vendredi 11 décembre 2009

AN AYITI, DWA MOUN VYOLE, BAFWE, MEPRIZE PA OTORITE ANPLAS YO AK TOUT MINISTA (ONU)

Aprè 2ème gè mondyal, yon ekip sitwayen nan plizyè peyi , nan mond lan te mete tèt yo ansanm , yo fòme yon òganizasyon nan lang franse yo ki rele (ONU ) Organisation des Nations Unis. Asanble jeneral òganizasyon sa, 10 desanm 1948 pran yon rezolisyon yo rele 217 A ( III ) Rezolisyon sa a se pou yo te pwoklame sa yo rele deklarasyon inivèsèl dwa moun. Dokiman sa a genyen anpil bèl ti pawòl nan entwodiksyon li sou zafè dwa chak grenn kretyen vivan genyen. Nan dokiman ki rele deklarasyon inivèsèl dwa moun lan genyen anpil bel pawòl nan 30 atik li yo ki pale de dwa moun. Fòk mwen diw pifò nan atik sa yo poum pa di tout vyole, bafwe , meprize pa reskonsab nasyon zini (ONU) yo tout kote nan anpil peyi yo pase.

Deklarasyon inivèsèl dwa moun lan nan peyi dayiti vyole, meprize, bafwe, pa otorite ki anplas yo avèk yon misyon nasyonzini (ONU) voye nan peyi ya, ki rele nan lang blan franse yo (MINUSTAH) Mission des Nations Unis pour Stabiliser Haiti. Mwen vle fè nou konnen kèk nan 30 atik yo ki nan deklarasyon inivèsèl dwa moun ki pi vyole se atik: 1, 2, 3, 5, 9, 11-1, 12, 13, 19, 20-1, 20-2, 21-2, 21-3, se atik sa yo ki pi vyole, bafwe, meprize.

29 mas 1987 yon lane, yon mwa kèk jou aprè rejim diktati, bout di Duvalye yo te fin tonbe, yon gwoup entèlektyèl kite rele tèt yo konstitiyan te ekri manman lwa peyi ya, ke nou tout rele konstitisyon 1987. Nan Konstitisyon 1987 la yo pale de dwa fondal natal. Dwa fondamantal yo se dwa tout sitwayen ta dwe genyen e ki ta dwe respekte. Mwen di ta dwe genyen e ta dwe respekte se paske nan sosyete ayisyèn nan genyen yon gwoup ki sanse pa gen sak rele dwa fondal natal pou yo, ale wè pou reskonsab yo ta respekte dwa sa yo.

Dwa fondal natal yo se : fòk tout sitwayen gen dwa pou li viv, an sante, an sekirite, fòk li gen aksè ak ledikasyon, fòk yo gen pwopryete prive, fòk yo gen bon kay pou yo rete, poum site sila yo. Sèlman pouw konnen plis de dwa fondal natal yo wap pran konstitisyon ayisyen yan ke tout ayisyen rele konstitisyon 1987 la nan paj 11 chapit 2 paragraf 1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8, 9, e 10, soti nan atik 19 rive nan atik 51 la wap enfòmew plis de dwa fondal natal yo. Map raple pou tout moun konstitisyon 1987 la genyen 298 atik ladanl.

Konstitisyon 1987 la otorite kap dirije peyi ya, jounen jodi ya avèk MINUSTAH / ONU, yo pa respekte ditou. Souvan genyen anpil òganizasyon ki toujou ap vante tèt yo di yo se gwoup ki pi eksperimante nan zafè dwa moun. Chak mwa, chak ane yo mete deyò gwo rapò sou zafè dwa moun, men yo pa janm pale sou tout dwa fondal natal pèp ayisyen yan ki pa janm respekte e ki vyole nan tout entegralite l.

Mwen prale pi lwen poum di nou kijan otorite ayisyen yo ak MINUSTAH / ONU vyole , bafwe, meprize tout dwa pèp ayisyen yan, genyen e yo vyole bafwe, meprize, konstitisyon 1987 la avèk deklarasyon inivèsèl dwa moun yo.

Kèk vyolasyon deklarasyon inivèsèl dwa moun avèk konstitisyon 1987 la.

