samedi 19 septembre 2009

Nòt Pou La Près


Atansyon Atansyon, Lavalasyen! pèp Ayisyen an Ayiti kon lòt bò dlo. Reprezantan nasyonal Fanmi Lavalas la voye yon mesaj pou nou.

Doktè Aristid di nou lè ya rive pou nou leve kanpe pou inite ya fèt tou patou, nan tout rakwen. Se pou ti Fanmi ak òganizasyon popilè pouse kon djondjon, paske reprezantan nasyonal Fanmi Lavalas la dwe retounen nan peyi ya anvan manda Prezidan Preval la fini.

Militan Fanmi Lavalas yo dwe rasanble nan linite pou grangou a fini, chomaj, eksklizyon, arestasyon etidyan, revokasyon san pitye yo fini, plan neyoliberal fann fwa a dwe fini nan peyi ya.

Prezidan Aristid ap tann yon otorizasyon nan men Prezidan Preval depi 2006, 38 peyi Lafrik deside pou akonpaye Doktè Aristid pou mennen l tounen nan peyi l Tankou tout sitwayen.

Prezidan Aristid di wi ke li pa bezwen visa, men l bezwen yon otorizasyon daterisaj nan men Prezidan Preval pou l ka retounen nan peyi ya.

Tout Lavalasyen, ki jwenn mo dòd sa pa dwe rete chita. Se pou nou gade Prezidan Preval nan je, Fèmen pòt baz yo pou okenn moun pa mennen nou nan seleksyon. Mo dòd la, se Mobilizasyon manch long pou retou wa ka fèt pi vit. Rasanble nou an gwoup de 10 nan tout rakwen, epi avanse pou pi devan nan mobilizasyon an.


Yon Sèl Nou Fèb, ansanm Nou Fò, Ansanm Ansanm Nou Se Lavalas






"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
954-670-9209