ti Mamoun
Gwo Makou n
Madoudou n
Maklouklou n
Lave men l
Kou bòs Pilat
Pot bay palman
Bèl albòm
Foto dekorasyon
Pou sankatrevendisèt
Milyon tou won
Ala albòm chè manman

Yon maten 2 novanm
Sou zòtèy Plenndinò
Mò zandolit
Mò bout mamit
T ap plenyen
Bougonnen
Babye san fren
Pou jis byen lwen
Plizyè maten
Nan fon ginen

Teknik Lasyans
Jwenn kanpo
Menm pou lanmò
Akwòkwò
Teknik lasyans
Jwenn remèd
Remèd amen
Amèn Ayibobo
Pou ratibwaze
Sida pwenn fè pa
Grip konchon
Madichon
Grip pijon
Grip koulèv
Pon gongon
Rive pran plon

Pa gen remèd
Solisyon klowòks
Pou korije nanm
Pou lave move san
Ki kouri san fren
Nan koridò vennn
Move lawon vonvon
Zentèlektyèl koken
Zentèlektyèl sangwen
Jesyonè soufrisken
Fonksyonè sendenden
Gnb asasen
Gagotè
Piyajè
Gaspiyè
Atoufè
Kadejakè
kidnapè
Sanginè

Teknochat GNB
Makouchat ONG
ONG nan bokal
ONG kout Foukal
Boloze
Voye monte
Gagote
Koupe
Rache
Nan resepsyon
Resepsyon reveyon
Nwèl sankatrevendisèt
Milyon ki fè fon
Kay makou n
Ti Mamoun
Sankatrevendisèt
Milyon lajan
Fon ijans
Sefwe annijans
Vole gagè
Pran gwo pwen
Pwen disparèt
Pèdi lespwa
Nan mitan twoubouyon
Kòripsyon alagouj
Siklòn makouchat
Koutye GNB

Siklòn lakòripsyon
Nan dyakout san fon
Zentèlektyèl san ren
Zentèlektyèl san fyèl
Depatcha pwenn fè pa
KAse ren Nwèl
Sankatrevendisèt
Milyon tou vèt
Milyon tou nèf
Mouri tèt nwè
Mò sibit san bat
Trepase vole gagè
Antere san lantèman
Nan simityè kòfrefò
Zentelèktyèl zandò
Zentèlektyèl akwòkwò
Teknochat makou chat

Gran dosye
Gran gozye
Dòl bòkyè
Dyòl alèlè
Atoufè
Mouch avè
Vin bèbè
Kou wòch pyè

Di m ma di w
Pa plenyen
Se menm tenyen
Menm yenyen
Menm zarenyen
Menm bonbonyen
Menm mak salopri
Menm fabrik pouriti

Pawòkèt
Gran kòzè
Dyòl alèlè
Ret bèkèkè
Pa di anyen
Pa menm plenyen
Verite antere
Tou vivan
San lantèman
Anba mago
Granm maten
Verite mafweze
Kou lanman
Kou manman
Sou pwent lang
Jounalis dyòl alèlè

Agòch kalfou Miso
Rat primati
Manje pay kay
Laprimati
Depatcha mago
Rat do kale
Ak makouchat
Nan resepsyon
Ribanbèl pouriti
Ribanbèl salopri

Jou sa Nwèl
Mago monte
Brid sou kou
An tout ijans
Mago monte
Kou anbilans
Mago pa desann
Nan savann
Raboto
Kabarè
Kote siklòn
Vannen
Lavni marengwen
Ak lòt bèt
Sendenden

Nan reveyon
Nwèl mòn Miso
Kay koukou n
Ti Mamoun
Ki pa moun
Makòn zentèlektyèl
Nanm kòlòwòch
De grenn gòch
Teknisyen dwategòch
Maton nan plen pòch
Bafre ak gran gòj
Bèl gato chawony
Gagari nan fon gòj
Bonjan ji kaka chwal
Fè bon desè
Ak trip vètè
Nan gato chawony
Piye koupe rache
Devore degwobye
Dekoupe bèl kòpyèz
Gato plizyè milyon
Ki fè fon
Tout bon
Nan trip san fon
Teknochat san trip

Jako nan miso
Chanpyon nan radotay
Kase ponyen fèy silans
Kouvri gogay kabouya
Kouvri pil tata san koutya
Ki bafre nan gato
Fon ijans
Sou figi mangouyan
San konsyans
Sèmante
Pou pa rakonte
Pa radote
Pa devwale
Sa l wè k pase

Anwo Miso
Anba zèl gwo palto
Zentèlektyèl pouri
Teknisyen salopri
Konsiltan vomi
Fware zèl lavni
Gonayiv k ap soufri
Koperan konwonpi
Bafre nan fay minit
Plizyè santèn milyon

Nan prizon lenjistis
Bèna Mangous
Pwazonnen pè Janjis
Men w pa jwenn
Zentelèktyèl makou
Zentelèktyèl kadejakè
Zentèlektyèl lòbèy
Maton nan manje fèy
Ekspè estwopyè
Nan chanpyona mimi
Makou pa ka wè la

Fon prizon lenjistis
Chaje tankou legba
Ak prizonye konsyans
K ap soufri sou konsyans
Otorite san konsyans

Van twoubouyon
Kwape yon gwo fon
Jis nan fon dyakout
Tou won san fon
Tout makou gwo zo
Rale mwèl
Fon dijans
Ki nan anbilans
Anbilans lenkonsyans
Dirijan san konsyans

Nan simityè gagòt
Nan fon tonm makou
Sankatrevendisèt
Milyon lajan
Mouri tèt nwè
San l pa menm bat
Antere tou vivan

Wosiyòl katolik
Deplòtonnen chaplè
Jekwapandye
Lepèp toupisan
Nan tribinal popilè
Va jije sanginè
Jije kondane
Ansasen kadejakè
Lisansye nan volè
Doktora nan piyajè
Farawon nan kidnapè

Bèt seren radote
Jis machwè yo sere
Jis lalin sefwe
Jis lannwit trepase
Jis lawouze derape
Fon ijans gentan antere
Nan fon sèkèy anbilans
Lenkonsyans asye
Teknochat san konsyans
Zentèlektyèl repiyans


Gouvènmanlanman
Otorite san manman
Oligachi san nannan
Deklare kòripsyon lagè
Men tout dilapidè
Gang atoufè
Kale chèlbè
Kale postè
Fò Senklè
Fware fyèl Nwèl
Sankatrevendisèt
Milyon sèten

Makòn makou
Makòn koukou
Rat dokale
Kale kò yo
Tout kote
San kè sote
Machwè yo bade
Ak labou santi
Sankatrevendisèt
Milyon fonn annijans
Si se te rat pa kaka
Ou ta gentan tande

Men kan menm
Nwèl ane sa a fware
Nwèl ane sa a antere
Nwèl Sankatrevendisèt
Milyon antere
Anvan pak
Pakanpak
Nan fon tonm
Kòripsyon santi
Anba vès an chanmòt
Zentelèktyèl GNB
Fiyèt Lalo ti Mamoun

Nwèl lespwa kanni
Nwèl inikite pouri
Nwèl deblozay
Nwèl kakosal
Nwèl bout zòtèy
Nwèl esklizyon
Nwèl kòripsyon
Nwèl okipasyon
Nwèl vyòl
Nwèl ekzaksyon
Nwèl mechanste
Nwèl mechanste
Nwèl malere
Nwèl dan di
Nwèl ekzil
Nwèl kanpe lwen
Se nwèl lakay
Se nwèl 2009
Nan zantray ri nèf


J. Fatal Piard






"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209