1-.) Atik 3 deklarasyon inivèsèl dwa moun ak atik 19 nan konstitisyon 1987, atik sa yo nan de (2) dokiman sa yo vyole, sa se yon grav vyolasyon dwa kretyen vivan.
<< Paske atik nou site la yo pale de dwa yon kretyen vivan genyen poul viv se dwa ki pi sakre. Se tout tan otorite ayisyen yo ak reskonsab MINUSTAH / ONU yo ap retire dwa sitwayen ayisyen yo genyen pou yo viv. Depi prezans twoup << ONU>> yo isit yo masakre asasinen anpil moun nan site solèy ak bèlè e nan tout katye popilè yo, yo vyole tout dwa moun genyen pou l viv. Dènye ka vyolasyon dwa moun ki genyen poul viv MINUSTAH /ONU fè se 18 jwen 2009 pandan plizyè santèn milye sitwayen te soti tout patou pou vini rann yon defansè dwa moun trè koni nan mond lan. Pè Gerard Jean Juste yon dènye omaj. Ebyen jou sa MINUSTAH /ONU deside tire sou foul la retire dwa yon sitwayen genyen pou l viv dwa ki pi sakre. Nan menm ka ki pi resan yo lè nap pale de dwa moun genyen poul viv. Evens Jeune<>mouri yon fason trè sispèk nan pi gwo sant kaseral peyi ya penitansye nasyonal. Otorite ayisyen yo kap travay nan kolaborasyon avèk MINUSTAH/ONU pa janm bay okenn eksplikasyon sou lanmò sispèk sa a.>>

2-.) menm atik 3 deklarasyon inivèsèl dwa moun yo ak konstitisyon 1987 la atik 24 pale de pwoteksyon ak libète sa a ankò yon lòt grav vyolasyon dwa moun paske pa gen pèsòn ki reyèlman jwenn pwoteksyon kit nan men otorite ayisyen yo kit nan men reskonsab MINUSTAH \ ONU ale wè pou yo ta santi yo reyèlman lib. Si otorite ayisyen yo avèk MINUSTAH \ ONU te pwoteje sitwayen yo, lè yo te lakay yo, nan lari, nan biznis yo, yo pat dwe viv avèk enkyetid. Kote yo toujou pè pou yon bandi pa asasinen yo, pa kidnape yo, e yo toujou pè pou yon sòlda MINUSTAH / ONU pa tire yo, maspinen yo, vyole yo, kidnape yo, oubyen pou yon otorite ayisyen ki gen pouvwa pa asasinen yo menm jan yon kad nan ministè afè sosyal te asasinen yon jèn gason nan zòn bèlans paske yo te gen yon menaj pou yo de (2).

Si otorite ki reskonsab peyi ya jounen jodiya avèk responsab MINUSTAH / ONU yo te garanti pwoteksyon ak libète chak sitwayen. Defansè dwa moun trè koni, kodonatè Fondasyon 30 septanm lan Lovinsky Pierre Antoine pa te ka sibi yon anlèvman politik depi 12 dawout 2007 jouk jounen jodiya pou otorite ayisyen yo ak reskonsab MINUSTAH / ONU yo pa fè anyen pou militan dwa moun nan sitwayen Lovinsky Pierre Antoine jwenn liberasyon l ou byen di kisa ki te rive jou 12 dawout 2007 la. E yo ta bay eksplikasyon sou tout ka kidnapin ak asasina ki fèt sou anpil lòt sitwayen anndan peyi ya.

3-.) Arestasyon ak anprizonman ilegal se yon lòt grav vyolasyon dwa moun. Alò konstitisyon 1987 la nan atik 24-1, 24-2, 25, 25-1. 26-1, 26-2, 27-1, ak atik 9 deklarasyon inivèsèl dwa moun yo pale kijan pou arete yon sitwayen ki fòm trètman pou yo ba li nan moman arestasyon an , moman detansyon li, moman jijman ak moman lap pije pèn lwa prevwa pou enfraksyon li komèt la. Ebyen pou otorite ayisyen yo ak reskonsab MINUSTAH / ONU yo se le kontrè, paske yo arete moun andeyò la lwa, san manda, yo pa mennen devan jij natirèl yo, jan konstitisyon an di l la ,nan sant kaseral yo genyen sitwayen ki nan prizon depi 5 lane yo pa janm mennen yo devan yon jij.

