jeudi 7 janvier 2010

POU 2010 KA BÈL

Manzè lanjelis fèk bite
San l pa menm ko tonbe
Yon lane trepase
Fin koule dènye gout
Koule dènye degout
Rive nan tobout
Jis li rive mete yon bout

Nan kayanbouk listwa
Demilnèf fin fennen
Devide dènye degout
Dènye degout lè l
Dènye degout fyèl
Kite n nan chalè
Chalè lokipasyon
Lokipasyon desepsyon
Chalè lekzil
Chalè lesklizyon
Chalè analfabetis
Chalè grangou
Chalè lavichè
Chalè revokasyon

Anvan demilnèf sefwe
Sèpan dezespwa
Met soutan inikite
Sou po do ipokrizi
Pou kraponnen fidèl
Levanjil zonbifikatè
Pou fè yo di amèn
Pou vèsè tèt anba
Pou vèsè kabouya

Demilnèf te anmè
Anmè pase nanm fyèl
Pase nannan fyèl
Fyèl bèf kabwa
Travay fin debaba
Anmè pou anplwaye
Lespwa revoke
Anmè pou militan
Mnista arete
Anmè pou Ayiti
Ki anba bòt lokipasyon

Demilnèf sefwe
Demilnèf fè vwèl
Men l pa geri
Gou anmè fyèl
Gou kòripsyon
Gou eksklizyon
Move gou lekzil
Ki pa fin chatouyèt
Tout lizyè lalwèt
Tout patizan lepèp

Demilnèf sefwe
Demilnèf demake
Demilnèf anbake
Demilnèf antere
Li kite n nan malè
Kite n ak gou mizè
Li fè n monte kalvè
Malè pòvrete
Kalvè lekzil
Kalvè lesklizyon
Kalvè pèsekisyon
Kalvè pon gongon
Kalvè madichon
Kalvè giyon

Anvan douvanjou
Gentan fin trepase
Anvan douvanjou
Kase lezo
Sou fon lantouray
Letènite men longè
Yon lane tou nèf
Debake
Derape
Depoze
Pote boureTrap de
Demildis
Konsa l rele

Anvan grèg bajou
Koule kafe ti moulen
Demildis debake
Trap de
Brid sou kou
Sa l ap pote
Pou twoukoukou

Pou demildis ta gou
Nan bouch tout site
Ki divòse ak solèy
Fòk katatchapika lanmò
Lanmò pwenn fè pa
Pwenn fè pa depi opa
Ta djage koupe souf
Tou ONG velekete
Asosiyasyon kouyon
Fondasyon bidon
Gage raketè atoufè
Aksyonè anjandre
Kadejakè legal
Volè ak kostim
Estwopyèz ak kikit

Pou 2010 ta vanyan
Pou lespwa ta djougan
Fòk tout vye okipan
Okipan mangouyan
Okipan je drandran
Salopri batanklan
Zantray kayiman
Ta trepase angranjan
Anvan joudlan
Ta debake anpenpan
Ala fete n ta fete
Ala tete n ta tete

Pou demildis
Ta resi bèl
Pou pitit Bèlè
Fòsenklè riyèl anmè
Fòk zam esklizyon
Aganman inikite
Politisyen atoufè
Politisyen bèkfè
Ta aba
Ta kaba
Ta bèbè
Ta bèkèkè
Sispann fè bèkfè

Pou demildis
Ta bèl kou bèbèl
Fòk vèsè lajistis
Tankou bèl tablo penti
Ta blayi nan tout rakwen
Sou latè Ayiti
Pitit madan Toma

Pou demildis ta nèf
Fòk zòtèy mètdam
Ta sispann dòmi
Arebò gran chimen
Pou eskli Lafanmi
Nan konkou zeleksyon
Nan filè Zarenyen
Pou fè lokipan plezi
Pou fè mangouyan souri

Pou demildis
Ta dous
Kou ladoudous
Pou Gougous
Fòk zam lekzil
Ta sispann mennen
Pou zam Mobilizasyon
Ta mennen Titid tounen
Tounen vin fete
Vin remobilize
Vin refè inite
Vin fè inivèsite
Pou libète egalite
Ka vin fratènite
Tout bon vre

Pou demildis ta debyen
Fòk anvan premye janvye
Legim larekonesans
Ta mennen dòk Titid
Tounen vin mennen
Retounen lakay
Tounen vin galgari
Detwa gòje soup cho
Ak tout Lafanmi reyini
Ak kiyè pwogrè

Pou demildis
Ta bèl kou bèbèl
Pou tout ti tchovi
Pitit zantray lakay
Fèy Listwa bliye
Fòk move jèm trayizyon
Move jèm lesklizyon
Ta sispann flannen
Ta sispann tounen
Bon angrè sewòm
Sou boulva rayisman
Pou pikan kwenna
Lesklizyon madichon
Sispann fè bèl bouke
Sou figi Pòs Machan

Pou demildis ka djanm
Ka gen nanm
Ka gen bann
Fòk pepinyè lavi
Ta kwape pakanpak
Pikan kwenna lanmò
Ki tann pèlen nas li
Nan kwen tout kalfou
Anba woulèt talatàn
Ak karako douvanjou

Pou demildis
Ka yon lane jistis
Fòk razwa lajistis
Ta koupe kòd lenjistis
Ka koumandan Nasis
Ta kreve pakanpak
Ta kase koub sèk
Nan katafal lese frape
Ak malere prizon fèmen
Prizon frennen libète l

Pou demildis ta bon
Fòk li ta pot gerizon
Pou kwape tout pichon
Pichon lakòripsyon
Pichon lesklizyon
Pichon lavichè
Pichon lekzil
Pichon revokasyon

K ap kouri san fren
Vin prita flè lespwa
Vre pitit zantray
Yon nasyon tout bon

Pou demildis ta byen
Fòk tout bèt seren
Ta jwenn kay
Jwenn lamanjay
Jwenn ledikasyon
Jwenn jistis
Dis sou dis

Pou demildis ta jis
Fòk demilnèf pa bis
Fòk kle lajistis
Ta fè dis sou dis
Nan louvri tout papòt
Tout prizon lenjistis
Remete an libète
Tout pòt banyè
Pòt banyè rezistans
Katye popilè
Sa a yo GNB salopri
GNB pouriti
Chanpyon pòt pawòl
Levanjil lesklizyon
Levanjil pèsekisyon
Levanjil diskriminasyon
Mitan paj bib oligachi
Rele Rat Pa Kaka
Madan Rat Kokorat
Chimè Bandi Vwayou
Zam sasinay lokipan
Minista rache kou chou
Pou fè bon jan vyann
Nan legim lavyolans

Bon lane demildis
Pou tout patizan
Ki fèmen nan chanm
Prizon lenjistis
Bon lane demildis
Pout tout patizan
Vye zam engratitid
Met nan kanpe lwen
Nan ziltik lekzil
Bon lane demildis
Pou tout peyizan
Ayizan ouvriye
Machann sa k ap batay
Pou Ayiti vanyan

Yon lane madichon
Pèsekisyon giyon
Pou engra okipan
Kadejakè masakrè
Asasen an kostim
Atizan lavichè
Propriyetè atoufè
ONG baz vòlè
Dilapidatè piyajè

Bon lane demildis
Pou Manman cheri n
Ayiti Cheri

J. Fatal Piard






"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209