samedi 4 juillet 2009

POU MEMWA PÈ JAN JIS


Kolon ransè
Kolon sanginè
Kolon atoufè
Kolon malfèktè
Kolon raketè
Kolon blofè
Kolon Kolonizatè

Kolon evanjelizatè
Move vèsè
Vèsè lanfè
Kolon lisifè
Kolon anmè
Kolon mantè
Kolon mèsenè

Kolon reyaksyonè
Kolon raketè
Kolon patekwè
Kolon kadejakè
Kolon malè
Kolon kidnapè

1802 yon maten
Kidnape Tousen
Mare Tousen
Anbake Tousen
Depòte Tousen
Debake Tousen
Jis byen lwen
Pase nan Ginen

Anprizone Tousen
Anpwazonen Tousen
Maspinen Tousen
Prije Tousen
Prita Tousen
Tòtire Tousen

Toufounen Tousen
Toufe Tousen
Touye Tousen
Sasinen Tousen
Sizonnen Tousen
Masakre Tousen
Kraze zo Tousen
Souse mwèl Tousen
Bwè san Tousen
Manje kò Tousen
Deplimen Tousen

Nan w jounen
Pa kite anyen
Pa menm yon tiyen
Pou w monnen
Pou Ayisyen
Pat janm anyen

Lit tout bon an
Pou lendepandans lan
Pèdi yon konbatan
Yon bon jan patizan
Yon mapou konsekan
Militan koumanman

Katran
Yon ti tan
Pi devan
Rasin Kolon
Restan Kolon
Fatra Kolon
Lasibab Kolon
Voisman kolon
Zizirit Kolon

San malveyan
Nanm aganman
Grenn siman
San manman
Ri Lantèman

Koukouman
Koulanman
Koumanman
Benyen ak san
Benyen nan san
Gagari gout san
Sou dan devan
Koule bwè san
Yon Jenn Jan
Yon Gwo Jan

Desalin ak
Tout Jan Jak
Pankanpak
Ak kout dyak
Kout bwa gayak
Pou grin bak

Pou Ayiti lestomak
Ki sou rak
An mal makak
Kou w makak
Ka fè bak

Lit tout bon an
Pou chanjman an
Bon jan chanjman an
Pèdi yon san
Yon konbatan
Yon bon grenn Jan
Desalin, Jak ak Jan
Yon bon patizan
Yo grenn kòmandan
Bon grenn militan
Jeneral konsekan
Militan koumanman

2004 yon maten
Menm tenyen
Ak Tousen
Boulva sendenden
Màkòn politichen
Etidyan soufrisken

Ti boujwa sendenden
Asayan asasen
Entèlektyèl tenten
Rele Kolon reken
Ransè ak Kakadyen

Kolon soufrisken
Kolon zarenyen
Kolon asasen
Zantray reken
Ladrès malen
Estrateji tenten
Kalite aleken

Kolon sendenden
Kolon malandren
Kolon sangwen
Enperyalis koken
Pou w monnen
Kidnape w sitwayen
Yon Prezidan debyen
Pou lepèp pat byen

Menm tenyen
Ak gwoTousen
Men Titid malen
Yo ekzile l lwen
Jis nan fon ginen
Lizyè Sidafriken

Yo sezi enhen
Kolon pa konnen
Ak ki dlo l benyen
Nan ki rakwen
Anba ki moulen
Li pran pwen

Yo pa ka manje l
Yo pa ka touye l
Yo pa ka antere l
Yo pa ka fiziye l

Yo ekzile l
Yo joure l
Yo menase l
Y ap arete l
Y ap jije l
Y ap kondane l
Y ap prizonye l

Titid ne voum pa
Titid ne pwèt pa

Men lit tout bon an
Lit pou chanjman an
An pàn yon ti tan
Yon gwo konbatan
Yon bon grenn Jan
Yon Jan Bètran

Konbatan konsekan
Militan angranjan
Militan koumanman
Papa lit chanjman an
Ki pa pè Kolon
Pou Ayiti nou an
Sou ray chanjman

Kolon move jan
Kolon aganman
Kolon malveyan
Kolon san nannan
Kolon san manman
Kolon mechan
Kolon kayiman
Kolon je drandran
Kolon koukouman
Fè gwo sèman

2005 yon maten
Yon venteyen jen
Sou w rejim asasen
Prezidan manfouben
Yon rejim koken
Rejim zo reken



Minista ak polis
Arete Pè Jan Jis
Salopri jounalis
Entèlektyèl poutchis
Politisyen patatis

Kolektif konvèjis
Ak de twa lòt pis
Gozye Metwopoyiyis
Manzè kakatrè k Lilis
Chaje ak vye malis
Tchoul enperyalis
Patizan lenjistis

Maspinen Djeri
Toufounen Djeri
Sapata Djeri
Prizonnen Djeri
Pwazonnen Djeri
Tòtire Djeri
Maspinen Djeri
Sasinen Djeri
Gagari san Djeri
Devore kò Djeri
Kou Tousen Louvèti

Siklòn Divalye
Sefwe l ale l ale
Djeri fèk kare
Fèk kare ap lite

KNG vin monte
Djeri pa lage
Li kenbe
Nan lite
Pèp vote
Titid monte
Devenn vre
Pou misye
Bouch pase
Malè pandye

