samedi 1 mai 2010

ZAK MASPINAY GOUVÈNMAN PREVAL/BELLERIVE LA DWE FINI. MALÈ AVÈTI PA TIYE KOKOBE

Nou menm militan Fanmi Lavalas nou pwoteste ak tout fòs nou kont zak britalite ke patizan pouvwa an plas la fè pou kraze yon manifestasyon ke baz Fanmi lavalas yo tap òganize nan Okap jounen samdi premye me 2010 la .

Manifestasyon an te gen legalman otorizasyon Lapolis pou li te fèt, malgre tou depi nan lavèy anpil kraponnay tap fèt, anpil presyon tap bay, anpil lajan tap simaye tankou fèy lespwa, apèn manifestasyon pral demare brasa wouj yo voye boutèy, wòch plis gwo menas zam. Devan vag vyolans sa yo, manifestan yo te oblije mete yo alabri. Men sa nou konprann nan zak briganday sa.

1-Majò jon pouvwa an plas la gen kè sote paske yo tande Lavalas ta pral pran lari, yo pa vle Fanmi Lavalas denonse enjistis, koripsyon, lavi chè, gaspiyay nan kès leta kap kraze peyi ya. Epi si lwa dijans lan ak tout jesyon gouvènman Preval la se yon katastwòf, zak sa a, se replik yo ki kòmanse

2-Se yon fason pou yo kontinye bloke Fanmi Lavalas pou li pa revandike dwa li, pou li pa denonse ekzil reprezantan nasyonal la, epi mande retou li nan peyi ya. Manifestasyon an ta pral montre mekontantman popilasyon an kont pratik pouvwa an plas la ki pa deside fè anyen pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an, olye de desantralizasyon se santralizasyon ak monopol ki pi rèd, ki mete komèsan nan pwovens yo ajenou devan komèsan kapital yo. Politik gouvènman an nan Ladwann, APN, DGI montre klè kote li kanpe. Konsa se pèp la ki mal sele, seli kap foule .

3-Lè patizan pouvwa an plas la aji konsa, pou l kraze manifestasyon Fanmi Lavalas ak gwo zam fann fwa, ak kout boutèy, ak wòch yo di klè ke yo pa nan demokrasi, yo kwè nan vyolans, yo pa respekte ni konstitisyon an, ni deklarasyon dwa moun ni dwa pèp la genyen poul pran la ri pou di sa ki fèl mal.

4-Zak sa a sanble tèt koupe ak sa patizan rejim militè yo te konn fè, konsa yo san lè achte yon kepi mete nan tèt prezidan yo a pou yo sove ti enterè pèsonel yo...

Konsa nou deklare nap kontinye mobilize, nap kontinye manifeste pi rèd pou denonse tout sa kap fè nou mal. Nou pap kite okenn brebi egare simen latroublay nan mitan nou. Konsa Fanmi Lavalas ap sispann sèvi towo bèf pou moulen kann pou ba engra bwè siwo.

Yon Sel nou Fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas


Rev Pasteur Hudson Jn Baptiste, Pwofesè Bell Angelot
Louis Marcelin, Gerald Desir Limbe
Monilus Daniel, Derosin Oriol Port Magot
Joseph Brunel, Plaine du Nord
Bien Aime Selichrist, Torius Jn Jacques, Dondon
Brillant withny, Pignon
Osee Fils Aime, Cap Haitien




"Yon sèl nou fèb,ansanm nou fò,ansanm,ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
312-735-6297