jeudi 4 juin 2009

JISTIS WI, ENPINITE NON


KOLEKTIF MADANM PRIZONYE POLITIK

Pòtoprens 4 Jen 2009

KONFERANS POU LA PRÈS

Bay kou bliye pote mak sonje
Kreyon pèp la pa gen gòm
Kolektif madanm ansyen prizonye politik yo koube l byen ba devan kadav frè nou, konpatriyòt nou, Pè Gerard Jn Juste ki tonbe pou lit mas la.
Nou pwofite moman sa a pou n voye yon makòn kondeleyans bay paran l, zanmi, kamarad politik li yo:
Se avèk anpil dlo nan je, kè sere kolektif la te resevwa nouvèl sa a.

Lè nou sonje kantite batay nou batay, kantite sakrifis ak tribilasyon nou pase pou n te ka jwenn liberasyon prizonye politik yo espesyalman Pè Jn Juste, Gnbis yo kouwè: Magalie Comeau Denis, Bernard Gousse, Hervé Saintilus, Gary Bodeau, elatriye
Ki te maspinen Pè Gerard Jn Juste nan legliz Sen Pyè nan Petyonvil
Se nan sans sa a nou mande komisè gouvènman pòtoprens lan mete aksyon piblik an mouvman kont kriminèl sa yo.
Kidonk Kolektif la ap apiye san rezèv tout aktivite pasifik kap fèt nan okazyon fineray Pè Jn Juste la , e nap kontinye batay ak tout lòt gwoup pou n jwenn jistis ak reparasyon pou paran ak zanmi pè a.
Nan sans sa a, kolektif la ap kontinye ekzije liberasyon tout rès prizonye politik nou yo gouvenman gnbis Preval/Pierre Louis a kenbe nan prizon depi plis pase 5 lane, tankou:Ronald Dauphin, Simon Negups, Monely Anthony, Danius Rony, Jn François Roro, Million Jn Yves, Torchon Lyonel, Robenson Jn-Pierre, Harold Joseph, William Baptiste, elatriye; Lé n gade Me Osner Fevry, la jistis te arete pou fo e izaj de fo, ke kòd enstriksyon kriminèl la kondane, jwenn liberasyon l touswit sou presyon lòt akolit li yo, e poutan militan Lavalas yo ap pouri nan prizon jiskaske yap mouri, toufe nan prizon an espesyalman Kliford Raphael. E se menm fason yo te arete Osner Fevry a se menm jan yo te arete militan Lavalas yo. Donk kolektif la denonse jistis de pwa de mezi sa a, e nap goumen pou n chanje jistis kòronpi sa a.

Poun fini nap di Pè Jn Juste nou pap janm bliye w, wap toujou rete nan kè nou.


Jistis wi
Enpinite non

Pou kolektif la

Md Yvon Zapzap(Kermely Herne)
Md Fritz Joseph(Ronique Paul Joseph)
Md Pétion Rospide (Wilmine Gassant)
Md Tipay(MirlèneTeramène Bruno)
Md Ronald Dophin (Gerline Aubourg)
Md Jean Mary Samedi(Avriètte Pierre Louis)
Md Amanus Maètte (Kethia Joseph Maètte)

www.fanmilavalas.net

JISTIS POU PÈ JAN JIS


Nan sekrè fon kalis
Nan sakristi Sentklè
Sou fontenn Plas Kazo
Souf yon losti kase lezo
Yon mèkredi 27 me
Nanm yon losti fware
Souf yon losti ale
Yon losti trepase
Zantray li fin pouri

Retay losti ki te an reta
Retay losti ki te rete
Retay losti ki tap kriye
Retay losti te di n aklè
Nan tout vèsè Fòsenklè


Pa gen pyès sen ki pi klè
Youn pa klè pase Sent Klè

Sent Klè rale kase vèsè
Sent klè te di nou aklè
Pa gen yon nonm ki pi jis
Pase Pè Jan Jis
Yon gwo konbatan lajistis
Yon gwo lènmi lenjistis
Yon gwo lenmi lamizè

Yon bon Zanmi Lapè nan tèt
Yon bon Zanmi Lapè nan vant
Lanmò yon pè jis kou Pè Jan Jis
Se yon nouvèl ki pa jis
Se yon nouvèl ki si tris

Yon mèkredi vennsèt me
Tout papiyon la Senjan
Te abiye an soutàn dèy
Sou lotèl devan dèyè lanvè
Simaye apokalips fyèl amnè
Gaye levanjil move jan
Nouvèl anmè kou fyèl
Nouvèl lanmò kou manman
Lanmò yon bon grenn Jan
Lanmò yon Pè bon Jan

