vendredi 8 mai 2009

BOYKOTE DOMINIKANI, DEPI NAN ZE JISKA FANM AK GASON DOMINIKEN


NÒT POU LAPRÈS: PWOTESTASYON

Yon kolonn òganizasyon peyizan, etidyan, ti machann ak baz fanmi Lavalas nan Nò Peyi a rele anmwe sekou epi kriye twòp se twòp, e se twòp atò. Yon lòt fwa ankò dominiken yo montre nan ki nivo yo rayi ayisyen, nan ki nivo yo rasis, nan ki nivo yo kriminèl lè yo sakrifye gwo lajounen Carlos Nerilus sou yon plas piblik san okenn otorite pa janm prezante pou anpeche sa. Dominiken yo resevwa yon edikasyon spesyal pou sa, pou yo rayi ayisyen. Nan lane 1937 se plis ke trant mil ayisyen dominiken te asasinen, pandan tout rejim Divalye a tap touye ayisyen. Soti janvye 2009 pou rive mwa Me 2009, dominiken yo fè plis ke 25 zak kriminèl sou ayisyen, san konte sa kite pase an 2008. An plis de sa, Dominiken yo toujou bay teritwa yo pou fasilite destabilizasyon peyi dayiti, tankou sa te fèt an 2003.

Nan yon Konferans pou laprès gouvènman an di li kondane zak babari sa a, men nou rete kwè sa pa sifi, fòk nou montre gouvènman dominiken an nou pa kontan. Konsa nou deklare:

1-Gouvenman Leyonèl Fernandez la se yon gouvènman rasis, anti ayisyen epi ki pa respekte dwa moun.
2-Kominote entènasyonal la dwe sanksyone gouvènman Fernandez la pou zak kriminèl ki fèt sou ayisyen yo ak vyolasyon dwa moun.
3-Gouvenman ayisyen an dwe fèmen fontyè a jiskaske gouvènman dominiken an prezante eskiz piblik a pèp ayisyen.
4-Se pou yo rapatriye kadav Carlos Nerilus pou yo ba li yon fineray nasyonal.
5-Se pou Ayisyen boykote tout prodwi dominiken yo, soti nan ze jouk rive nan fi ak gason dominiken, epi nou tout ti machann, peyizan pote yon solidarite a Carlos Nerilus, paske,lè nen yon ayisyen frape, se je tout ayisyen kap koule dlo, lè yon ayisyen blese se san tout ayisyen ki koule.

Yon Lavalasyen se yon patriyòt, yon bon lavalasyen se yon bon patriyòt.

Men òganizasyon ki siyen nòt sa
Rafal ( Rasanbleman alye Fanmi Lavalas) : Michel Jn Baptiste
Atas ( asosyasyon teknisyen agrikòl sen Rafayèl) Frandy Joseph
Opmil( òganizasyon peyizan Laviktwa) Pierre Crispin
Baz Fanmi Lavalas Laviktwa Phanord Jackson
Tekopep(tèt kole peyizan etidyan plezans) Franklin Duchaine
Baz Fanmi Lavalas Nò Sevère Adonijah
Fanmi Lavalas plen di Nò Brunel joseph
Moded ( mouvement de developpement de Dondon) selichrist Bien aimé
FIOP( fon ini ouvriye peyizan) philocles Jn Louis, Alex Gilles
Baz Fanmi Lavalas Ranquitte Fortune Al cina
Òganizasyon atizan peyizan pignon Brillant withny
Baz Lavalas Port Magot, Daniel Monelus