Konstitisyon 1987 la ak deklarasyon inivèsèl dwa moun yo di yo pa gen dwa kenbe sitwayen ki fin jije menn kote ak sila yo kap tann jijman. Ebyen otorite ayisyen ak responsab MINUSTAH / ONU yo lè yo arete sitwayen yo mete yo pil sou pil nan penitansye nasyonal pi gwo sant kaseral peyi ya. Pi lwen atik 44-1, konstitisyon 1987 la di tout prizonye dwe jwenn tout respè dwa li genyen menn jan avèk tout lòt kretyen vivan. Nan penitansye nasyonal ak tout lòt sant kaseral Nan peyi ya, dwa okenn prizonye pa respekte, si dwa te respekte Ronald Dauphin ki nan prizon depi plis pase 4 lane pou konviksyon politik li e ki malad ta jwenn swen sante nan nenpòt lopital , nan nenpòt ki peyi sou kontwòl otorite lajistis yo. Paske se yon dwa li genyen pou sa. Si dwa prizonye yo te respekte otorite yo ta va mete an piblik rezilta otopsi kite fè sou kadav Evens jeune (Evens tikouto) kite mouri de fason sispèk nan penitansye nasyonal. Si dwa prizonye yo te respekte, otorite lajistis yo avèk responsab MINUSTHA / ONU, ta pibliye rezilta ankèt yo tap mennen sou dram kite pase nan penitansye nasyonal jou kite premye desanm 2004. Kote te gen plis pase 100 prizonye kite pèdi la vi yo jou sa a.

4-.) Lòt ka vyolasyon dwa fondal natal pèp ayisyen an se nan atik 41 konstitisyon 1987la ki di klèman ; yo pa gen dwa ekzile okenn sitwayen ayisyen. Wi yo pa gen dwa fòse okenn sitwayen ayisyen pou li kite peyi l, pou okenn kòz. Yo pa gen dwa fè yon ayisyen pa ayisyen ankò. Yo pa gen dwa wete dwa yon sitwayen pou nenpòt ki kòz politik. E byen lafrans, kanada, peyi blan meriken ak ONU, debake nan peyi ya 29 fevriye 2004 kidnape, fòse Mennen an ekzil jouk nan peyi afrik di sid prezidan konstitisyonel peyi ya Doktè Jean Bertran Aristide kite gen yon manda pep la bali pou 5 kan.

5-.) Vyolasyon dwa pwopryete prive konstitisyon 1987 la nan atik 36, 36-1 , 36-2 , klè sou dwa sa a. Dwa sa a li menm MINUSTAH / ONU yo pa respekte l ditou paske nan milye peyizanri ayisyèn nan, elvaj ak gadinaj se yon pwopryete prive li ye . Alò solda MINUSTAH / ONU yo tout kote yo pase nan peyi dayiti yo pran, yo volè, ak tout kyetid yo, tout ti kabrit peyizan yo posede. Lè nou konnen peyizan yo pa jwenn okenn ankadreman nan men otorite yo, se avèk ti kabrit yo, yo degaje yo pou yo peye lekòl pitit yo. Ki lòt vyolasyon dwa fondal natal pèp ayisyen pou MINUSTAH/ONU ta fè ankò?

6.-) Vyolasyon dwa fondal natal pèp ayisyen an se zafè ledikasyon ak fòmasyon ki li menm vyole anpil paske nan atik 32, 32-1, 32-2, 32-3, 32-4, 32-5, 32-6, 32-7 -32-8, -32-9, 32-10. Leta demisyone nan zafè sa a paske yo pa pemèt tout timoun ale lekòl e yo pa peye pwofesè yo nòmal selon sa konstitisyon an di pou m ale pi lwen pou m ta di nou konbyen timoun ki gen 6 pou rive 12 lane ki pa ale lekòl tout moun ta mete men nan tèt pou rele anmwe kont otorite yo. Alò atik mwen sot site la yo di lekòl ak materyèl pou timoun ki nan klas primè dwe gratis, si mwen ta fè yon ti kout je nan zon metwopoliten an, nan pòtoprens pou m di nou konbyen timoun ki gen laj 6 pou rive 14 lane ki nan lari kap mande, kap fè chany, lave machin, pouse bourèt, leve sak, vann dlo , anba je otorite yo ki toujou gen bèl diskou chak fwa yap chèche lajan pou yo mete nan bidjè yo. Men depi bidjè ya fin vote yo bliye si timoun sa yo gen dwa pou yo ale lekòl.

