mercredi 13 mai 2009

DAYIVA PA FANMI, FANMI LAVALAS SE PÈP LA


Se pa yon koensidans ke Prezidan Aristid pa janm fini yon manda an Ayiti. Prezidan Aristid te toujou di, pito l echwe ak pèp la, tan pou l rive san pèp la. Men Prezidan Preval chwazi pou l rive san nou, kou sa a fè nou mal. Fanmi Lavalas te fè yon travay espesyal pou li te kataloge resous peyi ya pou pèp la ka konnen kote yo ye. Pou yo ka konprann poukisa fòs entenasyonal yo ak fòs fènwa an dedan peyi ya ap batay rèd pou ke se yo ki genyen batay la an Ayiti, kont pèp la, nan mete gouvènman pèpè pou fè travay yo.

Nou gen lò, gaz ak tout lòt resous natirèl yo. Lè yo vle vin banboche ladan yo, Prezidan Aristid di, nou bezwen lekòl, dlo potab, wout, elektrisyte, agrikilti, fib optik, travay nan respè ak diyite, men zòt vle pran tout bagay pou piyay. Lè nou di yo wayan, kèk sèvèl wòwòt ki pa konn ki jwèt makab mesye yo ap jwe andedan peyi a, fè konplo ak yo pou destabilize lit pèp la.

Tout dosye Fanmi Lavalas te manyen, dosye sa yo te reprezante enterè nasyon Ayisyen an. Kòm egzanp dosye restitisyon an, lò agogo ke Kanada ap pran an Ayiti. Kanada se dezyèm pwodiktè mondyal nan zafè lò, tandiske, lò ki an Ayiti ya pi gwo ke lò li gen lakay li. Se sèl yon koudeta ak konplisite gouvènman Preval la ki pou ta bay lò sa a san regleman, tandiske pèp la nan grangou, nan chalè, pa gen travay, ki kote sa ap rive? Ki lè Ayisyen ap leve kanpe pou l di sa a pa nòmal?

Richès ke nou genyen anba tè ya ak anba lanmè ke mesye yo ap vin pran tout jounen san ke leta ki la pa gen okenn kontwòl sou yo. Se tout rezon sa yo ki fè Fanmi Lavalas pa ka rete sou pouvwa a, paske nou pap vann yo gratis. Byen sa yo, se san zansèt nou yo ki te koule pou yo, se pou tout pitit peyi ya yo ye..

Pèp ayisyen, lè ya rive pou nou monte drapo mobilizasyon an byen wo, pou nou sipòte retou Prezidan Aristid an Ayiti. Pa gen tan ankò, nou nan dlo e nou pa ka konte sou dayiva, paske dayiva pa fanmi.

Fòk ou fè chenn solidarite ya ranfòse pou nou ka soti nan tèt chaje sa a. Ou vote dayiva pou retou, li bawou asid batri nan trip ou. Ou leve kanpe kont grangou klowòks, li ba wou diri pèpè pou 22 jou.

Eske se pou sa nou te travay Pèp Ayisyen?. Ou pa bezwen gwo linèt pou wè ke dayiva ap kite w neye nan basen klowòks, grangou, injistis ak lamizè. Ou mande jistis pou viktim koudeta 2004, zòt baw kidnaping Lovinski, ak anpil militan Lavalas ki nan prizon e gen kèk nan yo ki mouri deja nan prizon e lòt ki prèt pou mouri si yo pa jwenn tretman. Tout sa pase anba gouvènman Prezidan Preval la, san ke yo pa janm wè yon jij depi senkan.

Frè n yo ap fè grèv grangou nan palman an, kay pèp la, bouwo lapolis mele ak bouwo MINISTA fè presyon sou yo.


Palmantè yo mande eksplikasyon sou lajan petwokaribe, dayiva pa di anyen. Zanmi ak fanmi dayiva ap naje nan koripsyon nan lona, nan achte gwo kay an deyò Ayiti, kòmsi pa ka gen gwo kay nan peyi cheri nou an kap peye taks.

Nou menm Fanmi Lavalas, nou kwè nan eleksyon kòm yon zouti demokratik, dayiva bannou eksklizyon pita pi tris pou Prezidan Aristid ka rete deyò.

Pèp ayisyen leve kanpe kont seleksyon san tèt, san pye ke dayiva vle fè, mobilize nou kont strateji makab sa a Dayiva ap Menmen pou l kenbe tout pouvwa a pou li, menm jan li te fè deja. Li soti nan yon premye twou, li anonse yon dezyèm twou, genlè li pa konprann ke pèp la rejete gouvènman dezespwa sa a ak souflèt Pòt Fèmen Lari Blanch la.
Pèp ayisyen pou retou a ka fèt pi vit gen yon sèl mo dòd : Kloure Pòt, manifeste sou beton an. Devan palè ya se devan kay pèp la, mobilize nou an fas palè ya chak jou, pou retou a ka fèt pi vit.


YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM, ANSANM NOU SE LAVALAS.


BAZ FANMI LAVALAS DELMA 31