mercredi 11 février 2009

Comite Fanmi Lavalas des Haïtiens d’Outre-mer Miami Floride jounen 7 Fevriye 2009

Comite Fanmi Lavalas des Haïtiens d’Outre-merMiami Floride jounen 7 Fevriye 2009
Nòt pou Laprès

23 lane depi gwo leve kanpe pèp la chavire diktati Jn Claude Duvalier a. 7 Fevriye 1986. Pèp ayisyen an koupe fache ak regim san manman an , li kraze systèm totalitè ya. Li chwazi demokrasi,sa vle di pouvwa pèp la, ansanm ak pèp la, e pou pèp la.Se te yon gwo pa vè pwosesis demokratik kote pitit pèp la sakrifye vil, li kite sanl koule poul te ka rache yon dezyèm libète. Libète poul mobilize, pale e sitou chwazi pwòp dirijanl nan bonjan eleksyon.Jounen jodya Nou sezi wè ki jan yon gwoup moun kole tèt yo ansanm nan KEP ya pou bafwe lit pèp la. Nou sezi Konstate ke yon pouvwa ki gen ladanl Mesye Rene Garcia Preval ap kache dèyè lòt moun poul mòde dwèt ki te bal manje. Nan non Komite Fanmi Lavalas Ayisyen kap viv Lòtbò Dlo, nou sèmante nou di kou sa pap pase. Malgre tout tantativ, tout vye mannèv kap fèt pou disparèt Fanmi Lavalas, pèp la ki toujou rete soude ak lidè istorik mouvman an Prezidan Jean-Bertrand Aristide pral leve kanpe kont mesye Prezidan Preval. Pèp la kwè ke marasa yo pa manje fèy. ( Nou Pral Gadew nan je, Pouw gade nou nan Je ) Komite a ap di pèp ayisyen an poul pa pran nan pyèj ak pwovokasyon, tout senpatizan ak patizan epi tout manm Fanmi an dwe serekole,fè inite antreyo pou monte drapo mobilizasyon an pi rèd, pi djanm. Rete soude youn ak lòt nan lòd, disiplin, pou nou rive mate koudeta sa yon lòt fwa ankò. Komite Fanmi lavalas Ayisyen kap viv Lòtbò Dlo, nan non demokrasi ak libète dwa tout sitwayen pou patisipe nan eleksyon, mande KEP a poul korije erè sa a touswit san bri san kont. Komite ya ap tann san pèditan retrè desizyon san reflechi sa a. Ayez un peu de pudeur messieurs!“Yon lavalasyen se yon patriyòt.Yon bon lavalasyen se yon bon patriyòt.Lavalas se linyon fè lafòs’’.

M. Jean-Rony Monestime, M. Francelet Philéus, M. L’ex Député Gilvert Angervil, M.Tholerme Vital, M. Ireste Joseph, M. Hughes Bonnet, M. Jacob François, Mme. L’ex Sénateur Youseline Augustin Bell, Mme. Majolie Zéphirin, M. Abel Moïse, M. Romane Petit, M. Jean Elie Pierre-Louis, Mme Claudine Janvier, M. Yves Bonnet, M. Bellefleur Jean,

YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM, ANSANM NOU SE LAVALAS.