dimanche 2 mai 2010

ZAK MASPINAY SA A, AP MENMEN GOUVÈNMAN PREVAL/BELLERIVE LA DWAT DEVAN LAJISTIS POU VYOLASYON DWA MOUN, E NAP POUSWIV YO KÈLKESWA KOTE KE YO YE

Gouvènman Preval/Bellerive la mete zèb nan bouch yon pakèt moun pou mobilizasyon an pa rive fèt nan peyi ya.

Nap rele anmwe kont tout militan abolocho san konviksyon ki vann lit pèp la pou yon plat manje. Yon pakèt magouyè vann konsyans yo olye pou yo kanpe goumen akote pèp ayisyen an.

Nap rele anmwe kont tout dirijan malpouwont ki pito rich, yo menm ak madanm yo epi yon ti gwoup akolit olye pou yo chanje kondisyon lavi yon pèp kap viv nan povrete depi pase 200 lane.

Nap rele anmwe kont dirijan machann peyi ki kwè se entelijan yo pi entelijan pase tout moun.
Pèp pa konn pèdi lagè, soufrans nou ap sèvi vitamin poun kontinye batay la. Nou pa gen anyen pou n pèdi ankò, solisyon an se kanpe goumen pou sove sak ka sove.

Nap rele anmwe kont strateji dentimidasyon Prezidan Preval, Premye minis Bellerive, Minis enteryè ya, palmantè ti sousou yo ak kèk komisè san manman ap manniganse sou do ti pèp la.

Nap rele anmwe kont strateji vann peyi ya poul ka sove pouvwa prezidan preval ak akolit li yo ap aplike nan peyi ya.

Nap rele anmwe kont plan Prezidan Preval genyen pou arete sou fos akizasyon tout militan konsekan ki pa trayi lit popilè ya.

Nap rele anmwe kont sistèm achte konsyans chèf militan de baz yo pou yo simen latwoublay nan mitan baz yo menm jan sa te fèt ak yon pakèt militan pou te fè yo goumen kont tèt yo, apre koudeta yo arete yo epi touye twaka nan yo.

Nap rele anmwe kont gaspiyaj lajan leta gouvènman preval/Bellerive la ap fè lè yo sèvi ak yon kantite lajan kite ka bay tout popilasyon an manje ak travay pou yo konsolide pouvwa yon ti gwoup atoufè.

Nap rele anmwe kont plan destriksyon masif Gouvènman Preval/ Bellerive la.

Nap kontinye rele anmwe poun mande Prezidan Preval ak PM Bellerive kote lajan peyi ya pase?

Ak mwens ke 16 milia goud Gouvènman Jean Bertrand Aristid la te fè lekòl, lojman sosyo, plas piblik, lopital, wout, epi plis moun tap viv tankou moun, jounen jodiya ak plis pase 100 milya tout moun nan lari, san kay, san manje, san travay, san lekòl, san lopital. Kote lajan peyi ya fè?Nap rele anmwe kont mechanste Prezidan Preval ap fè pèp ayisyen an, yo pa merite sa.

Nap lanse yon apèl fratènèl bay tout militan konsekan ki rete bòkote pèp la pou yo pa vann konsyans yo, paske yo pral peye konsekans lan pita. Lajan Chango a pral kale yo pi devan.

Mobilzasyon jeneral pou stope machin enfènal Preval Bellerive la, paske se pèp vanyan ki gen libète.
Mobilizasyon manch long pou tout moun ki nan lari jwenn yon kote pou yo rete.
Mobilizasyon manchlong pou retou Titid.
Mobilizasyon manchlong pou reentegrasyon anplwaye leta yo.
Mobilizasyon manchlong kont okipasyon.
Mobilizasyon manchlong pou entegrasyon tout pati politik nan eleksyon lib e onèt.
Mobilizasyon manch long kont lavichè.
Mobilizasyon manchlong kont monopol dwann yo.
Mobilizasyon manchlong pou bonjesyon richès peyi ya.
Mobilizasyon manchlong kont tout sòt dentimidasyon.
Mobilizasyon manchlong kont tout trèt.
Mobilizasyon manchlong pou laprès ka denonse mizè pèp la.

Tout kowòdinasyon Fanmi Lavalas kap viv lòt bò dlo :
Etazini
Afrikdisid
Ajantin
Frans
Espaye
Sendomeng
Kanada
Venezwela
Naso


"Yon sèl nou fèb,ansanm nou fò,ansanm,ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
312-735-6297