jeudi 10 décembre 2009

Platfòm Oganizasyon de Baz ak Viktim Leta yo (PLONBAVIL)

Pòtoprens, le 8 Desanm 2009

Konferans pou laprès

PLONBAVIL ki se Platfòm Nasyonal Òganisasyon de Baz yo ak Viktim Leta yo salye laprès pou akonpayman yo nan lit mas pèp ayisyen yan e li salye popilasyon an nan 4 kwen peyi ya pou kouraj li ak rezistans li anba fòs fènwa yo kap koupe rache nan peyi ya depi djab te kaporal, aprè yo se yo.

PLONBAVIL konstate depi aprè Prezidan Préval monte sou pouvwa a se represyon masiv lap fè sou mas pèp la tankou : Revokasyon ilegal, gwo ponyèt, san dedomajman nan APN, ONA, Teleko, SMCRS, OAVCT elatriye.

Lè n konsidere sosyetè viktim koperativ yo toujou nan lari ap mande lajan yo te vòlè pou yo.

Lè n konsidere etidyan inivèsite Leta yo kap mande refòm ak bon jan fòmasyon nan inivèsite Leta a, olye yo satisfè revandikasyon yo, yo fè inivèsite ya tounen kazèn, bonbade etidyan yo ak gaz lakrimojèn, kidnape yo, mete yo nan prizon.

Lè n konsidere depi Préval monte sou pouvwa a, li achte tout sendika jòn yo, patikilyèman gwoup 13 la, pou l ka toufe tout revandikasyon ouvriye, timachann yo ak tout lòt viktim gouvènman kraze zo Préval la.

Lè n konsidere jan eleksyon 19 avril ak 21 jen yo, kote yo te fè dappiyanp sou tout pòs senatè yo.

Jounen jodi ya nou konstate Prezidan Préval mete sou pye yon KEP mafya pou fè pike kole pou l ka ofisyalize diktati li vle tabli anndan peyi ya, pandan li mete majorite nasyonal la ak plizyè pati politik deyò nan eleksyon yo.

Lè n konsidere deblozay, lòbèy ki pete nan klèb entènasyonal, kote yo
bare manm Inite Titanik lan nan vòlè nimewo, nan tiraj la.

Lè n konsidere 26 pati politik pran pozisyon trèklè pou yo pa al patisipe nan maskarad elektoral sa a. N ap pwofite di yo nou pran ak e peyi ya pran ak.

PLONBAVIL konstate KEP-Préval-Opont-Dorsainvil la pa gen okenn kredibilite ak moralite pou òganize eleksyon kredib, onèt ak demokratik nan peyi ya.
Se poutèt sa, nou mande KEP restavèk sa a rache manyòk li san pèditan. N ap pwofite mande kominote entènasyonal la pou l pa finanse eleksyon chanpwèl sa yo.

Pou n fini, n ap mande popilasyon nan tout kouch nan sosyete ya pou yo leve kanpe kont koudeta/elektoral palè nasyonal ap manniganse kont pèp la.

Nou mande fòmasyon prese prese yon lòt KEP jan atik 289 konstitisyon 1987 la mande l. Se sèl kondisyon pou gen bon jan eleksyon lib, onèt ak demokratik nan peyi ya.

PLONBAVIL apiye san rezèv petisyon yon gwoup sitwayen mete deyò kont KEP ya, e mande tout popilasyon an vin siyen l jou jedi 10 Desanm nan sou plas konstitisyon an ak plas Dèmati yo sou Channmas la.


Viv Lit pèp la ! Viv bon jan eleksyon san fòs kote!


Pou Platfòm nan :


1- Fanm Viktim Koperativ Rachelle Fondechene Tel: 3489-9603
2- AEVT Delianne Hérold Tel: 3827-8043
3- APN Mercier Hugues Tel: 3907-9627
4- SMCRS Ronald rodolphe Tel: 3611-8921
5- RONMFL Romestil P. Melisca Tel: 3780-7192
6- ONA Gardy Lumas Tel: 3754-9878
7- CONAMSI St-Louis Jean Fabiol Tel: 3496-8870
8- ASCADAR Joseph Fritznel Tel: 3931-9875
9- UV-5 Choisy Francilome Tel: 3731-9699
10- TEMPO Lamoussé Borgella Tel: 3606-5278
11- Fanm Vanyan Magloire Myriame P. Tel: 3606-1133
12- SOMAP Cajuste Frenel Tel: 3685-7223
13 GAPDB Hervé Aubin Tel: 3650-3094
14- UJADIN Elizabeth Codada Tel: 3493-4405



"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas".
P.O.BOX 2252 Fort Pierce, Florida 34954
info@fanmilavalas.net
www.fanmilavalas.net
954-670-9209