mardi 21 avril 2009

PWOTESTASYON ELEKSYON MALATCHONG 19 AVRIL YO


POU PIBLIKASYON IMEDYA
KONTAKTE: YOUSELINE AUGUSTIN BELL 954-670-9209


NÒT POU LAPRÈS
Yon gwo kout chapo pou pèp ayisyen yan ki kwape seleksyon 19 avril 2009 la nan respekte mo dòd òganizasyon Fanmi Lavalas Pòt Fèmen Lari Blanch La. 2.33% ki soti nan seleksyon an se yon fason pou pèp la di non a koripsyon dwòg, krim òganize, pandan lap di wi ak jistis, transparans ak patisipasyon.
Nou menm Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòtbò Dlo ak tout lòt konpatriyòt yo mele vwa nou ansanm pou nou di yon gwo kout ayibobo pou majorite pèp ayisyen yan. Pòt Fèmen Lari Blanch sa a, fè trèt ak engra yo sonje ke se pèp Lavalas la sèlman ki konn bay pouvwa.
Ayibobo pou pèp ayisyen yan, nou di granmoun se granmoun, nou montre yon lòt fwa ankò ke se nou ki fòs enkoutounab la. 2.33% sa a se yon sanksyon pèp la bay gouvènman Pèpè ya ki pase anba pye dwa ke konstitisyon an bali: Dwa pou li manje, dwa poul chwazi pwòp dirijan li, dwa poul gen lasante, pou li manifeste elatriye.
Gouvènman Preval/Pierre-Louis ya pran yon souflèt moral nan men pèp la, lè yo boude seleksyon 19 avril sa a. Se yon wont pou tout pati politik sa yo plis lèspwa ki se yon sansi soudo òganizasyon Fanmi Lavalas la. Yo tout ansanm pa rive reyini menm 3% nan popilasyon ki gen laj pou vote a. 2.33 pousan an se yon fason pou pèp la di P-P okipe zafè peyi w ke mizè, lavi chè ap fin kokobe olye pou wap pèdi tan w nan fè revandikasyon pou lòt peyi.

Lè n konsidere ki kantite lajan leta ke pati politik Prezidan Preval la ( LESPWA) gaspiye nan kanpay elektoral bidon sa a.
Nou menm Ayisyen Kap Viv Lòt Bò Dlo, nou mande tout pèp la poul kontinye bare anwo, bare anba. Nou mande yo pou yo pa al kouche dòmi grangou pandan Preval ap taye banda sou do yo.
Apre gwo demonstrasyon de fòs sa a, fòk mouvman an kontinye: Premyèman pou bloke validasyon senatè konteste yo anndan palman an.

Dezyèmman pou nou mande general Preval kijanl fèl? "Gadem nanje map gadew nanje ya" fini, se sa ki bay rezilta 2.33% patisipasyon,an.
An avan douvan, nou koumanse fòk nou kontinye batay la Pòt Fèmen Lari Blanch la sete twòkèt la, chay la se yon mobilizasyon manch long san pran souf pou yo pa fe pèp la vale pwazon malatchong seleksyon 19 avril 2009. Komite Fanmi Lavalas Ayisyen Kap Viv Lòt Bò Dlo, yon lòt fwa ankò kore batay pèp ayisyen.

YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM, ANSANM NOU SE LAVALAS.