mercredi 8 juillet 2009

“Aba lesklavaj! Aba salè mizè 70 goud la! 200 goud la, yo dwe nou li depi digdantan deja!”.


NON! Sa pa fè nou pè! Vre pitit Desalin yo pap negosye bout tè sa a. Kreyòl pale, kreyòl konprann. 2 kan yo klè. Yo gen pou pi klè toujou. E SE NAN LIT LA Y AP PI KLÈ TOUJOU. Kreyòl pale, kreyòl konprann!
ABA LEKSPLWATASYON!
ABA BOUJWA SOUTRETANS YO!
ABA LOJIK SANGINÈ SOUTRETANS LAN!
ABA POUVWA SOUSOU-MAGOUYÈ-MISTIFIKATÈ KI LA A!
ABA MINUSTAH!

200 GOUD LA POU PI PITI!
TOUSWIT!
VIV LIT KLAS OUVRIYÈ A!
VIV LIT KAN PÈP LA!
VIV LIT TOUT REYÈL PWOGRESIS YO!

Lendi 3 dawout 2009, se an twa tan manifestasyon klas ouvriyè a devan Pak Endistriyèl SONAPI a devlope: twa tan, apre yon preyanbil.
Preyanbil la, se tout peryòd premye vòt pwojè lwa 200 goud la. Vreman vre, anfen, apre 2 lane depite Benwa te fin depoze l lachanm - depi mas 2007 (!!!) - depite ak senatè yo, nan yon jès istorik (menm si an reta), te vote lwa ki resi ajiste salè minimòm lan. 200 goud li di, pou jounen jodi a. E, menm si nou te twouve l ba, etan done reskonsab ministè Afè Sosyal yo, an bon sousou, te toujou ranpli wòl ‘pwoteje patwon’ yo, nan pa janm aplike lalwa e ajiste salè minimòm la kòmsadwa [ sètadi: chak lane fiskal kote enflasyon an depase dis pou san (10 %) ], e ke kote prezidan Preval, ki se “garan bon fonksyònman enstitisyon yo” (sipozeman) men, an bon sousou pannan, pa t janm nonplis asire pou ministè afè sosyal sila a ta fè aplike lalwa, kidonk apre tout mankman mank e melanj an favè laboujwazi a, palman an te resi vote lwa ajisteman sila a.
Preyanbil la, se, toujou, lit vanyan etidyan yo ki, konsène e antanke sitwayen pi konsyan pase lòt, te mobilize, vre, ak fòs e ak tout kè yo, pou egzije ajisteman minimòm sila a. Pandan tout tan sa a, nou menm nan Batay Ouvriye, apre premye me nou te fin konstwi a ansanm ak lòt òganizasyon ki te prezan yo (wè rapò sou manifestasyon sila a), kote fòs represif lapolis ak Minustah yo te ranpli wòl yo nan bloke nou (jan apatenans yo anba lezòd e nan enterè klas dominan yo egzije yo) pandan tout tan sa a, kidonk, nou t ap piplis konstwi pouswit pratik la, oryantasyon li ta dwe pran, pandan nou t ap apiye, ak kapasite nou kapab men san rezèv, lit ak mobilizasyon etidyan yo. A chak moman, nan tout diferan pakou mobilizasyon etidyan yo t ap pran, nou te toujou note - e fè remake - akèy popilasyon an ki, ak yon souri-lakontantman laj... laj e tou louvè, te toujou ap leve pwen li, san regrè, san rezèv, nan pasaj mobilizasyon yo. Preyanbil la, se, toujou, lit vanyan etidyan yo ki kenbe djanm, jouk jounen jodi a.
Men, preyanbil la se, tou, manèv prezidan Preval. La, vreman, jan zanmikamarad Modèp yo te siyale, nou pa t janm ka sipoze yon bèbè te ka pale konsa, nou pa t janm sipoze yon “vagnè” (ki pa t gen pwogram – antanke kandida!! – ki, lè bato koule kote Ayisyen ap mouri neye nan fon lanmè, di: “degaje nou naje pou sòti!!, lè yo koupe tèt yon konpatriyòt nou sou laplas piblik nan Santo Domingo!!!!!!, di: “se pa pou mwen sa”... ... ...!), nou pa t janm sipoze yon vagnè siperyè konsa te ka aktif jan l vin aktif la lè asosye boujwa soutretans li yo vin an danje. E: ki danje? Lè yo pa t janm ajiste salè a depi 2003; lè, ant 2003 ak 1995, sa te fè deja 8 lane ilegal san ajisteman; lè, ankò, ant 1995 ak 1984 sa ajoute 11 lane (!!!) boujwa yo t ap penpennen ilegalman, san konte 3 lane avantaj yo ba yo anba defakto yo te mete sou pouvwa an 2004 la, san konte fo rapò yo bay DGI, san konte enpinite y ap jwi andedan izin yo, kote y ap revoke ouvriye pou dan griyen, fè kale ouvriye, jouk youn alatik jounen jodi a; san konte, san konte, san konte... ... ... Vreman vre, preyanbil la, se, tou, “jestikilasyon” yon maryonèt k ap ...“naje pou soti”. Sòf ke “jestikilasyon” sa yo, se jestikilasyon sanginè! Kote yon sousou boujwa vle fè konprann l ap “reflechi” pandan tout moun wè aklè l ap aji! Ak bidjè leta a, bidjè kontribyab yo, bidjè pèp Ayisyen an! Li menm ansanm ak “sektè prive” l la, ansanm ak fo chomè “nasyonal-nasyono” yo envante a, ansanm ak tout pwofitè-granmanjè nasyonal-nasyono yo... y ap naje nan syè ak nan san travayè yo. Se ekspresyon yon fayit konsome tout moun wè aklè, nan benefis miltinasyonal lwa Hope la ratifye, ak kèk miyèt pou mandyan diyite yo, pou sanwont yo.

