samedi 6 février 2010

SAKRIFIS TOUT MOUN KI MOURI NAN TÈ TRANBLE 12 JANVYE 2010 LA, DWE RETE VIVAN NAN KÈ AK MEMWA NOU TOUT

Pou Memwa mò yo nan tè tranble 12 Janvye 2010 la rete vivan

Jodi ya ki se lendi ki se premye jou nan mwa fevriye 2010, se ak kè sere nou reyini isit la pou nou di yon dikdal lonè ak yon bann respè pou memwa sila a yo ki te tonbe nan lokazyon tè tranble ya ki te pase jou madichon an ki te madi 12 janvye 2010 la.

Biwo Avoka Entènasyonal BAI ki bay tèt li pou misyon pou batay pou Lavi, ap wete chapo l pou swete dikdal frè n sè n ak tout lòt etranje kite swadisan vin ban nou bourad Bon Vwayaj! Bon Vwayaj se sa m Blije swete yo nan non BAI menmsi nou kwè nan Lavi.

Dwa Lavi se yon dwa ki sakre. Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, Konstitisyon 1987 la defann dwa sa a. Dwa pou tout Kretyen Vivan viv tankou moun. Nan lokazyon tè tranble pwennfèpa ki te poteboure sou peyi dAyiti jou ki te madi 12 janvye ya, gen anpil patizan lavi ki pèdi lavi yo brid sou kou sanzatann.

Nan lokazyon tè tranble ki te depatcha lavi anpil Ayisyen frè n ak sè n, gen anpil militan konsekan ki blije kite nou ki blije kite tè sa a san yo pat ko pare pou sa. E sak pi fè mal pifò nan yo te kwè nan lavi.

Pandan nap di nou kwè nan lavi, nou pwofite fè sonje nou kwè nan gwo respè pou memwa sila a yo ki te konn mennen gwo batay pou lavi fleri tankou djondjon nan tout rakwen peyi Ayiti Toma. Se sa kifè BAI vin la a jounen jodi ya pou di tout kanmarad ki pran devan yo, tout kanmarad ki krabinen anba bout beton oubyen grenn blòk, nou pap janm bliye yo.

Si nou reyini la a jounen jodi ya se pou reklame lonè ak respè pou memwa sila a yo ki depatcha anba bout beton ak kout grenn blòk oubyen kou vendik bout bwa ki te tann nas li nan fetay kay. Men sa pa vle di nou vinn plenyen sou mò, okontrè nou vin selebre lavi pou sila ki batay pou lavi

Kote nou kanpe la a, nou pa gen dwa janm bliye se la sòlda Lame lanmò a pwenn fè pa te konn vin mete fen nan lavi frè ak sè nou paske yo te kwè nan lavi, paske yo tap batay pou lavi. Kote nou kanpe la a se la abolotcho ak zagoloray te konn vin koupe souf anpil patizan nou ki kwè nan lavi pou tout moun. Nap pwofite okasyon sa a, pou nou di onè respè pou memwa tout frè n ak sè nou anpil lòt tè tranble ki pat sot atè te tenyen souf yo poutèt yo te kwè nan limyè lavi.


Pandan BAI ap woule tanbou ochan an pou onore memwa kamarad ki tonbe yo nan okasyon tè tranble jou madichon an, madi 12 janvye 2010, li tou pwofite fè otorite yo konnen menn lanati pa dakò pou sevi ak zam eksklisyon pou bat mas pèp la. Konsa, san sa yo pa koule pou granmesi fòk desantralizasyon rive fèt jan konstitisyon 1987 la dil la, fòk eksklisyon mas pèp ta kelkeswa fòm li te ye ta kaba, fòk Pòtoprens ta sispann tounen yon peyi ki pi gwo pase Ayiti. Fòk enkonpetans, awogans, manfouben, koripsyon ta sispann taye banda aklè jan sa ye jounen jodiya.

Pou nou fini BAI di se pou memwa frè n ak sè nou yo ki pat gen sèkèy, ni flè vin ban nou plis fòs pou nou kontinye batay pou lavi ka donnen nan tout rakwen peyi Ayiti toma ki gen pou l vin cheri yon jou kan menm.

Desantralizasyon ap wololoy, eksklisyon mas pèp la sou tout fòm ap kaba. Pandan BAI ap sonnen kòn lanbi lonè ak respè pou sila yo ki tonbe nan tè tranble ya, lap pwofite ekzije responsab nan Leta a pou ba memwa frè n ak sèn yo respè ak tout lonè yo merite paske yo se moun kou tout moun, paske pou nou nan BAI tout moun se moun. Pou memwa moun sa yo, BAI pa janm sispann mande pou otorite Leta yo nan peyi ya respekte Dwa Moun jan konstitisyon 87 la ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan mande l la. Tankou Dwa pou tout moun gen yon kay ki rele kay, Dwa pou tout Moun manje vant plen, Dwa pout tout timoun al lekòl, Dwa lasante, Dwa pou tout moun bwè dlo ki fèt pou bwè, Dwa pou tout moun jwenn lwazi pou yo amize yo. BAI ap fè nou sonje misyon l se defann dwa kretyen vivan.

Mèsi anpil

Mario JOSEPH, Av
Bureau des Avocats Internationaux
#3, 2eme Rue Lavaud
B.P. 19048
Port-au-Prince, HAITI
Tels: (509) 2244 7987 / 88 / 89 /90
Fax: (509) 2244 7986
Cells: (509) 3554 4284 / 3701 9879
Emails: mariohaiti@aol.com / mario@ijdh.org
Skype: mario.joseph



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209