Nan larivyè vyolans
Kleren Jan Jis neye
Pikan kwenna repiyans
Pikan kwenna fòs fènwa
Nan fon kayanbouk GNBouk
Fete plezire banbile gagote
Fete nan gogay gwo manje
Poutèt yon sòlda lajistis
Zam lavyolans bay repiyans


Gwo kout wòch lavyolans
Nan zago R V Chenntilis
Move pawòl kouto digo
Anba fèy bèk kay Lili ak Makwali
Pete filè nanm Pè Jan Jis
Ki pat janm sispann rete jis
Nan ratibwaze zèb lenjistis

Tout losti konsekan
Tout gout kleren konbatan
Te revòlte, manifeste aklè
Pran lari an gran jan
Jis koridò lakou Bèlè
Manifeste an gran panpan
Revandike nan tout pankat
Jistis Jistis Jistis Jistis
Ooo Jistis kont lenjistis
Yon lòsyè Jistis jistis
Twadegout reparasyon
Pou yon viktim kout wòch
Anba grif zago kòlòwòch
Kout wòch mare nan mayo
Nan mayo fopwen madichon
Yon senten de R ak yon V
Ak yon makòn Chenntilis

Nan yon gwo vèse kòlè
Sent Klè jou sa a te klè
Frape pwent tete l jis anlè
Chante yon rekriyèm Jistis
Jistis Jistis pou Pè Jan Jis
Jistis jistis pou pè ki te Jis
Yon gwo konbatan lajistis
Nan lakou malouk lenjistis

Jou ventenyen jiyè 2004
Bouch manzè Makwali awoyo
File kou fwenn kouto digo
Tchake chak gout san w
Lapolis GNB arete w
Nan lakou jaden Senpyè
Lage w nan prizon mechanste
Blan te rezève pou Lavalas
Lage de gout pwazon lanmò
Pou anpwazonnen nannan w
Pou anpwazonnen nanm
Fè mouche Leblan kontan

Jou papiyon pot nouvèl dèy
Pot nouvèl yon Pè Jan Jis
Yon gwo konbatan Lajistis
Anbasadè malfini malfèktè
Twou efèl ak twa fèy erab
Boujwa dlo pote sot peyi arab
Fè fèt, fè gwo fèt, fè bèl fèt
Pou pwazon lanmò tche w frèt

Jou nouvèl la te tonbe
Boujwa awousa plezire
Etidyan GNB gagote
Medya Manipilatè lopinyon
Kolektif entèlektyèl ipokrit
Politichyen Rat Do Kale
Asosiyasyon pastè raketè
Fè gwo bal kanaval kay Magal
Bwè diven sou lanmò Jan Jis
Yon gwo konbatan Lajistis

Lavalas rivyè dlo nan de je l
Sent Klè retounen vin preche
Nan chapit lamnò Pè Jan Jis
Yon nonm vèsè ki te si Jis
Lajistis pèdi yon gwo patizan
Lenjistis pèdi yon gwo lènmi
Tout inosan k nan fon kacho
Fè defisi yon gwo zanmi


Yon bon Zanmi Lapè nan tèt
Yon bon Zanmi Lapè nan vant
Lanmò yon pè jis kou Pè Jan Jis
Se yon nouvèl ki pa jis
Se yon nouvèl ki si tris

Yon mèkredi vennsèt me
Tout papiyon la Senjan
Te abiye an soutàn dèy
Sou lotèl devan dèyè lanvè
Simaye apokalips fyèl amnè
Gaye levanjil move jan
Nouvèl anmè kou fyèl
Nouvèl lanmò kou manman
Lanmò yon bon grenn Jan
Lanmò yon Pè bon Jan

Nan larivyè vyolans
Kleren Jan Jis neye
Pikan kwenna repiyans
Pikan kwenna fòs fènwa
Nan fon kayanbouk GNBouk
Fete plezire banbile gagote
Fete nan gogay gwo manje
Poutèt yon sòlda lajistis
Zam lavyolans bay repiyans

Revandike nan tout pankat
Jistis Jistis Jistis Jistis
Ooo Jistis kont lenjistis
Yon lòsyè Jistis jistis
Twadegout reparasyon
Pou yon viktim kout wòch
Anba grif zago kòlòwòch
Kout wòch mare nan mayo
Nan mayo fopwen madichon
Yon senten de R ak yon V
Ak yon makòn Chenntilis

