mercredi 25 novembre 2009

PREZIDAN ARISTID DWE RETOUNEN AN AYITI, ANVAN ELEKSYON 2010 YO


Pèp Ayisyen leve kanpe pou n defann dwa nou. Demokrasi pa ka gen eksklizyon. Nou mande solidarite tout moun ak tout pèp sou latè kap defann kan pèp la, pou ede Fanmi Lavalas nan lit pou yon vrè demokrasi blayi nan peyi dAyiti.

Li klè nèt ke Prezidan Preval ap pase demokrasi ya anba pye poul regle pwòp zafèl.

Annavan pèp vanyan pou n kontinye lit la, la jiska laviktwa final.

Annavan viktwa a se pou pèp ki vanyan li ye. Nou mande solidarite tout militan konsekan ki pa dèyè pouvwa pou regle zafè pòch yo.

Annou mache pasifikman pou dwa nou ka respekte. Pa bann e pa pakèt, ann mande lesepase ya pou Titid retounen.

Lavalaseman ann reklame dwa nou, nou dwe al nan eleksyon, Titid dwe retounen.

Prezidan Preval konnen trè byen se yon mezi politik li dwe pran nan ka espesyal sa a.

Sete yon desizyon politik antikonstitisyonèl kite voye prezidan Aristid nan Kanpe lwen, se fòs mobilizasyon tout manm, patizan ak senpatizan, Fanmi Lavalas ki pou ekzije gouvènman Preval/Bellerive la bay lesepase pou ansyen prezidan Aristid retounen nan Peyi ya. Epi aksepte pati Fanmi Lavalas al patisipe nan eleksyon 2010 yo.

Menm si yo pè fòs Lavalas la, men se nan yon demokrasy nou ye, nou dwe ekzèse dwa nou.

Nap di ak tout fòs nou, Mobilizasyon manch long, san pran souf :

Titid dwe retounen anvan eleksyon 2010 yo



Eleksyon 2010

Nan 10 depatman

Lavalas 10/10


"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209