mercredi 13 janvier 2010

KONDOLEYANS, SON EKSELANS DOKTÈ JEAN BERTRAND ARISTIDE


Katastwòf san parèy sa a dechire kè nou tout.
Anpil soufrans konn fè Peyi nou an kriye san,
Men jodiya, sa pi rèd: katastwòf sa a san parèy.

Jan nou konstate l, se premye fwa nan listwa n,
Yon tranbleman tè frape n e souke n fò konsa.
Ak anpil lapenn nan kè n, nou koube n byen ba
Devan kadav tout Sè n ak Frè n ki pèdi lavi yo,
E nou vi n pataje kondoleyans ak tout paran yo.

Rèl viktim ki blese grav ou ki toujou ret bloke
Anba bilding ki tonbe yo pa sispann dechire kè n.
Ak espwa ya rive jwenn delivrans anvan lontan,
An nou kontinye lonje gwo chenn solidarite ya
Pou gen mwens dezolasyon, plis konsolasyon.

Soufrans youn nan nou, se soufrans nou tout.


Dr Jean-Bertrand Aristide
Pretoria, 13-1-10


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209