Bourik tou chaje
Isit debake
Sote ponpe
Voye pye
Sèmante
Destabilize
Militè mobilize
Koudeta ekzekite

Boujwa fete
Sedras rache
Touye arete
Fiziye ekzile
Toto Frape
Konstan vyole
Touye tyake

Djeri pi pike
Li pat kabre
Li toujou lite
Pou la verite
An verite
An verite
Yon jou klere
Tout kote

Enperyalis women
Krisifye Jezikris
Demilnèf lane
Ak yon ti ke
Anyen pa chanje
Enperyalis reken
Pwazonnen Pè Jan Jis

Yon bèl plas
Sou laplas
Sou Channmas
Pou memwa
Pè Jan Jis ak Jera

Pou memwa
Jan Jis ret la
Nan konba a
Pou Ayiti sa a
Ak tout Toma
Pa kaba
Pa faya
Met ola
Pou l gaya

Nan wayòm tout wa
Toma ak Sannkara
Tche ak tout Gevara
Monkonpè l Mandela
Gandi ak Indira
Pè Jan Jis ak Jera
Ap toujou rete la

Nan wayòm Desalin
Tousen ki Louvèti n
Maten ak Litèkin
Malkonm Eks min
Djeri kanpe kin

Fidèl kou Kastwo
Potorik Gason oooo !
Patizan l Estiv Biko
Jan Jak ak Akawo
Plizyè lòt Ewo
Klewonnen Ayibobo
Pou yon gason Kako
Yon kire ti Plas Kazo

Pou memwa
Djeri ret la
Nan konba a
Pou Ayiti gaya
Vyolans pa
Trayizon pa
Kondoleyans pa
Kriye san pa
Zonzon pa
Soufrans pa
Koudeta pa
Ekzil pa
Kanpe lwen pa
Kadejak pa
Lenjistis pa
Lesklizyon pa

Pou memwa
Djeri ret la
Nan konba a
Pou Ayiti pa faya
Vijilans wi
Konpetans wi
Bon sans wi
Antant wi
Bon lodyans wi
Konpreyansyon wi
Rekonsilyasyon wi

Pou memwa
Djeri ret la
Nan konba a
Pou Ayiti sa a
Pa faya
Pa delala

Konplo pa
Maspinay pa
Prizon pa
Pwazon pa
GNB pa
Konvèjans pa
Zam soufrans pa
184 pa
Asayan pa
Vènabè Mangous pa
Rat do kale pa
Kolektif Non pa
Revokasyon pa
Kontrebann pa
Salopri pa
Kòripsyon pa
Okipasyon pa
Minista pa
Kriminèl pa
Ranyon pa

Pou memwa Djeri
Toujou fleri
Pou Ayiti
Tounen cheri
Revolisyon wi
Devlopman wi
Pwogrè wi
Tolerans wi
Konpetans wi
Salè minimòm wi
Travay wi
Lapè nan vant wi
Lapè nan tèt wi
Lapè nan kè wi
Lapè tout kote
Lapè nan tout kwen
Depi isit jis nan Ginen

Se pou nanm Djeri
Tounen remèd
Pou geri tout pwazon
Pwazon mechanste
Pwazon trayizon
Pwazon divizyon
Pwazon malfektè
Pwazon raketè
Raketè politik
Raketè ekonomik
Pou Ayiti geri
Pou Ayiti fleri
Pou Ayiti Djeri

Se pou san Djeri
Tounen siwo myèl
Pou dousi gou fyèl
Gou fyèl bèf kabwa
Ki nan bouch Ayiti
Pou l pa fin kaba
Anba grif awousa
Ekspè nan koudeta

Se pou memwa Djeri
Tounen bon remèd
Remèd gerizon
Pou kwape tout jèm
Tout jèm pwazon
Pwazon trayizon
Pwazon esklizyon
Esklizyon anba pon
Nan zeleksyon bidon
Pwazon ipokrizi
Pwazon pouriti
Pwazon salopri
Pwazon kontrebandye
Nan kè tout lelit
Lelit ti lolit
Lelit awousa

Se pou san Djeri
Fèmen vàn san
Militè avadra
Sòlda san koutya
Malfra nan Minista
Kriminèl ak doktora
Fè koule kou vidany
Sou papòt katredal
Douvan grenn je ti Jezi
Nan lantèman Djeri

Se pou kò Djeri
Tounen remèd
Remèd delivrans
Pou geri tout kò
Ki nan grif soufrans
Soufrans grangou
Soufrans lavichè
Soufrans lamizè
Soufrans linyorans
Soufrans revokasyon
Soufrans lesklizyon

Djeri w ale
Ti Rene bliye w
Mayami sonje w
Djeri w ale
Michèl tchwipe w
Men Ayiti onore w
Djeri w ale

Memwa w fèk kare
Rete an verite
Pou letènite
An verite
An verite
Tout bon vre
Tout kote
Djeri w pa ale
Se pa vre
Se pa vre
Se pap janm vre
W pap janm ale


J. Fatal Piard



www.fanmilavalas.net