Nan yon gwo vèse kòlè
Sent Klè jou sa a te klè
Frape pwent tete l jis anlè

Sent Klè pat pè chante Ayibobo
Ayibobo pou yon pè pou Jan l Jis
Yon ti pè gwo revolisyonè
Yon ti pè ki pat gwo pèpè
Yon pè ki pat konn pè fè lapè
Yo akize l kòm papa tout Rat
POutan l viktim etidyan Chimè
Poutan k viktim entèlektyèl atoufè
Anba kout zam vyolans defakto
Li t ap chante lantèman pitit tè a

Sent Klè pat sispann chante
Ayibobo pou Pè Jan ak Jis
Youn nan ra pè ki pat pès
You pè ki pat Pèsekisyon
You Pè ki konn konbat giyon
Yon Pè vanyan ki pat janm pè
Yon brave danje kou Lanperè

Anvan Sent Klè met pwen final
Nan rekriyèm pou Pè Jan Jis
Li pat bliye bay dis sou dis
Tout sak maspinen Pè Jan Jis
Dis sou dis pou tout GNBis

Li pat bliye remèsye aklè
Sa k te pwazonnen Pè Jan Jis
Sent Klè te di yon flonn mèsi
Yon flonn Mèsi Ayibobo
Pou makòn gogay salopri GNB
Kolektif anjandre ak atoufè
Asosiyasyon bon malfèktè
Makwali Komoesta Usted?
Manzè Kalili move kout kòn 4 è
Manzè Lisi fè kòd lang vipè
Nann6 Wòklò metwopoyiyis
Gari Bounda chire anjandre
RV Chentilis etidyan atoufè
Kris nan Wous yo gwo Awoyo

Sent Klè pat pè chante Ayibobo
Ayibobo pou yon pè pou Jan l Jis
Yon ti pè gwo revolisyonè
Yon ti pè ki pat gwo pèpè
Yon pè ki pat konn pè fè lapè
Yo akize l kòm papa tout Rat
POutan l viktim etidyan Chimè
Poutan k viktim entèlektyèl atoufè
Anba kout zam vyolans defakto
Li t ap chante lantèman pitit tè a

Sent Klè pat sispann chante
Ayibobo pou Pè Jan ak Jis
Youn nan ra pè ki pat pès
You pè ki pat Pèsekisyon
You Pè ki konn konbat giyon
Yon Pè vanyan ki pat janm pè
Yon brave danje kou Lanperè

Anvan Sent Klè met pwen final
Nan rekriyèm pou Pè Jan Jis
Li pat bliye bay dis sou dis
Tout sak maspinen Pè Jan Jis
Dis sou dis pou tout GNBis

Li pat bliye remèsye aklè
Sa k te pwazonnen Pè Jan Jis
Sent Klè te di yon flonn mèsi
Yon flonn Mèsi Ayibobo
Pou makòn gogay salopri GNB
Kolektif anjandre ak atoufè
Asosiyasyon bon malfèktè
Makwali Komoesta Usted ?
Manzè Kalili move kout kòn 4 è
Manzè Lisi fè kòd lang vipè
Nann6 Wòklò metwopoyiyis
Gari Bounda chire anjandre
RV Chentilis etidyan atoufè
Kris nan Wous yo gwo Awoyo
Sent Klè te bay yon flonn mèsi
Mèsi Mèsi Mèsi Mèsi Mèsi
Mèsi tout patizan lanmò

Labondans milya benediksyon
Pou ou menm jèm pèsekisyon
Ki te matirize nonm sila a
Labondans milyon konpliman
Pou ou menm nanm GNB
Ki kontinye prita Ayiti
Pou fè mouche Leblan plezi

Anvan Sent Klè te di amèn
Anvan l te pran yon bout
Li te di pou nanm Pè Jan Jis
Ale an pè paske w te byen jis
Se sa k fè GNB rayi w kou pis
Se sak fè yo pwazonnen vi w

Anvan Sent Kè desann sou lotèl
Li te voye yon ti chante alagouj
Tout flè dizè simidò repete
Tout wosiyòl Plas Kazo antone l
Titid Afrik Disid t ap preche l
Men Obama pat vle l pwoche
Tout Lavalas tap manifeste
Tout moun ki moun tap chante

Pè Jan Jis ooo pa ale
Tanpri rete batay toujou
Piga w ale

Pè Jan Jis ooo pa ale
Tanpri rete batay toujou
Piga w ale

Tanpri rete batay toujou
Pou Ayiti ka chanje
Tanpri rete batay toujou
Fòk Ayiti chanje
Tanpri rete batay toujou
Piga w ale

Tout Ayisyen ki vle sa chanje
Tanpri ede Sent Klè chante
Chante Libète sila a
Pou Ayiti pa kaba


J. Fatal Piard

www.fanmilavalas.net