mercredi 23 mars 2011

RETOU, REZILTA REZISTANS

Nobama bòs papa
Sak ta di sa
W ta lawon awousa
Awousa manzanza konsa
Nan jimnastik rablabla
W ta soti konsa
Pou w pran ti pè a
Sèl grenn lidè pèp la
Nan patannte mera
Nan kou RETA
Jeretyen kou dEta
Bouch pitit ak papa
Te met ak Chirak la
Pase jis Kanada
Pou bay lidè a
29 fevriye ya

Katastwòf koudedta
Ekzile l jis laba
Nan ziltik Sid Afrika
Ou menm Nobama
Ak depatman kou d Eta
Soti pou bay Kou RETA
Pou w fware retou wa
Pwazonnen batay pèp la


Nobama bòs papa
Nobama mazanza
Non non bòs awousa
Pa fè sa
Pa al kwè sa
W pa ka wè la
Wa sezi wè sa
W pap ka sis la
Titid ak mas pèp la
Se de marasa
Titid ou wè la a
Pa yon nonm konsa

Se pa premye fwa
Blan meriken awousa
Boukannen jèm lespwa
Jèm lespwa pèp la
Nan flanm dife koudeta
Men mobilizasyon la pou la

Revandikasyon mas pèp la
Alawonnbadè pasi pala
Fè l tounen nan kò kay la
Vin mennen batay la
Gwo batay pou lavi a
Fleri pasi pala
………………Olala
Pou lavi pa faya
Pou lavi ka gaya
Sou fontenn Ayiti Toma

Nobama pa fè sa
Ou san wont konsa
Pa koute nonm Sakozi a
Chanpyon nan vye rat la
Ki met ak awousa
Al kraze pèp Libi a
Se pat rèv la sa
Rèv Maten Litè ya
Bèl rèv lite fè ya
Pou nwa leve kont nwa
Fè rasis kont nwa
Pou fè blan awousa
Plezi la pou la

Depatman kou dEta
Ekzile ti pè ya
Jis la ba
Sèt lane ak yon mwa
Nan ziltik Sidafrika
Kay Jakòb Zouma
Detan malfèktè Minista
Benyen ak dlo kolera
Nan tout kwen kay la
Touye jèm lavi ya
Pasi pala nan Dèlma

Pèp ki konn batay
Voye plizyè fay
Sou diplomat zagribay
Ipokrit konsa Ayayay
Edmon Milèt an maskay
Didye le Bwèt pil pay
Ak Depatman an Detay
Met avèk Nobamay
Pou bay Titid may
Pale pawòl retay
Men titid Nèg Feray
Pa pran nan vye may
Obama ak Sakozi bay
Li tounen lakay
Vin ede n pote chay
ki sou kou nèg Lakay

Nen pran move kou
Nobama ou ban nou
Je kriye kou koukou
Lavalas nan tout lakou
Pa janm met ajenou
Se vre l pran kou
Men l batay pou retou
Batay kont lougawou
Ak tout lòt vye koukou


Ayopò te fleri
Ou te wè m si
Lè Titid ak fanmi
Debake ak souri
Patizan jèm Lavi
Di Titid byen vini
Bon retou Ayiti
Vin simen grenn Lavi
Vin wouze jèm Lavi
Pou Lavi ka fleri
Sou figi Ayiti
Jouk mayi mi

Titid ret je klere
Lepèp ap ride w veye
Ride w veye move je
Move je anjandre
Ki gen ponyen pwa grate
Pou fè tè tranble
Katastwòf tout kote
Nan jimnastik pou fware
Batay pèp tout kote

Pèp Lavalas fete
Pèp Lavalas plezire
Lè Titid debake
Blan move je
Yo di rete
Gade gade gade
Ala pèp ka lite
Menn pap kite l repoze

Rezilta rezistans nou
Se rezilta retou
Titid frè nou
Pèp nan tout lakou
Fou pou wou
Vin ede nou
Konbat lougawou
Ak kolera maklouklou
Titid ou fout GOU
BON RETOU
LAKAY OU






"Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm, ansanm nou se Lavalas"
CFLHO
P.O.BOX 2252
Fort Pierce, Florida 34954
http://www.fanmilavalas.net/
info@fanmilavalas.net
312-735-6297