Se sa k fè YO reyaji.

Pandan yo kite preyanbil la fin dewoule-layite kò l, y ap swiv, y ap gade, pandan yo konnen, veritab fòs la, se yo. Anfas Preval ansanm ak tout boujwa soutretans l ap pwoteje yo, si ...yo, si klas ouvriyè a li menm di “nou pa dakò”, kidonk: “pwodiksyon an pap ka kontinye, pap kontinye, anba lezòd lesklavaj sa a, anba kout je mistifikasyon ki alòdijou a”, kidonk si nou pa dakò, ANYEN pap mache. Nou menm ki konnen, vle pa vle: “nou se wowoli nan mitan pitimi, men kant sant nou va leve, yo pap ka kenbe l”. Vreman vre, mesye dam jounalis k ap “reflechi” yo, entelektyèl “lagòch” k ap chache siviv yo... “lè fòs sa a va leve, n a wè si se mo, n a wè si se ma”.

Se sa k fè, nan Batay Ouvriye, nou dirije nou nan milye a, nan bouyon an. Se toulejou nou toujou la, se milye sa a ki se nou. Men, fòk blokaj 200 goud la te rive pou tout fòs pwogresis yo te ka rejwenn jèm yo la. Ni jèm yo, ni lavni yo.

Nan premye tan an, tankou toulejou, militan Batay Ouvriye yo distribye entèvansyon ki nesesè a. Entèvansyon sa a make mobilizasyon, men li make laperèz tou, laperèz represyon-enpini a pèmèt, nan san ouvriye yo:

Kamarad ouvriye, ouvriyèz :
Nou konnen jan tarif la ap pete fyèl nou, jan modil la ap peze nou, demanbre klas nou, izole nou youn ak lòt..., jan lamizè ap kraze nou: jan lespwatasyon ap fin detyi nou. Jounen jodi a, yon mobilizasyon kanpe djanm pou rache yon vye 200 goud boujwa yo dwe n e ke palman an deja fin vote. Boujwa yo, ansanm ak prezidan yo a, kanpe an kwa. Pandan tan sa a, mèt faktori yo deja ap fè revokasyon, ogmante tarif pete fyèl la, egzije nou lè siplemantè yo pa peye, ti krik ti krak bay sispansyon, ata kale y ap fè kale ouvriye, jouk kamarad Renaud alatik nan Ofatma! Pandan leta a pa leve ti dwèt li, ofansiv reyaksyonè yo ap vale teren.
Poutan, klas ouvriyè a, an gwo, rete bouch be, l ap sibi, li pè! Ala traka, ala tristès lè yon moun rive pè, nan yon travay, nan yon peyi. Poutèt yon oryantasyon ekonomik tèt chat, yon lese grennen yon leta manfouben reyaksyonè. Pè boujwa: ala yon mal k ap fin detyi nou!
Nou menm, nou di NON! Pa di djab la bonjou l ap manje w, di l bonjou l ap manje w kan menm, l ap manje w pi rèd!
Fòk 200 goud la asire, pandan ajisteman salè yo pa t janm vle fè a vin nòmal e regilye, chak lane, dekwa pou travayè ka viv! Fòk travay nou asire! Fòk leta kontwole pratik abitrè mèt faktori yo e rive entèdi revokasyon-presyon-politik boujwa yo soti pou fè! Fòk leta pran responsabilite li devan nou menm travayè e fè boujwa respekte lalwa! Fòk kondisyon travay nou asire, kote pa dwe gen ni presyon manadjè, ni dominasyon boujwa!
AN NOU TOUT MOBILIZE POU RACHE DWA NOU KÒMSADWA ! NOU KAPAB ! Aba manèv, malvèsasyon ak ekzaksyon boujwa! Aba leta kowonpi sa a, tchoul boujwa! Viv yon peyi lib e endepandan!
VIV LIT KLAS OUVRIYÈ A! VIV LIT KAN PÈP LA!


www.fanmilavalas.net