mardi 22 décembre 2009

FONDATION 30 SEPTEMBRE, ELEKSYON OU SELEKSYON

Eske nou dwe ale nan eleksyon? wi nou dwe ale nan eleksyon paske se yon dwa sivik, li obligatwa pou nou ale nan eleksyon paske li nan manman lwa peyi nou ki se konstitisyon 1987 la. Men se nan eleksyon enkliziv, onèt , lib e demokratik. Men nou pa dwe ale nan seleksyon, seleksyon pou seleksyone moun yo vle mete nan palman ayisyen an pou menase pi plis diyite pèp la.
Nan lane 1990, 2000 fen lane 2005 ak kòmansman lane 2006 yo, le yo pale de eleksyon genyen yon fyèv elektoral nan mitan tout popilasyon an tèlman li anvi ale nan eleksyon , pou li ale ranpli devwa sitwayen li, devwa sivik li. Li gen fyèv elektoral paske 1990, 2000 li te gen lidè li Doktè Jean Bertrand Aristide kite nan eleksyon.2005, 2006 se paske pèp la te vle soti anba grif rejim defakto , rejim kriminèl, asasen Boniface / Latortue ya.

9 avril ak 21 jen 2009 (KEPV) Konsèy Elektoral Prezidan Preval / Verrette la te simaye maladi vèrèt nan tout peyi ya .Pèp la , manm Fanmi Lavalas, patizan ak senpatizan Fanmi Lavalas fèmen pòt yo, pou maladi vèrèt pa tonbe sou yo paske maladi ki rele vèrèt la li atrapan , lè li tonbe sou wou si ou pa gen gwo lajan lap touye w. Ebyen (KEPV) ya Konsèy Elektoral Prezidan Preval / Verrette la, kominote entènasyonal la te fè yon seleksyon kote yo seleksyone 11 senatè, 7 senatè seleksyone nan kan lespwa regwoupman prezidansyèl la 4 lèzòt yo seleksyone nan lòt gwoupiskil politik kite patisipe nan seleksyon 9 avril . ak 21 jen 2009 yo.

Aprè platfòm prezidasyèl la fin genyen 7 senatè seleksyone nan kan yo , yo di yo pap ka rete nan maladi vèrèt ankò. Prezidan Preval avèk lespwa mete sou pye (KEPD) konsey elektoral prezidan Preval / Dorsainville pou fè eleksyon lejislatif ak minisipal fevriye ak mas 2010. Yon eleksyon prezidan Preval avèk kominote entènasyonal la deja anonse se seleksyon yap òganize pou platfòm prezidansyèl lespwa / inite. (KEPD) Konsèy Elektoral Prezidan Preval / Dorsainville la mete Fanmi Lavalas ak anpil lòt pati politik deyò nan pwosesis elektoral la e pran kòm avoka yo Michel Forst espè endepandan L’ONU pou jistifye tout bon se yon seleksyon prezidan Preval avèk kominote entènasyonal la ap òganize pou seleksyone senatè , depite , majistra, kazèk , azèk ak delege vil.

Nap raple pou tout moum (KPED) ya Konsèy Elektoral Preval Dorsainvil la ak kominote entènasyonal la pran desizyon mete majorite Ya deyò nan eleksyon pou yo ka fè yon seleksyon pou seleksyone 10 senatè 99 depitè ak tout kolektivite yo pou platfòm prezidansyèl la lespwa dezespwa ki transfòme an inite / inikite memn jan (KEPV) Konsèy Elektoral Preval Verrette la te fe l nan seleksyon 4 avril ak 21jen 2009, yo te seleksyone 7 senatè pou platfòrm prezidansyèl lespwa. Pèp ayisyen si konsèy elektoral prezidan preval Dorsainvil la tap fè eleksyon yo pa tap mete Fanmi Lavalas avèk yon bann pati politik kap batay lontan sou teren yan deyò nan pwosesis eleksyon an . Depi se konsa yo pap òganize eleksyon se pito seleksyon yap òganise pou platfòrm prezidansyèl la inite ka vini ranfòse lespwa / dezespwa , piyajè , machann peyi.

Fondasyon trent septanm di pa gen eleksyon kap fèt men se seleksyon, se pou nou mobilize kont tout mannèv kap pase dwa nou anba pye, kont tout mannèv ki menase diyite nou kòm pèp.
Se pou nou mobilize tout resous nou kont plan lanmò, plan neyoliberal prezidan Preval la.

Fondasyon trant septanm di: seleksyon lespwa / inite prezidan Preval la se pou satisfè kidnapè entènasyonal yo.

Seleksyon lespwa / inite prezidan Preval la se pou satisfè fòs enperyalis yo.

Seleksyon lespwa / inite prezidan Preval se pou kontinye plan neyoliberal la, likide tout entrepriz leta ki rantab yo.

Seleksyon lespwa / inite prezidan Preval la se plen palman trèt ak konze pou ranfòse okipasyon an ak plan pou retire peyi ya sou lis peyi endepandan.

Seleksyon lespwa / inite prezidan Preval la se fann Fanmi Lavalas en miyèt mòso e kraze lòt pati politik ki nan kan pèp la.

Seleksyon lespwa / inite prezidan Preval la se kontinye fè pesekisyon politik, kidnapin ak anlèvman politik.

Seleksyon lespwa / inite prezidan Preval la se kontinye vyole dwa fondal natal pèp ayisyen yan .

Seleksyon lespwa / inite prezidan Preval la se kontinye koudeta kidnapin 29 fevriye 2004 la.

Seleksyon lespwa / inite prezidan Preval la se kenbe pèp la nan mizè plis pase jan li ye ya.

Seleksyon lespwa / inite prezidan Preval la se kenbe doktè Jean Bertrand Aristide an ekzil ak tout lòt sitwayen ayisyen ki genyen stati ekzile politik.

Sèl fason pou nou fè echèk ak tout dezòd ak maskarad elektoral seleksyone ya , se pou nou met tèt nou ansanmb, mete de kote enterè meskin ak avantaj politik pèsonèl. Pou nou ka fè prezidan Preval , KEPD , komite entènasyonal la fè bak e frennen machin seleksyon an .

Pou fini Fondasyon Trant Septanm mande prezidan Rene Preval :

1.-) Frennen machin seleksyon an san pèdi tan

2.-) Revoke tout manm (KEPD) Konsèy Elektoral Prezidan Preval / Dorsainvil

3.-) fè konsiltasyon san eksklizyon avèk tout sektè nan lavi nasyonal la pou mete
sou pye yon (KEP) konsèy elektoral pwovizwa

4.-) Bay lese pase pou retou fisik doktè Jean Bertrand
Aristid

5.-) Anile pwosesis amandman konstitisyon 1987 la

6.-) Eleksyon jeneral, enkliziv. Onet, kredib et demokratik 28 novanm 2010 pou n ka retounen nan lòd konstitisyonèl .

Mèsi

Pou fondasyon trant septanm
Wilson Mesilien / kòdonatè nasyonal AI.




"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209