mardi 27 octobre 2009

ANONS MÒTYÈ


Nou anonse avèk anpil tristès lanmò,Jeanette Geffrard Manb Fanmi Lavalas ki te fèt yon fason sibit, san ke moun pat atann.

Jeanette te fèt nan lane 1973, li kite tè ya jou kite 4 oktòb 2009 la, a 4è 45 nan maten. Jeanette mouri kite 4 pitit. non yo se Karlens Geffrard, Jessica Jean, Meri Frederic ak Amelet Frederic.

Antèman te chante nan lendi 12 oktòb 2009 la. Jeanette se moun Diti, Premye seksyon Ansafòlè. Li te toujou mete l disponib nan tout aktivite Fanmi Lavalas tap òganize,anvan menm li te kite nou, li te ansanm ak nou nan reyinyon ebdomadè Baz Fanmi Lavalas ki soti fèt nan Nòdwès dènyeman.

Nou menm nan Fanmi Lavalas, nap voye kondoleyans bay tout fanmi yan nan moman ki difisil sa a. Ke Jeanette al tou dwat nan de pla men papa Bondye.


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209
www.fanmilavalas.net