mercredi 15 avril 2009

BAY LARI YA, VEYE YO


POU PIBLIKASYON IMEDYA
KONTAKTE: YOUSELINE AUGUSTIN BELL 954-670-9202
NÒT POU LA PRÈS

Nou menm manb Fanmi Lavalas Kap Viv Lòtbò Dlo mele vwa nou ak vwa pèp ayisyen an pou nou rele anmwe kont demagoji elektoral ke gouvènman kòwonpi, san pitye Preval/Pierre-Louis vle fè jounen19 Avril kap vini an.

Nap raple tout moun ke Fanmi Favalas pa fè okenn alyans politik, ni ak zanmi, ni ak senpatizan, ni ak okenn pati politik ki pral nan eleksyon malatchong sa a. Yo mete nou deyò, pòt fèmen, veye yo.

Lè n konsidere kouman grangou klowòks ap koupe fèy trip pèp ayisyen, pandan tout aparèy leta a kòmanse sou ekzekitif, pase nan legislatif pou ateri nan lajistis ap naje nan koripsyon dwòg, krim òganize, gaspiyay lajan leta.

Lè n konsidere kouman gouvènman Preval/Pierre-louis mare sosis yo ak KEP ya, plis konplisite kominote entènasyonal la pou pase dwa sivik ak politik majorite pèp ayisyen an anba pye.

Lè n konsidere jan yo pase lajistis peyi nou an nan tenten, lè yo pa respekte desizyon ke lajistis pran an favè Fanmi Lavalas poul patisipe kòm sa dwa nan eleksyon yo.

Lè n konsidere ke Prezidan Preval pa gen konsyans de kriz grangou ak lavi chè ki deja fin kraze peyi ya, san reflechi lap pran dikta poul kreye yon lòt kriz elektoral ankò nan vanse san gade deyè nan seleksyon 19 avril kap vini yan.

Nou menm ayisyen kap viv lòtbò dlo nou mande tout pèp la poul bare anwo, bare anba. Nou mande pou nou apiye mo dòd pòt fèmen an, paske se sèl jès de kontestasyon san vyolans nou ka fè apre demach lajistis la. Preval parye ak blan yo, li deja fini ak Lavalas la, se yon dènye sondaj lap fè sou nou. Si li reyisi kou sa a, lavalas la antere pou letan pou letènite, amen. Nou di Pèp vanyan pa konn pèdi batay, viktwa final la se pou nou. Prezidan Preval twò piti pou bannou defi pou nou paka leve.
An avan, devan pou nou fini ak koripsyon, lavi chè, eksklizyon, lamizè , dwòg , krim òganize, nan fèmen pòt nou, bay lari a blanch jounen kap 19 avril 2009 la.

Nou pral montre tout moun, yon lòt fwa ankò ke se nou ki towo a, se Aristid ki fòs enkontounab la. Se pa lajan ke Prezidan Aristid te konn bay pèp la pou lal vote, se konviksyon pep la ki soudel ak Lavalas la.

Nap pwofite di devan lemond antye, ke nou deja konteste ak tout fòs nou kèlkeswa rezilta malatchong kap soti nan seleksyon sa a. Nou anonse Prezidan Preval ke piyay la fini, nou te bali kont tan l, men nou dekouvri ti jwèt kenbe Prezidan Aristide nan kanpe lwen poul gentan vann peyi ya pap pase.


YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM, ANSANM NOU SE LAVALAS.