7-.) konstitisyon 1987 la pale de dwa tout sitwayen genyen pa rapò ak kondisyon yap viv, konstitisyon an di leta dwe garanti ke tout sitwayen jwenn swen sante, kay pou yo rete ak sekirite sosyal dwa sa a se yon dwa ki pa respekte pou pèp ayisyen an, paske otorite peyi dayiti yo pa pèmèt sitwayen yo jwenn swen sante , manje pou yo manje , kay pou yo rete , ki pou pèmèt yo viv an sante ki vle di yo gen dwa ak sekirite sosyal. Jounen Jodi ya tout dwa pèp ayisyen an vyole , bafwe , meprize pa otorie anplas yo ak responsab MINUTAH / ONU yo .

Dwa pèp ayisyen an tèlman vyole mwen pa kapab pale de tout, se sak fè mwen mande chak grenn kretyen vivan kèlkeswa kote yo ye sou latè, li deklarasyon inivèsèl dwa moun yo ak konstitisyon 1987 la pou w ka wè kijan otorite ayisyen yo ak responsab MINUSTAH / ONU yo vyole nan tout entegralite tout dwa fondal natal pèp ayisyen yan genyen e kijan MINUSTAH Nation Unis vyole deklarasyon inivèsèl dwa moun ki gen 61 lane depi li ekziste .

Pèp ayisyen kèlkeswa kote nou ye, nou toujou tande otorite ayisyen yo ak responsab MINUSTAH / ONU yo mete ansanm ak kèk òganizasyon ki di yap defann dwa moun toujou ap bat lestomak yo pou bon jan amelyorasyon ki genyen nan kesyon sekirite ak respè dwa moun. Mwen mande nou yon lòt fwa ankò pran deklarasyon inivèsèl dwa moun asanble jeneral nasyon zini te pwoklame 10 desanm 1948 nan yon rezolisyon yo rele 217 A (III) ak konstitisyon 1987 la ki pale de dwa fondal natal yo e na wè kijan otorite kap dirije jounen jodi ya ak reskonsab MINUSTAH / ONU yo vyole tout dwa nou genyen pou n viv kòm moun, si nou rete ap gade otorite ayisyen yo ak reskonsab MINUSTAH / ONU yo nan je , nan jan yap vyole , bafwe , meprize tout dwa nou genyen pou n viv. Yap kontinye vyole dwa nou plis yap ramase tout richès nou voye nan lòt peyi.

Nou menm kap peye taks nan ti sa nou genyen, pitit nou paka ale lekòl , manje, jwenn swen sante , si nou rete nan systèm peze souse sa a sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou. Se sak fè mwen mande pou nou fè yon chenn solidarite pou n defann dwa nou otorite ayisyen yo ak reskonsab MINUSTAH / ONU yo ap vyole , bafwe, meprize. Paske yon pèp ki leve vwa l poul defann dwa fondal natal li se yon gran pèp. Pèp sa ap rive transfòme sosyete li ki nan yon leta kap vyole dwa moun pou li vini nan yon leta de dwa.

Pèp sa a va ranmase devan tout lòt pèp ki genyen yon leta de dwa tout diyite ke l te pèdi. Lè sa a tout lòt nasyon ap respekte l, paske li rive transfòme peyi l ki genyen yon leta ki tap vyole dwa moun, yon leta ki tap ankouraje enpinite, yon leta ki tap ankouraje krim ak injistis sosyal. Pou li vini nan yon leta de dwa kote tout dwa fondal natal pèp la respekte. Paske respè dwa moun, jistis sosyal ak leta de dwa se motè ki kapab mete yon pèp, yon nasyon , yon peyi sou ray devlopman dirab e total kapital. Mèsi



MESILIEN Wilson

Sitwayen Ayisyen/Kodonatè Nasyonal,A.I Fondasyon Trant Septanm

Pou kontak : wilsonajl@yahoo.fr

tels: (509) 3435- 2654

(509) 3780- 9077

(509) 3803-1501


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209