vendredi 29 mai 2009

KOURAJ AK FANMI E ZANMI REVERAN PÈ GÉRARD JEAN-JUSTE


Kouraj ak Fanmi e Zanmi Reveran Pè Gérard Jean-Juste.

Lenmi pèp la ak fòs fè nwa, ki nan Pòtoprens, Vatican, Wachintonn, Pari, Monreal, ak Santo domengo bat bravo la kontantman lè yo kanpe sou tèt mòn lopital, oubyen nou te ka di sou tèt la tou efèl pou yo asiste ak limyè pè Jean Juste kap disparèt sou basen Pòtoprens. Etwal sa pa file tankou san manman yo imajine l, etwal la chanje plas pou li kontinye klere je mas pèp la.

Lap kontinye klere chimen ayisyen san papye Nan Pari, Nouyòk, Monreal, Sen Domeng elatriye. Mechan lakay ak kriminèl lòt bò dlo, kolon blan ak kolon nèg dayiti asasinen avoka ayisyen san papye yo, ki pa gen men l tranpe nan anyen ki sal pandan yap kriye konplo kont avoka piyajè kap fè zak malonèt.

Pè Jean-Juste se te yon sitwayen onèt, yon nonm ki gen lafwa, ki te bay tan li, konesans li pou kòz pèp la. Jodia li bay vi li tankou Jezi Kris pou pèp ayisyen an.

San manman yo gaye nan tout biwo leta yo an ayiti tankou nan lòt bò dlo, pouvwa an plas la pote reskonsabilite tout zak brigandaj ekip tranzisyon an fè, tankou touye Pè Jean Juste, maspinen moun Bèlè, Sité Solèy, Matisan elatrye.

Pouvwa a mare sosis li ak zak brigandaj nan administrasyon piblik yo, li bay jarèt nan kenbe inosan nan prizon pou angajman politik yo. Pouvwa a mache tèt bese tankou yon kamyon san limyè, san fren nan koripsyon. Chak jou ki pase, youn nan limyè demokrasi a mouri, nan oganize eleksyon bouyi vide, nan retire chak jou dwa ak libèté pèp ayisyen an. Jèm divizyon jèmen nan mitan popilasyon an. Apre jistis la pran an otaj ak malfra, magouyè.

Koripsyon tounen angrè nan jaden leta a. Pèp la ap benyen nan kras, ak pwoblèm sante, edikasyon, ak grangou. Move pratik sa yo pè Jean-Juste tap defann fè l pèdi lavi l pou pèp ayisyen an.

Disparisyon sa a se yon kout ponya nan kè chak ayisyen kap benyen nan la mizè, yon gwo gason vanyan ki pat janm detache li ak konviksyon l pou respè pèp ayisyen an. Lanmò sa a lèse nan kè tout ayisyen yon dèy pou tout lavi.

Ki diferans ki gen ant pouvwa tranzisyon an ak ekip 2006 la, ki chak jou pi plis vle plonje peyi a nan dezespwa?

Latòti touyé kò a, men li pap ka touche lespri a. Sann nan ap tounen angrè pou fè lajistis sosyal, libète, donnen nan peyi a.

Nou desann nou byen ba devan kadav nonm sa, pou kouraj li ak konviksyon l pou yon lòt ayiti. Kondoleyans ak tou fanmi li, zanmi, ak kamarad li, ayibobo pou yo. Nou mande granmèt la nan amou li gade yon plas spesyal pou Pè Jean-Juste. Bon kouraj e pa dekouraje ak tout fanm tankou gason ki vle swiv tras Pè Jean-Juste.

Paris, le 28 Mai 2009.
Cajuste joseph

www.fanmilavalas.net