dimanche 1 mars 2009

29 FEVRIYE 2004, 29 FEVRIYE 2009, PREZIDAN PREVAL NOU PA KA NAJE ANKÒ, GRANGOU KLORÒKS LA FIN KOUPE TRIP NOU

29 FEVRIYE 2004-29 FEVRIYE 2009

Jou 29 Fevriye se yon jou amè li ye pou Fanmi Lavalas, senpatizan ak tout pèp Ayisyen an. Le nou gade pwogram envesti nan moun ke Fanmi Lavalas te prepare pou blayi sou tout peyi ya, ke mesye poutchis yo konplote e kapote. ”Pourquoi pas une école dans chacune de nos 565 sections communales avant l’année 2004?..Il ya va d’une vision profonde. La ou il ya a une école, il faut aussi un centre de santé pour vacciner les élèves; un centre de microcrédit pour les parents dont les projets économiques exigent infrastructures (routes, transport, télécommunications). Avant même de parvenir a la construction de ces routes, on se trouve déjà sur l’autoroute de la décentralisation. Condition sine qua non pour un développement durable.” Dixit Dr. Jean-Bertrand Aristide.

Lè nou gade apre senkan koudeta Prezidan Aristide toujou nan kanpe lwen, pandan ke Prezidan Preval ap taye banda ak tout defakto ki pat vle l te sou pouvwa a e ki pat ka mete l sou pouvwa a. Nou menm nan Komite Fanmi Lavalas Kap Viv Lòtbò Dlo, rele anmwe e nou dekrete yon mobilizasyon manch long san pran souf ki ka menmen Prezidan Aristide retounen andedan peyi a rapido presto. Prezidan Preval te di nou gadel nan je, la gade n nan je, nou dil jounen jodi a nou pa ka naje pou n soti paske grangou kloròks fin koupe trip nou, paske bato nou anba dlo se li ki reskonsab, si l pa fè atansyon se li ki pra l bezwen naje pou l soti e nou swete ke l pa nan grangou.

Lè nou konsidere:
1) Deklarasyon inivèsèl dwa moun, ki rekonèt dwa chak moun sou la tè genyen pou yo viv nan diyite, sekirite, dwa pou yo fé pwòp desizyon pa yo, viv ak la pè nan tèt ak lapè nan vant;
2) Konstitisyon 1987 la ki se manman lwa peyi ya e li pa rekonèt ni koudeta ni ekzil;
3) Ke Prezidan Preval konn kisa ki dwe fèt pou Prezidan Aristid retounen, men li toujou chita sou kabwèt trayizon l
4) Tabo Mbeki pa Prezidan Afrik di Sid ankò, sitiyasyon Prezidan Aristid pa stab, Prezidan Preval konnen ke ekzil la se yon sitiyasyon ki rèd anpil
5) Prezidan Préval apre senkan koudeta toujou kenbe Prezidan Aristide nan kanpe lwen
6) Apre senkan koudeta, menm defakto yo pat janm di Lavalas pa ka ale nan eleksyon, menm lè yo tap fè manipilasyon kon Prezidan Preval
7) Lè nou konsidere ke andedan prizon peyi Dayiti gen anpil prizonye politik, militan Lavalas
8) Pèp Ayisyen an vote Prezidan Preval pou Prezidan Aristide kapab pi pre. Men se pi lwen Prezidan preval voyel ak tout Lavalasyen yo
9) Prezidan Preval pa respekte okenn angajman li te pran douvan pèp Lavalas la
10) Pèp Lavalas la toujou nan grangou, prizon, mizè, lavichè

Nou Dekrete:
1) Mobilizasyon manch long, san pran souf pou ANA KWA ANA , sa vle di pou fasafas la ka fèt pi vit.
2) Prezidan Jean-Bertrand Aristide dwe retounen nan peyi dayiti, san pèdi tan, jan pèp la reklamel, e jan Konstitisyon 1987 la ekzijel. Se pou sa Fanmi Lavalas mande tout manm ak senpatizan òganizasyon an rete mobilize jiskaske Prezidan Aristide retounen;


3) Anba konstitisyon 1987 la, pou tout ekzile politik retounen nan peyi a san kè sote.


4) Pou tout moun ki nan mawon andedan peyi ya akòz de pèsekisyon politik pou yo retounen lakay yo pou yo ka viv nan mitan fanmi yo nan la pè ak sekirite e pou yo ka manje tou.


5) Pou tout prizonye politik yo san eksepsyon jwenn liberasyon yo san kondisyon, jan manman lwa peyi ya, lwa ki an vigè nan peyi ya ak konvansyon entènasyonal yo mande sa.
6) Pou tout desizyon lajistis pran e definitivman sou kesyon prizonye politik yo
7) Restitisyon ak reparasyon pou tout viktim koudeta yo
8) Fanmi Lavalas deklare yon lòt fwa ankò li pa kwè nan vanjans e li kont tout kalite fòm vyolans. Men nou dwe rete mobilize.




YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM ANSANM NOU SE LAVALAS.