mardi 18 mai 2010

POZISYON FANMI LAVALAS AK TOUT LÒT PATI POLITIK KI VLE SIPÒTE REVANDIKASYON MAS PÈP LA TRÈ KLÈ:

PREZIDAN PREVAL VÒLÈ KONFYANS PÈP LA, LI TRAYI PEYI DAYITI.LI AKIZE DE KRIM DE TRAYIZON.DEMAGOJI YA DWE FINI LA, NOU BOUKE PRAN NAN BLÒF.MOBILIZASYON MANCH LONG.

Nan kat kwen peyi ya pèp la fache tankou kong, yap mande regleman. Sòf moun ki gen bouke zèb nan bouch yo wa ki vle mete yo ankwa a revandikasyon jis ke pèp la ap fè jounen jodiya.

Men prensipal revandikasyon pèp la kise anmenmtan revandikasyon Fanmi Lavalas ke majorite pèp la ap swiv:
SIYEN LESEPASE POU TITID RETOUNEN LAKAY LI.
Mete yon fon pou ede viktim tranbleman de tè yo.
Mete tè leta yo a la dispozisyon moun ki viktim yo ak moun nan diaspora a ki bezwen lwe nan men leta pou bati kay yo.
Otorize twa mwa franchiz pou diaspora a ka ede fanmi yo ki viktim nan tranbleman de tè ya.

Se pou bonjan pwogram konstriksyon koumanse, lojman sosyo Prezidan Titid te fè yo se pou gouvènman Preval/Bellerive la distribye yo epi louvri chantye rekonstriksyon yan prese prese, san pèdi tan.

Sispann konsidere pèp ayisyen tankou pòv kap mande lacharite, nou gen diyite tankou tout pèp e nou gen richès ki ka pèmèt nou viv tankou granmoun.

Reyentegre manman ak papa pitit yo nan djòb yo san pèdi tan.

Dedomaje viktim koudeta 2004 yo menm jan gouvènman Prezidan Jean Bertrand Aristide te fèl pou gnbis yo epi jan Latòti te fèl pou komèsan yo ( 3 zan san peye yon goud taks nan ladwann.)

se pou lavichè ya desann menm jan sa te koumanse fèt sou prezidan Titid la lite konn sibvansyone gaz la.
Se pou pri manje desann menm jan oubyen pi ba pase jan l teye sou Titid la paske gen plis kòb nan peyi ya kounye ya.
Se pou pri lekòl yo bese oubyen louvri plis lekòl leta nan peyi ya.
Se pou yo sibvansyone liv ak inifòm menm jan Titid te konn fèl la.
Se pou yo repare lopital yo epi bati lòt ak lajan èd yo ki antre nan peyi ya.
Se pou gen bon wout nan peyi ya.
Sispann ak monopòl la, malgre Pòtoprens kraze, yon komèsan nan pwovens pa menm ka kòmande menm yon ti bonbon sanl pa pase pa Repiblik Pòtoprens lan.
Sispann kraze pòv pwovens yo, malere pwovens yo bezwen viv tou.
Sispann vann peyi ya an detay, peyi desalin nan pa pou vann ni an gwo ni an detay se sa konstitisyon an di e se pou sa yo te kidnape Titid la.
Se pou gen bon jan kouran elektrik toupatou nan peyi ya.
Se pou gen bon jan eleksyon nan peyi ya, eleksyon onèt e demokratik san eksklizyon, ak tout pati politik yo.
Se pou yo chanje KEP Preval la li fè twòp magouy deja epi manm yo youn ap denonse lòt, yo pèdi tout kredibilite yo, nou pa vle yo ankò.

Se pou gouvènman Preval/Bellerive la bay sekirite pou moun pale jan yo vle, eksprime sa ki fè yo mal lib e libè.
Libere prizonye politik Lavalas ki toujou nan prizon atravè peyi ya.
Sispann fè komisè gouvènman pèsekite militan Lavalas yo.

Sispann kowonp moun ak lajan leta a. Sispann mete zèb nan bouch yon gwoup moun epi pou tout mas la rete nan mizè nwa. Lajan kap gaspiye pou fèmen bouch sèten militan san konsyans te ka bay tout ayisyen manje.

Lèn konsidere ki sa gouvènman Titid la te konn reyalize ak 13 pou rive nan 16 milya goud epi ki jan wap achte moun ak plis pase 100 milya goud, sa se mechanste. Pou tout rezon sa yo nou di ak tout moun e ak tout fòs nou aba Preval/Bellerive.

Nap kenbe yon pozisyon de prensip, nou pap fè koudeta paske nou pa kwè ladann. Pa prensip nou mete yon prezidan nou pa satisfè de travay li e anplis li vòlè konfyans nou, nou gen plen dwa pou mandel demisyon l.

“Le peuple est souverain”



"Yon sèl nou fèb,ansanm nou fò,ansanm,ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
312-735-6297